PRA Actualités

PRA Actualités

Compartir

PRA Actualités est là pour vous satisfaire en matière d'information. PRA Actualités ankourajew renmen lakay

Ti rivyè latibonit,se palais 365 portes,Fort crête à Pierrot,L'estère Beach,Fleuve Artibonite ak anpil lot potansyel tankou mine sable ak gravye.

27/05/2026

Men yon bel randevou👇👇👇👇

27/05/2026

Mercredi 27 Mai 2026

KOMIN Tirivyè latibonit leve kalm sou majorite seksyon kominal yo plis sant vil la
Depi byen bonè nan maten nou remake anpil moun komanse ak aktivite abityel yo
Machine ak moto taksi kap pote pwovisyon tankou
CHABON, FWI, AK LEGUM, LALO, BANNANN elatriye
Pwodwi sa yo kap soti nan divès seksyon kominal tankou
Savannawoch, deland, at jimal, plasak, jimel,chen kawo, Andan lavil ki pote anpil diri sou mache piblik nan bouk tirivyè latibonit

Pou premye ak dezyem seksyon se zon danjere pa gen oken trafik nan zon sa yo, ki toujou sou kontwol teworis gran grif yo

Pou sant vil la, Tout bagay kalm moun yo ap vakye ak okipasyon yo
Elev yo
Machann yo
Ti biznis yo

PNH ki toujou prezan sitou nan aswè polisye yo pa janm domi

-ACTUALITÉS

Photos from PRA Actualités's post 26/05/2026

LUNDI 25 MAI 2026

Aswè nou te deside vizite RUE BOISROND TONNERRE ki rantre nan lojik klere katye yo

Mete lanp soley koumanse rete pi bon mwayen pou klere katye yo, jodi a moun kap viv nan sant vil la kenbe pratik sa e dives katye komanse byen klere

Bravo moun RUE BOISROND TONNERRE

SEKIRITE

-ACTUALITÉS

25/05/2026

330 pwen pou FATIMA nan match Jeni jodi a
Fas ak ECADHO ki fè 120 pwen
Se yon ESKÒ ki laj, nap mande dirijan yo fe yon travay ak elev ecadho yo pou pwochen ane a

Ann kontinye pouse ledikasyon nan komin PRA

-ACTUALITÉS

24/05/2026

🌧🌧
Bel lapli sou vil PRA ak plizyè seksyon kominal ki anviwonnen li yo

Kote ti mesye ki renmen jwe foutbòl anba lapli yo???😀😀😀😀

24/05/2026

DIMANCHE 24 MAI 2026

Aprè yon bon lapli fin tonbe sou bouk tirivyè latibonit se moman GENIE PACIFIQUE DE LA BELLE RIVIERE kote
CPNDAP nivo S4
vs
BETHANIE nivo S4

Match balanse moun yo ap rive
Vini sipote pou 50gdes

-ACTUALITÉS

23/05/2026

YOUN nan pi bel foto jounen FOIRE GASTRONOMIQUE 21 Mai 2026
Nan lekol IEB a
📸🤗

-ACTUALITÉS

21/05/2026

KAY MADAM Fè pi gwo pwen Jeni an depi lè li komanse
Yo soti premye nan poul la

Se yon gwo gwo gwo EKSPLWA 🤝🤝

Vin koute👇👇👇👇

Photos from PRA Actualités's post 21/05/2026

CPNDAP ak KAY MADAM nan nivo 9em toujou vini ak yon piblik jenn, yap teste konesans epi pran ti plezi yo tou nan mizik kap jwe yo

Pou anpil kap gade de lwen, se yon kominote ki soufri ki ap reprann vizaj li timidman

CPNDAP ki soti plasak 3em seksyon
KAY MADAM nan bouk tirivyè

Match la bel, jodi a se pou gade kiyes kap fini premye ak dezyem

-ACTUALITÉS

21/05/2026

JEUDI 21 MAI 2026

LE PRIVE NIGHT CLUB apre midi a se match klasman pou konnen kiyes nan 2 lekol la sa yo kap premye e dezyem

CPNDAP vs ECOLE MADAME PAGEOT

Vini asiste pou selman 50gdes

-ACTUALITÉS

¿Quieres que tu empresa sea el Salón De Belleza mas cotizado en Santiago?
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.

Categoría

Página web

Dirección

Santiago