dekouvri Saw pat konnen

dekouvri Saw pat konnen

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de dekouvri Saw pat konnen, Santé/beauté, Port-au-Prince, Delmas.

11/08/2024

Votre succès dépend en grande partie de vos actions. Vos actions dépendent de vos sentiments.vos sentiments dépendent de vos pensées. Vos pensées dépendent de vos paradigmes. Alors si vous voulez apporter des changements réels dans votre vie, vous devez contrôler votre entourage et prendre de bonnes décisions.

17/07/2024

Tant que vous n'essayez pas vous ne savez pas si vous êtes capable ou pas!

17/07/2024

En choisissant de ne pas donner ce que vous devez vous vous appauvrissez

24/05/2024

Si'w gen yon mantal ki ase fò, l ap rive mennenw kote kò w pa kab mennenw.

16/05/2024

Li trè difisil e menm enposib pou sak soti anndan w lan diferan de moun ou ye an.

09/05/2024

Kamarad
Ou mete bèl Mas
Wap mandem felisitew pou bèl rad?
Èske mas ka rad?
Antouka se ou ki dim maskarad.
Mw m konnen Mas pa rad. Si'w vle ou kab tounen chaloska, mete Mas al sou Channmas bay bèl parad
Men toujou mete nan tèt ou Mas pa rad

22/04/2024

Bonjour !
Non mwen se *Pierre Lauders*. Mwen se yon *Distributeur produits AMWAY*

Pwodui sa yo regwoupe yo nan 4 domèn tankou:
1) *sante*
2) *swen kòporèl*
3) *bote*
4) *netwayaj*

Men kèk pwodwi nou genyen:

*Garlic* pou stabilize tansyon

*Glucose healph* pou moun ki diabetik

*Cal mag D + Joint healph* pou moun ki fè atwoz

*Omega* pou sante kè, zye ak sèvo

*Iron folic* pou moun ki anemi

*Prostate Healph* pou gason ki depase 35 an fè prevansyon kont pwostat

*Double X* pou nou mete ekilib nan kò nou, konble tout karans nitrisyonel, anpil enèji

*Body Key* pou moun ki bezwen boule grès nan kò yo, kase vant

*Chewable* pou moun ki gen pwoblèm kis nan kò yo

*Vitamine C* pou nou ranfòse sistèm iminitè nou

*Clear guard* pou moun ki gen pwoblèm respiratwa, pou chase *rhume*

*Fiber powder* pou moun ki bezwen netwaye estoma yo, entesten yo.

*Liverpool support* pou moun ki bezwen netwaye *foie* yo.

*Savon miel, savon blanc, krèm, deyodoran dantifris, ben de bouch, rafrechisè alèn, chanpou, luil pou cheve, etc.*

Yon pakèt pwodui ekstraòdinè kap edew rezoud anpil pwoblèm.

Si sa enteresew pa ezite kontaktem. Ou kapab ajoutem nan lis kontak ou tou pou kapab wè imaj pwodui yo sou pwofil mwen.

Mèsi pou konpreyansyon w!

06/04/2024

Pa bay frè w oubyen sè w yon tretman ou pa tap swete yo ba ou. Se sa la sajès.

04/04/2024

Èske se lekòl ki fòme moun ki rele tèt yo jounalis yo ki pa bon oubyen se mechanste yo. Nan chèche pou yo gen plis ekout yap kraze brize ak bouch yo. Jounalis peyi Dayiti pa respekte pouvwa pawòl ditou. Anpil bagay ki rive la a se swadizan jounalis yo ki mete nou la. Se nouvèl yap bay kite yo bay nouvèl.

09/03/2024

*Mwen fè yon gwo rèv*

Mwen reve yon peyi kote ke tout moun dakò mete tèt yo ansanm pou yo fè yon *rekonsilyasyon nasyonal*. Toupatou kotem pase m tande tout moun tap pale yon sèl koze: *Ann sove sa ki rete yo*.

Mwen paka konn konbyen tan rèv la te dire. Menm te wè anpil bagay. Mwen te wè yo fè enstriksyon sivik ak moral tounen yon priyorite nan tout lekòl. Tout chèf fanmi yo te tonbe enstui pitit yo sou valè ak diyite moun genyen nan yon peyi. Lamenm tout timoun yo te gentan tounen filozòf angaje. Yo tout tap repete yon sèl bagay, yo tap di: *Ayiti pa sa yo dil ye a vre, men li se sa noumen nou vle fè avèk li a.*

M pa konn konbyen tan sa te pran pou fèt. Menm wè tout moun te gentan konprann yon bagay. Yo te di: *nou sispann eskòpyon kap pike pwòp tèt li, kounye a annou fè yon chèn solidarite pou nou sove peyi nou*.

Se konsa m te wè tout chèf baz yo pran konsyans. Yo chèche yon gwo kamyon epi yo pwonmennen chèche tout zam nan tout ti kwen yo fè yon gwo koli, yo kondui l bay lapolis. Chèf prensipal yo menm te mande lapolis pou fè yo peye tout krim yo te fè. Men olye lapolis te arete yo se te gwo akolad ki tap tonbe. Moun sa yo pat tonbe anba men ministè lajistis men pito sou kontwòl ministè edikasyon nasyonal ak ministè zafè sosyal ak travay, m pa ka di pouki rezon sa te fèt konsa. Sèlman m te wè anpil moun ap chante yon bèl kantik: timoun kòm granmoun tap di: *gwo van an sispann soufle sou Ayiti, kounye a se lè pou lapli delivrans lan tonbe poul pote ale tout san inosan ki te koule yo, poul pirifye tè a, pou bon grenn jèmen epi pote bon fui pou yon lòt Ayiti.*

Mw tap chèche yon ti sachè plastik nan lari m pat jwenn. Paske tout moun te mete men, tankou te gen yon *konbit nasyonal*, yo netwaye peyi a nan yon batje. Anpil moun te kòmanse desann kloti lakay yo paske yo tap viv san kè sote. Mw te wè yon pakèt tab ranje nan tout lari. Se tankou ta pral gen yon *selebrasyon nasyonal* nan tout peyi a. Anpil moun nan lòt nasyon tap chèche mwayen pou antre nan péyi a pou te kapab viv gwo evènman sa a. Se toupatou nan lemonn antye yo tap bat bravo pou Ayiti yo tap di: *men kisa moun nwa yo ka fè.*

*Pataje mesaj la bay tout moun ki nan kontak ou jiskaskel retounen vin jwenn mw lè sa a map voye 2e epizòd la pou ou*

06/03/2024

Mesaj pou tout ayisyen ki nan kat kwen peyi a ak nan lemond antye.
*Aprann byen kominike pou nou kapab transfòme.*

Gen moun ki pap vle kwè l paskel parèt twò senp. Men map raple pou moun ki te konn sa deja epi enfòme moun ki pat konsyan de sa: *pa gen anyen nan lemond, absoliman anyen ki kapab reziste kont puisans laparòl.* Pa etone si nou aprann ke se fason nou kominike ak tèt nou oubyen ak lòt moun ki mete nou kote nou ye la a jodi a.

Chak pawòl yon moun pwononse se tankou yon wòch kew lanse. Aprè w fin lanse wòch la pa gen mwayen pou repran l ankò tout otan li pa fè sal gen pou fè a. Ann di ke ou kapab voye yon wòch pou fè byen konsa tou ou kapab voyel pou fè mal. Tout tan nou pa pran konsyans ke pawòl ki soti nan bouch nou chak jou, imaj nou fòme nan lespri nou kapab swa beni nou swa detwi nou, nou pa kapab panse ak yon demen miyò. Nou Ayisyen nou santi n pi byen lè nou kritike e poutan nou te kapab chwazi padone olye nou kondane.

Gwo kesyon tout moun ap poze tèt yo se Kòman nou fè rive la? Kisa ki lakòz? Kòman pou nou soti nan sa?

Ann imajine pandan kelke segonn, tout ayisyen kèlkeswa kote yo ye ta di pawòl sa a: *Mw renmen Haïti malgre janl ye a. Mwen kwè gen espwa pou li, nou kapab chanjel. Nenpòt sam ka fè poum pote kontribisyon pam, map fèl san kondisyon. E sim dwe kòmanse se jodi a menm.*

Pa egzanp youn nan kontribisyon kew kab pote se pataje mesaj sa a avan menm kew fin lil.

*Rezilta* nou yo soti nan *aksyon* nap poze
*Aksyon* nou yo soti nan sa nou nouri kòm *santiman* ( emosyon )
*Santiman* nou yo soti nan *panse* nou
*Panse* nou yo soti nan jan nou *pwograme*.

Kote pwogram sa a soti menm?
Enbyen se pa lòt bagay ke sa nou tande nan anviwònman nou, nan fanmi anba bouch granmoun, nan legliz, nan lekòl, nan radyo, nan bouch zanmi nou. Pwogram sa a pi solid pase yon lojisyèl deksplwatasyon kew mete sou yon òdinatè. Avèk pwogram sa a yo pwograme nou pou nou toujou rete kote nou ye a. Men si nou gen volonte nou kapab sòti. Repwograme lespri nou pou nou panse yon lòt fason. Sa ki gen plis limyè yo ede lòt yo ki manke konprann. Ede yo konnen kisa yo kapab fè. Nan tout legliz nan tout klèb, nan medya yo nan fanmiy nou ann aprann panse pozitif. Ann aprann pale pawòl ki pozitif. Nou gen lontan nap kritike, kondane, jije, korije anyen pa chanje. Kounye ann itilize yon lòt metòd. An nou pale pozitif. Ayiti kapab chanje lè chak moun chwazi pou chanje tèt yo. Pa gade sou lòt moun, fè saw dwe fè a. Chak jouw leve mande tèt ou kisam dwe fè pou ede peyim avanse sou wout chanjman an.

Anpil jounalis, anpil politisyen rive bay moun ki pa konprann sans aksyon yap poze yo bèl ide pou yo avanse nan sa yap fè a paske yo chwazi imajine sa ki negatif la olye yo panse epi pale sa ki pozitif.

Mezanmi lè a rive, ann fè yon konplo pozitif pou nou sove Ayiti.

Imajine sa ki byen an, nouril nan lespri nou, pale l byen fò tankou nou te pèdi tèt nou. Linivè ap koute nou e lap aji selon sa nou di.

15/02/2024

Si vous ne pouvez pas vous contenter d'un poste d'exécutant ne contactez pas Réal Madrid. Car il ne reste plus de places de leader. Elles sont déjà toutes occupées. Faites passer le message à Mbappé svp!

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince
Delmas