Dayou Shic&Choc
Le succés repose sur la volonté.
L'amitié s'enrichit de tout ce qu'elle donne.
Le mal retourne a celui qui le fait
Ce qu'on observe dans notre vie est le résultat de nos actions.
03/10/2025
ÈSKE YON MANMAN KI GRIPE DWE KONTINYE BAY TETE? ÈSKE L P AP ENFEKTE BEBE LI A?
W AP BAY TETE OU GRIPE OSWA OU GEN LAFYÈV KISA POU W FÈ?
Si yon manman gripe, pa gen okenn rezon pou sispann bay tete. Epitou, bay tete ka kontinye sou demann oswa itilize kòm aliman eksklizif si bebe a gen mwens pase 6 mwa.
Kontajyon an ka rive nan respire pandan premye stad maladi a, anvan menm ke manman an santi premye sentòm enfeksyon an. Sepandan, manman an ak bebe a an kontak konstan jou apre jou, sispann bay tete pa nesesè, ak l ap prive bebe a de yon èd presye ki genyen nan lèt manman, sètadi antikò yo ki pwoteje bebe a kont enfeksyon manman li oswa kont lòt manm nan fanmi an.
Lè manman an viktim de yon enfeksyon viral oswa bakteryèn, kò li transmèt iminoglobilin espesifik bay bebe a k ap pwotejel kont kontajyon. Si se bebe a ki malad, lèt manman an ka soulaje sentòm maladi a epi pèmèt li geri pi vit. Menm si manman an gen grip ak yon gwo lafyèv, lèt li rete menm manje a pou tout tan.
Sonje prensip ijyèn yo, toujou lave men nou tanzantan, bwè anpil dlo, itilize mouchwa jetab, ouvri fenèt pou lè antre anndan kay la elt..
📣📣📣Pa bliye ke bay tete diminye risk pou fè kansè nan tete ak nan ovè. Toutotan ou bay bebe ou tete se tout otan wap elwanye 2 tip kansè sa yo.
Pédiactu
03/10/2025
Oktòb se mwa konsakre a sensibilizasyon sou foskouch ak pèt bebe. Se yon mwa kote nou onore memwa ti zanj ki kite nou twò vit yo.
Anpil moun panse ke paske manman yo potko rankontre ni wè vizaj bebe sa yo, pèt sa yo pa konte… Men verite a se ke doulè sa a reyèl, pwofon e li makonnen ak lanmou.
Yo ap toujou rete make nan kè nou. Nou pa janm bliye yo. Se pou moman pataj sa a ini nou nan lanmou, konpasyon ak solidarite.
Pédiactu
03/10/2025
Bebe yo konn pete anpil ak yo pete fò paske sistèm dijestif yo poko fin devlope (immature), sa li lakoz fòmasyon gaz. Yo vale anpil lè pandan y ap manje (tete, bibon...), ak pafwa se dijesyon laktoz ki nan lèt la epi misk vant lan, flò entestinal la ak yon transit ki twò lan ki lakoz sa tou.
Se nòmal pou yon bebe pete souvan, sof si li ta gen doulè, vant li toujou gonfle oswa difikilte pou fè poupou. Lè sa, ou ka wè doktè ak li pou sa.
Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam Pédiactu
03/10/2025
PRAN SWEN DAN TI BEBE YO
Se yon kesyon mwen jwenn souvan, Dòk a ki laj mka kòmanse bwose dan ti bebe mwen an?
Ebyen pòs sa se pou nou, pataje li paske anpil moun toujou ap repoze menm kesyon yo malgre nou reponn yo deja.
Swen dan enpòtan depi timoun nan piti pliske yon bon sante dantè ap gen yon enpak pozitif sou lavi timoun nan. Sa pèmèt li byen moulen e konsa kapab manje tout manje li bezwen yo pou li devlope byen. Yon bon dantisyon esansyèl tou pou bon devlopman langaj li. Finalman, dan ki an sante kontribye nan bon estim pou pwòp tèt ou (estime de soi ).
Se pou sa li bon tou pou'w aprann ti bebe a abitye bwose dan li depi lè premye dan li yo kòmanse ap parèt la. Nan fason sa bwose dan ap vin yon pati nan woutin li. Nan foto a w'ap wè ki bwòs ki apwopriye pou ti bebe ki poko ka bwose poukont yo. Ou paka leve chak jou epi w'ap gade timoun nan si li vle bwose la fèsa. Anplis ou paka konte tou sou paske li gen pou li chanje dan yo a yo ka gate li pap rete ak yo. E yon lòt bagay ki enpòtan anpil se ke nou menm nou sèvi modèl pou timoun nou yo, ou vle li abitye ak bwose dan? Ebyen fèsa souvan ak li epi an prezans li.
E yon bagay ou sipoze konnnen, se ke ou ka mennen pitit ou a wè dantis depi lè li gen 1 lane oswa 6 mwa apre premye dan yo fin parèt, pou'w ka abitye li ak egzamen an.
Pédiactu
03/10/2025
02/10/2025
BOUL GRENN KI PA DESANN/ KRIPTÒKIDI (CRYPTORCHIDIE)
Jodia nou chwazi bèl sijè sa pou nou pale sitou ak paran ki gen bebe gason osinon ki ap pote yon bebe gason nan gwosès li. Se yon bagay ki lakoz anpil pwoblèm sitou nou konnen ke gen anpil fanm ansent ki akouche lakay yo, kidonk sijè sa se pou nou tout.
KISA KRIPTÒKIDI A YE?
Kriptòkidi se yon anomali ke nou remake depi nan bebe, nan aparèy jenital ti gason yo akoz yon defo nan migrasyon youn oswa tou 2 boul grenn yo de vant lan a sak grenn nan pandan gwosès la.
Malfòmasyon sa touche 20 a 30% bebe gason ki prematire ak 2 a 4% bebe ki fèt a tèm (sou 9 mwa).
Nan 80% ka, anomali sa touche yon sèl boul grenn. Lakay gason, boul grenn yo, fè pati sistèm repwodiksyon e yo gen 2 fonksyon prensipal:
1. Yo la pou pwodwi espèmatozoyid.
2. Epi yo la pou pwodwi òmon maskilen tankou testostewòn.
Nou dwe konnen ke aparèy jenital la devlope nan vant fetis la. A pati 2zyèm mwa gwosès, kèk faktè òmonal ap pèmèt nou diferansye aparèy sa ki pat ka diferansye avan, swa l'ap vin ovè (ovaires) nan tifi yo, swa l'ap testikil (boul grenn) nan ti gason yo.
Nan bebe gason, se a pati 3zyèm mwa gwosès e jis rive a tèm ke testikil yo ap migre de vant lan a lèn yo (laine) epi nan sak grenn nan.
Nan ka kriptòkidi, migrasyon sa enkonplè e li ka gen repèkisyon sou pwodiksyon espèmatozoyid yo. Enfèt, pou espèmatozoyid yo gen bon kalite, testikil yo sipoze nan yon tanperati 33 a 34°C tanperati kò a twò cho pou li, se pou sa nou wè sak grann nan pandye deyò kò a. Donk si boul grenn yo pa desann nan sak la, tanperati vant lan ki se 37°C ap fatal pou yo.
KISA KI KA LAKÒZ KRIPTÒKIDI?
Jiska jounen jodia nou pa vrèman konnen bon orijin kriptòkidi, ipotèz ki pwobab la se yon anomali òmonal pandan gwosès la.
Gen plizyè faktè ki ka ogmante risk kriptòkidi pandan nesans:
- Bebe gason ki prematire oswa ki gen yon fèb pwa lè li fèt;
- Bebe gason ki fèt 2 pye devan;
- Si gen malfòmasyon jenital nan papa a oswa lòt frè yo;
- Si te gen ekspozisyon a pètibatè andokrinyen tankou ( pestisid, polyan, paraben, ftalat elatriye...)
KI SENTOM LI?
Kriptòkidi pa gen okenn sentom. Sepandan si testikil yo pa desann nan plas yo ak an absans tretman, men kèk konplikasyon ki ka rive:
🔸️Yon enfètilite akoz de tanperati ki pa bon pou pwodiksyon espèmatozoyid yo. Risk enfètilite a evalye a 5% si kriptòkidi a se yon sèl bò e li a 50% lè se tou 2 testikil yo ki atenn.
Yon tretman pa chiriji ka redwi risk la a mwatye.
🔸️Yon kansè testikil, li ra, men li se premye koz kansè kay gason ki gen 20 a 35 lane.
🔸️Tòsyon testikilè (testikil la tòde)
🔸️Yon tromatis nan testikil, nan ka yon presyon sou lèn nan.
KIJAN W'AP FÈ KONNEN SIW GEN KRIPTÒKIDI?
Dyagnostik la repozel sou palpasyon sak grenn nan depi timoun nan fèt la pandan egzamen medikal sistematik nan matènite a. Nan ka kriptòkidi, doktè a ap egzamine timoun nan jiskaske li gen 6 mwa a 1 lane.
Si doktè a palpe testikil la, l'ap egzamine li pou li wè si li menm jan ak lòt la.
Ap gen egzamen konplemantè ki pou fèt si doktè a paka palpe testikil la.
TRETMAN
Plis pase laj 1 an, yon kriptòkidi dwe trete. Yon entèvansyon chirijikal ki rele "Orchidipexie" ki pèmèt yo repozisyone testikil la kòrèkteman. Entèvansyon sa dwe fèt ant 1 a 2 lane kay ti gason.
Lè testikil la se nan vant lan li ye, yon "Cœlioscopie" nesesè pou detèmine pozisyon ak eta testikil la.
Aprè entèvansyon an, nou dwe siveye detanzantan si testikil yo toujou nan plas yo. Paran yo dwe palpe regilyèman sak grenn ti gason yo, pa egzanp lè n'ap benyen yo, pou verifye ke yo nan sak la epi si li menm gwosè ak lòt testikil la.
Rive nan yon sèten laj, ti gason an ka fèsa poukont li, l ap palpe afè l poukò l.
PA NEGLIJE PALPE 2 TI BOUL GRENN TI GASON NOU YO LÈ YO BEBE POU NOU WÈ SI YO NAN SAK GRENN NAN.
PédiActu Fam Pédiactu
02/10/2025
RELASYON SEKSYÈL APRE AKOUCHMAN
Anpil koup toujou ap poze kesyon sila, men sa nou dwe konnen se ke nonb de tan an varye nan chak moun sitou pou fanm nan. Paske kò li sibi anpil transfòmasyon kidonk li bezwen tan ak pasyans pou li reprann gou.
Li pi bon fanm nan tann 4-6 semèn anvan ou fè bagay epi poul pa mete anyen nan vajen an tou pandan tan sa a, oswa omwen jiskaske sèyman an sispann. Sa ap pèmèt risk pou gwo sèyman oswa enfeksyon diminye, anpeche ke blesi yo ki nan vajen an oswa perine a vin pi mal epi li pèmèt yo geri. Li nòmal tou pou santi ou pa sou sa pandan premye mwa yo apre akouchman an.
Kèk fanm ka santi yo mal alèz oswa sansiblite lè y'ap fè bagay pou premye fwa apre akouchman an. Eseye detann ap benefik anpil pou yo. Men sa ka rive, bay tete ka lakòz vajen an sèch. Lè sa a, yon librifyan a baz dlo ka itilize pou fè sèks la pi agreyab. Si malèz la pèsiste malgre tout saw eseye, diskite sou sitiyasyon an ak pwofesyonèl sante ou oswa ak yon fizyoterapet espesyalize nan reyabilitasyon perineal.
Anplis de sa, itilizasyon yon kontraseptif enpòtan pou evite yon lòt gwosès kew poko vle, menm si w'ap bay tete.
Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)
02/10/2025
MEN 5 REZON SOLID POU YON MOUN ABÒNE AK PAJ FACEBOOK PÉDIACTU A :
1. BON JAN ENFÒMASYON SOU LASANTE
Pédiactu pataje konsèy serye sou sante fanm ansent, ti bebe, timoun ak manman, tout sa w bezwen pou pran swen fanmi w.
2. EDIKASYON NAN LANG OU KONPRANN
Paj la bay kontni an kreyòl ayisyen ak yon ti kras franse😃, fasil pou konprann e itil pou tout moun.
3. SIPÒ POU FANM AK PARAN
Ou jwenn gid pou chak etap lavi ou kòm manman, soti nan gwosès rive nan swen pou ti bebe ak timoun.
4. KOMINOTE KI GEN RESPÈ AK LANMOU
Sou paj la, ou pa jwenn vyolans pawòl, kominote a chita sou respè, lanmou, ak solidarite.
5. AKTIVITE AK NOUVÈL CHAK JOU
Chak jou ou jwenn nouvo enfòmasyon, motivasyon, e pi bon fason pou pran swen tèt ou ak pitit ou.
Abòne jodi a, epi fè pati fanmi Pédiactu, kote respè, lanmou, ak konesans mache ansanm! 💙💚
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Jacmel
HT9110
