Shekinah Zanmi la Sante
Koze sante Paj sa la pou edew sou domèn sante kijan pouw pwoteje tet ou pou evite kew atrape kek maladi
20/09/2020
Rubrique santé
Jodi a map pran le swen poum pale nou de yon maladi ke nou minimize e ki koze anpil pwoblem ki konn menm kraze fwaye . Maladi sa rele "dyspareunie"
Kisa maladi sa a ye?
Se yon doulè moun nan resanti pandan lap fè bagay ke ou jwenn kay fanm plis .
Types de dyspareunie
Genyen 2types
a)dyspareunie superficielle b)dyspareunie profonde
Lè nou pale de dyspareunie superficielle nou plis wè organe sa yo : vulve , cl****is, sa vle di pandan gason an an ap fè penso pou fi a ou ka we fisa ap rele anmwe poutan se fè lifèl mal konsa sepa dous li dous
Kisa ki koz:
Nan pati sa yo kagen ti blese,vajen an ka manke librifye ,moun nan kafè alèji ak kapot la ,vajen an ka piti
NB:lè nou pale de vajen se tou kote pitit la soti a, kote san vide lè moun nan gen règ li, se kote peni an antre a.
B)dyspareunie profonde
Kisa ki kozel : se nan moman peni an antre nan vajen an padan penetrasyon an komanse moun nan ap gen gwo doulè lap santi se tankou se yon kout kouto lipran . Men sa kika koze doulè sa:
_si moun nan malad nan vessie(cystite)
_sil malad nan trompe(salpingite)
_sil malad nan vagin(vaginite),
_sil malad nan uretre( uretrite)
_ si moun nan gen enfeksyon urinaire sa vle di si lew ap p**i ou gen difikilte li brilew anpil oubyen li few mal mal.
_Si moun nan gen HSV a nan vajenl kise mikwob ki koze kansè kòl matris la
_e pafwa gen kek pozisyon neg la konn met fi a kika koze gwo doulè sa.
_ Nou ka ajoute kek pwoblem ps*kolojik :sa vle di si fi a te sibi yon vyolans seksyel sa nou rele kadejak la ,si gason an gen yon gwo peni eke vajen fi a etwat peni an gendwa menm poko antre fi a ka ap rele anmwe .
_Si moun nan manke sansasyon eke lipa sou fè bagay li ap difisil pou penetrasyon an fet sa vle di moun nan pap swente .
NB2
Pou granmoun ki,pral atenn menopause yo yo ka gen yon defisi an oestrogene
traitement
Siw ta remake madanm ou oubyen mennaj ou gen gwo doulè padan ke wap fè bagay avel eki pa ta dwe konsa se pouw voyel al wè yon medsen generalis oubyen yon jinekolog oubyen yon seksolog pou yo ka chèche koz kifel gen doulè a epi yap fè tretman pou li.
Sise pwoblèm psykolojik se pouw mennenl al wè yon psykolog .
Konsèy: avan ou antre nan penetrasyon ak moun lan fok ou byen karese fi a sa medam yo renmen an fè yo swente sa ap ede penetrasyon an fet pibyen , mete moun nan nan yon anbyans poul santil nan pol, chache konn pwen sansib li yo sa ap ede relasyon an mache pibyen .
*Mèsi sete zanmi nou mia map tann kesyon ak sijesyon nou*
19/09/2020
Rubrique santé
Jodi a mpote yon bon ti bagay pou nou
Men règ jwet la
A)pran sanw lil epi like li
B)kòmante
C)patajel
Map pale nou de " Enuresie"
Kisa maladi sa ye ?
Se yon tèm medikal yo itilize pou pale de moun kap pise nan kabann sitou lanwit e ke moun sa pat gen volonte poul ta pise sou li , an bon kreyol yo rele moun sa yo "pisannit"
Gen 2 gran tip
_ primè
_segondè
Lè nou pale de "enuresie primè" sa vle di timoun sa ap pise nan kabann depi piti pou jiskaskel vin gran . Nan kasa se vessie a kipa gen maturite( imatirite ves*kal )
Lè nou pale de "enuresie segondè " a saw vle di timoun sa kafè 6 mwa lipa janm p**i nan kabann eke li rekòmanse p**i apre 6 mwa nan kasa pi souvan se enfeksyon kikonn koz
Kisa ki koze maladi sa ?
_ heredité: lè nou pale de heredité sa vle di si youn nan paran timoun sa tekonn pise nan kabann, timoun sa ap eritye maladi sa
_ ps*kolojik : si wap plede bat timoun nan wap maltretel wap fèl pot chay ki twò lou wap bal kou nan sentil saka koz li pisannit
_ troub òmonal (ADH) kise òmòn anti diretik kila pou kontwole kantite dlo moun lan li pa fonksyone byen
Signes et symptomes
_ nan primè oubyen segondè timoun nan mouye kabann nan tout lanmwit oubyen pa epizòd sa vle ki sil malad oubyen si manmanl ak papal separe oubyen youn ladan yo mouri lap nan gwo lapèn lap strese anpil lika vin pisannit
_imatirite: li santi p**i a kenbel vre men distans poul reveye li gentan pise sou li
_enfeksyon: pandan lap pise lap brilel , lajounen timoun sa wap wel ap pise anpil p**i a ap twoub epi lap santi fò
Traitement
_Maladi sa geri to ou ta men tank lila lontan se tank lap pran plus tan epi lap difisil poul trete
_ gen medikaman pousa ( si tout fwa outa gen moun kigen pwoblem sa antre an kontak avem map referew yon medsen)
_ wap gen pouw wè yon ps*kolog ak timoun sa
Ki mesure ouka pran ?
fok paran konnen sepa espre timoun nan fè:
_pa kalel,pa jourel,pa imilyel,paske lew fesa se atò wap rann li strese
_ fel al twalet avanl domi paske toutotan re**um nan plen lap fè presyon sou vessie a sa ap koz lipa ka kenbe p**i
_pa met dra yo kote pou,moun wè pou yopa fawouche pitit sa paske sak fet nan karimi dwe ret,nan karimi
_pa bal pote chay kitwò lou
_pa bal kou nan senti
Yon ti remed natirel
Pran yon pen fann li mete siwo myel ladanl lage yon ti poud kanel sou li epi bal manjel wap fesa chak 2 jou
Bouyi fey,kamomin pou li
NB pa bliye antre an kontak avem siw tagen yon moun ki soufri maladi sa map edew fè tretman .
Mesi
Atansyon se mèt kò ki veye kò
29/09/2018
Ann ede fanm ansent yo jwenn bon jan swen
20/09/2018
Ann pote kole poun sove lavi fanm ansent yo
24/08/2018
Atansyon lè nap kondwi pa bwè paske aksidan sa fek pase sou wout,nasyonal anndan lakay mwen
Pa bliye envite zanmiw like page la konsa nap ret konekte
03/08/2018
Rubrique sante
Jodi a mvin pale avek nou de yon sijè kitrè enpòtan kise planing famillial.
Se yon pwosesis ki pèmèt ou kontwole pouvwa fè pitit ou savle di ak metod planing ouka deside men konbyen pitit wap fè e men apre konbyen tan wap fè yon timoun.
Pafwa nan legliz yo ou toujou jwenn pastè yo ap preche nan genèse 1v28 kidi kwase ranplise e asujeti men pastè yo tj pran plezi pale de kwase ranplise men yo bliye asujeti a kise: koman ou dwe pran swen timoun nan ,fok ou edel sosyalman edikativman ,ekonomikman . Sesak fè wap jwenn anpil moun anndan legliz ap fè ''''manman i mouch manje i da kite i tèt '''
Ou paka fin fè timoun nan epi pouw paka pran swenl sa se yon peche .
Jodi a map pale nou de yon planing natirel ouka itilize kap edew nan vi seksyel ou. Li pap kont fwa kretyèn ou. Mkonnen anpil moun pral kont mwen , men pase pouw ap kale timoun pouw paka okipe yo pitow aplike yon metod planing.
Li rele "collier"
Jan ou tande non an lise yon collier ki gen 32 grenn ladanl ak yon elastik .
_ 12 grenn blanch
_1 grenn wouj
_1grenn mawon ki fonse
_18 mawon pal
Metod sa siw utilizel byen ou gen 95%chans pouw pa tonbe ansent
Gade imaj la byen wap wè sou bouton nwa gen yon flech ki bay fas li sou grenn wouj la
Grenn wouj la se premye jou reg la vini an wap,mete elastik la sou li
Apresa chak jou ou avanse elastik la sou yon grenn
Jou ou we elastik la rive nan grenn blan yo , se jousa yo li pwobab pouw ansent si tout fwa mesye a ta vle fè bagay wap fel mete kapot paske se nan dat sa yo wap ovile .
Depi ou wè elastik la sou grenn mawon yo se jou ou ka al fè bagay san kapot jou sa yo pagen anpil risk pouw ansent ou a 1%chans pouw ta ansent .
Planing sa se fi kigen s*k manstriyel ant 26 a 32 jou kika itilizel ,
Pa bliye jou reg la komanse a wap,met elastik la sou grenn wouj la epi chak jou wap avansel sou yon grenn .
Wap re mete elastik la sou grenn wouj,la pouw fè menm jan pou mwa swivan
N.B pa bliye planing nan pwotejew kont gwoses non dezire men lipa pwotejew kont maladi ak enfeksyon ou ka pran nan fè bagay san kapot
Yon moun kita vle itilize metod collier lika ekrim an prive merci sete zanmi nou mia
Rubrique sante
Jodi a mpote yon bagay serye pou nou svp zanmim yo nap fè 3 bgy pou,mwen
1) nap li post la avek atansyon nap j'aime li
2)nap komantel
3)nap patajel .
Jodi a map pale nou de yon maladi ki rele halitose ou mauvaise haleine
Kisa maladi sa ye :
Se yon odè ki konsidere kom dezagreyab kap degaje nan vwa respiratwa moun nan (bouch . Nen). Maladi sa bay anpil pwoblèm ps*kolojik kay moun ki soufri maladi sa premyèman moun nan ap vin dezapresye pwop tet pal , lika vin izole tèt li li ka menm rive tiye tèt li paske pafwa yo konn pran anpil imilyasyon nan antouraj yo .
Kijanw ka remake siw soufri maladi sa
1) wap pran sant odè kap soti nan bouch ou,oubyen nan nenw
2) wap verifye eske danw pagen anpil kari ( mak nwa ki kouvri dan)
3) wap wè eske lang ou pagen yon paket bagay blanch sou li
Kisak koze maladi sa ?
Koz bikal
_ mank dijyèn ( moun nan pa bwose bouch li a tan . , li fin manje li domi ak bouch li san bwose e kras manje yo rete nan kwen dan )
_ jansiv anfle
_ lè nenw bouche
_ siw tagen enfeksyon oubyen si amigdal yo anfle
Ekstra bikal
Kek medikaman
Lot koz
_Si moun nan gen ilsè estoma
_ lè yon moun fin vomi
Alèn karakteristik
Lew manje twop : lay epis zonyon alkol lew fin bwe yon kafe kicho , moun kap pran tabak .
NB lèw grangou anpil Lukas vin gen movez alèn
Tretman
_ bwose bouch ou 2 fwa pa jou,minimòm sonje bwose lang lan tou
_ mastike chiklèt souvan
_ itilize yon bain de bouche
_bwè anpil dlo o mwen 8vè pa jou
_ manje a lè
Manje anpil pèsi
_ siw ta soufri maladi estomak oubyenw ta fè s*k al wè yon medsen oubyen kontaktem,map referew
Yon ti remed natirel
Wap pran yon ti bikabonat wap metel sou pat wap bwose a nan bwos la epi wap bwose danw ak,lang ou avel wap fesa 2 fwa pa semèn jiskaskew santiw alez
Wap pran kiyew konn,manje a wap pran kiyew konn manje a wap plenl bikabonat epi wap metel nan yon gode dlo epi wap gagaril nan gòj ou wap fesa toujou 2 fwa pa semèn
Mèsi anpil paskew te pran sanw ou te,li tout sam ekri yo
Rubrique santé
Edem patajel svp pou plis moun ka wèl !!!!!!
Hemorrhoides
Jodi a mvle pale nou de yon maladi ki rele (hemorrhoides)
Kisal ye?
Se yon seri Venn moun nan gen nan a**s li ( tou bouden ) ki dilate . Li nomal pou venn nan tou dèyèw gonfle lejèman men se nan moman wap twalet ,kontrèman ak maladi sa venn sa yo rete dilate .
Kijanw ka rekonet ou soufri maladi sa ?
1)ou santi tou dèyèw ap gratew ap brilew
2) lèw chita ou santiw pa byen ou santi tou dèyèw ap dechire
3) ou ka gen doulè epiw ka bay san lew ap twalet
4) ou ka santi tou dèyèw anfle
Ki moun ki riske fè maladi sa ?
1) li gen yon aspè ( hereditaire) sa vle di si yon paranw te soufril ou ka vin fè maladi sa
2) fanm ansent ( matris la pral fè presyon sou tou dèyèw saka vin koz li soti ) .
3) fanm ki akouche pa ( voie basse ) sa vle di fanm kipa fè sezaryèn men ki rete pouse timoun nan poul soti nan vajenl
4)moun ki konstipe souvan oubyen kigen dyare souvan
5) moun kap fè bagay nan tou dèyè yo kit li se fi kit lise gason
6) moun kap leve chay lou ( potè yo)
7) moun ki two gwo ak moun ki ret chita twop
Gen 4 types
1: li anfle men li rete Annan
2: li soti pandan wap twalèt e li antre lew fin twalèt
3:li ka fin soti ou antrel ak dwèt ou
4:li vin paka antre ankò
KonplIkasyon
Doulè a ka vin pi di pou ou siw pa pran sa o serye e kika vin fè san ret koagile nan venn sa yo, li ka vin anfle men li pap few mal , sak pi rèd la se kè wap twalèt san sa ka vin koz ou anemi .
Prekosyon ou dwe pran
Depiw wè ou gen san wap bay nan tou dèyèw kouri al lopital saka yon siy ki pwouve kew gen maladi a oubyen yon lot pwoblèm sante ki pi grav .
Evite fè bagay nan tou dèyè
Evite leve chay ki twò lou
Bay tèt ou yon orè chak jou pouw twalèt ( manje anpil fig pou fasilitew pouw pa redi lew al twalèt.
Remed natirel
1) wap pran yon zonyon wap lavel epiw rachel ou metel bouyi wap tann li vin kwit wap krazel fel tounen yon pat epi wap metel nan yon ti moso twal pwop epi wap depozel nan tou dèyèw .
2) wap pran yon ti,kòs bwadchèn wap bouyil pandan 5 minit epi wap pasel,nan paswa apresa,wap met dlo,a nan kivet ou fe twalet ou
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
