SIPA fanm djanm
L'argent n'a pas d'odeur
03/04/2022
10/03/2022
06/03/2022
Kilè pou fè sèks siw anvi ansent, kilè pouw pafè siw anvi pa ansent.
Fi kou gason dwe li sa e patajel.
Anpil moun tap mandel, jodi a nou potel..
Ann kòmanse.
Sayo rele cycle menstruel la:: se nonb de jou ou pran pou gen règ ou an..
Periode menstruel la se moman règ la, moman san ap koule sou ou a.
Siw te wè règ ou 15mars, lèl re vini ankò li vini 12avril ebyen ougen cycle 28.. Fi ka gen cyclye 21jou rive nan 35jou... Men se 28 jou a ki on cycle nòmal
Moman ovulation an se moman ouka ansent lan san kè sote.. Moman sa rive 2semaine aprè règ ou oubyen avan lòt règ kap vini an pou fi cycle 28 jou.
Premye jou ouwè san parèt sou ou an makel, egzanp sise jodi a mw make 06 Mai.
Apresa al make grenn jou ki tonbe 2 semaine aprè 06 Mai an, egzanp jodi a 06 , 2 semaine aprè 06 Mai ap lundi 20 Mai, make 20Mai a. Savledi ou make ni 06 Mai a ni 20Mai a
Make 3jou avan 20Mai a kise 17,18,19Mai e make 3 jou aprè 20Mai a kise 21,22,23Mai. Fon remak wap wè ougen 7jou ki make.. 7jou sayo se:: 17,18,19,20,21,22,23
Ebyen zanmim 7 jou sayo se jou moman ovilasyonw wi, nenpòt ti kole ou ansent wi depi spèm nan ale. Siw pavle di moman ovilasyon ouka di jou fertilte.. Ougen 98% chans pou ansent.
Fè ti kalkil ou chak mwa tande siw pavle fè pitit konnya
Apresa tout rès jou yo ouka boule bwa matin midi e swa oupap fè chabon
Eeee Atansyon wi Sèm on spèm ka viv 3 a 5 menm 7 jou menm andedanw wi, pa pansew fè bagay 14Mai epiw pap ansent non, wa sezi wè spèm nan te vivan. Alò sason ka ki konn prodwi pafwa. Nou tou metew okouran.
Kèk sin ki moutrew ou nan moman ovilasyonw
-tèt fèmal
-ou santiw choo
- kòw kraze ou fatige sanw patap travay
-kranp
-bouch ou pagou
-koukoun ou ap bay onti baay glise, lipagen koulè, ni sant, li tankou ble ze
Egzanp nou pran nan post sa se pou fi cycle 28 jou yo.
Siw 30 wap konte 2semaine ak 2jou
Siw 21 konte 1semaine
Siw 22 1semaine a on jou
23 se 1semaine ak 2jou
24 se 1semaine ak 3jou
25se 1semaine ak 4jou
26 se on semaine ak 5jou
27se 1semaine ak 6 jou
28 se 2 semaine
29 se 2 semaine ak 1jou
30 se 2 semaine ak 2 jou ki egal a 16 jou
Ect....
Si règ oupa regilye ou pap k kontrolel fasil.
Degajew bwe remed pou fe reg w fini nan yon epok fiks.
06/03/2022
🌹12 bagay pou yon fi pa janm fè lè nou renmen ak yon gason🌹:
1- Pa janm nan al dòmi leve kay yon nèg ki jus renmen avè’w. Eske’l marye avè’w? Men aprann bay tèt ou valè ma chérie. Sa se foli pote non madanm ou genyen, foli dòmi ak nèg, tann lè’w.
2- Sispann plede achte kado pote bay manman’l, mwen pa di’w pa ka fel yon ti kado. Men ou tounen tonton nwèl nan bay kado telman ou anvi gen nèg la. Ou tounen esthéticienne pa fòs nan penyen sè’l, kouzine li, wap fè zong yo, tout sa pou yo ka aksepte’w nan fanmi an. Yap griyen dan sou ou paske yo wè’w se yon dezespere. Aprann bay tèt ou valè demoiselle...
3- Sispann pote bag fiyansay yon nèg ki pa menm konnen kote paran’w rete. Ou pa wè se tan’w wap pèdi sista?
4- Sispann poste’l tout jounen sou facebook, Whatsapp pandan li pap fè l pou ou paske’l pa konsidere’w vre kòm fanm li. Wap bloke yon nèg serye ki te ka byen anvi avè’w pou grenmesi...
5 – Pa meprize ni joure nèg kap ekri’w oubyen koze avè’w sou pretèks kew angaje deja. Oh je suis prise poutan nèg la ap fè’w monte le ciel pa do...
6- Sispann tounen servante nan lave, pase, fè manje pou li, epi lakay li ankò wi souple. Banm poze’w yon ti kesyon: Poukisa li pral marye avè’w la? Bon ou deja jwe wòl madanm nan...
7- Pa janm dezobeyi paran’w poutèt yon nèg ki renmen’w. Paske anpil fwa se menm nèg sa ki pral fè’w pran pi gwo desepsyon nan men fanmi’w ak zanmi’w...
8- Pa janm prese ouvri janm ou bay yon nèg jus paske’l di’w lap marye avè’w, se yon moun tankou’w li tap chèche, kote’w te ye depi tann dat sa. Soyez vigilantes les filles...
9- Pa janm aksepte mennaj filme’w pandan ou avè’l ap fè lanmou oubyen fè bagay. Se ak sa ankò li gen pou’l sèvi kòm presyon lè’w ta anvi kite’l. Kenbe prestij ou ti chérie, pa sal imaj ou...
10- Pa janm aksepte rete ak yon gason kap leve men sou ou sou pretèks ke lap chanje yon jou. Sou pretèks ke’w renmen’l anpil e ke’w pa vle pèdi’l. Wap delivre wi men jou sa lap telman bat ou wap tou mouri, (Dezole si’m di sa, e se pa sam ta swete). Men fò’w sispann rete nan yon relasyon esklavaj...
11- Pa janm rete ak yon nèg kap banboche, pran fanm pasi pala sou pretèks ke pa gen gason ki fidèl. Ou bezwen anpil lapriyè ma fille paske OUI gen gason ki fidèl.
12- Pa janm panse ke depi’w ansent pou li nèg la deja pou ou. Tu te trompes ma cocotte, gen twòp blofè deyò a, ansent pa ka fè yon nèg rete avè’w. Lè sa ou pral mete yon inosan sou tè a, yon timoun ki pral petèt pase mizè, ki pral poze’w kesyon: manman kote papa’m, men’w pap ka reponn paske se nan naïveté’w ke sa rive’w. Ou te twò dezespere...
03/03/2022
Excellente école professionnelle pote pou ou yon spesyal demi bous.
Tout moun ki enskri avan 11 avril ap peye Sèlman $600 ht antre, $150/mois pou kelkeswa opsyon ou chwazi a,
Siw bay 3 moun wap peye $600ht antre $100/mois.
Siw bay 4 moun wap peye Sèlman $600ht antre a.
N.B maillot, badge, Livre, tout nan kòb antre a, sawap tann pou vi'n aprann yon metye 👩🍳💅✍️✍️
Adresse : Rue Montais Bas Canaan 3B au local institution chrétienne Esdras Jean Pierre ( source de vie)
TLF : (+509)44390419/ 34239215/ 40729329.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
