Shantou 509 Boutique
Shantou 509 Boutique est une petite Entreprise Virtuelle Basée en Haïti. Shantou Boutique vous pr
Hello
Bonjour
31/03/2021
Shantou 509 Boutique Send a message to learn more
Jwaye nwél a nou tout
Bonjour mes amours
06/11/2020
Bay misye yon kès byè byen glase !
05/11/2020
MEDAM TANPRI PRAN NÒT !!!!
•••Gason frekante Fanm pou 2 rezon, "S*x,
oubyen Lanmou", men nan pifò ka yo, gason pa marye ni pou S*x, ni pou Lanmou, men pito pou STABILITE.
•••Kite m' eksplike nou:
Yon gason ka renmen'w, oubyen li ka fè s*x ak ou pandan des années, men li pa marye ak ou, poutan imedyatman li jwenn yon fanm ki pote stabilite nan lavi'l, li marye ak li.
•••STABILITE se "Lapè nan tèt, Konfyans, Koneksyon, epi Konfò".
Mwen konnen anpil gason ki toujou ap di: "Mwen renmen manzè, men mwen pa kwè m'ap ka pase rès vi'm avè'l." Ou ka twouve sa dwòl paske si gen lanmou, sak fè yo pa ta ka viv ansanm? Ebyen natirèlman gason bokou pi egzijan ke fanm nan sa ki gen rapò ak vi santimantal yo, donk se pa san rezon ou wè fanm toujou pi prese pou marye, fè pitit, fonde fwaye, etc., fanm panse sipèfisyèlman sou jan de bagay sa yo, pandan ke gason plis gen tandans ale pi fon, e panse a sak pi enpòtan.
•••Gason gen abilite pou wè lwen nan sa ki gen rapò ak maryaj e viv ansanm. Kontrèman ak medam yo, gason pa fokis sou ti detay sipèfisyèl tankou: ki tip abiman yap mete pou marye, ki dekorasyon kap genyen nan seremoni an, ki mèb kap nan kay la, kijan chanm nan ap ranje, ki flè kap plante nan lakou a, etc. Men pito, yo plis fokis sou: Èske fanm sa a ka jere yon fanmi? Èske li ka yon bon manman?
Eske ansanm nou ka bati yon avni?, e pi enpòtan ankò,
Èske avèk li, lespri'm ap anpè?.
•••Gason pa renmen Fanm ki koz yo mal alèz, ki chaje pwoblèm, gason pè tèt fèmal, malgre yo menm yo se tèt fèmal nan sans pa yo.
•••Gason toujou ap chèche konfò, e kèlkeswa kotel jwenn li, se la lap rete.
•••S*x se yon plezi, lanmou se yon santiman ke prèske tout fanm sou latè ka ofri, men STABILITE se yon package, tout yon ansanm de kalite lè yo mete ansanm ki bay yon fanm tout diferans li parapò ak rès yo.
▪︎Alò Medam, pa sèlman konte sou s*x, afeksyon, bèl vizaj, bèl fòm, byen abiye, pale bon fransè, konn fè manje, men tou, nou dwe aprann montre entegrite nou, sans responsabilite nou, montre nèg nou ke sil pa la, antanke fanm, nou ka kanpe e dirije fanmi an jan sa dwe fèt.
•••Anpasan, m konnen gen anpil fanm responsab e solid deyò a, ki pote stabilite e fè bon jan ekilib nan fwaye yo, respè pou nou. 🙏🙏
MJ Lormis
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
