Cabinet Me Cimonus Jn Phito
Cabinet CiMONUS Jn Phito fondé le 14 avril 2024 par Me CiMONUS Jn Phito
27/06/2026
NÒT POU LAPRÈS
MCCRH mande depa san kondisyon Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé
Mouvement des Citoyens Conscients pour la Reconstruction d’Haïti (MCCRH) eksprime gwo enkyetid li fas ak degradasyon sitiyasyon sekiritè, politik ak sosyal peyi a. Apre yon analiz serye sou konjonkti nasyonal la, MCCRH mande depa san kondisyon Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé.
Lè aktè politik tradisyonèl yo te mete l nan tèt gouvènman an, li te pran angajman pou retabli sekirite epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon. Jounen jodi a, objektif sa yo pa reyalize, tandiske sitiyasyon peyi a kontinye ap degrade.
MCCRH fè remake pandan plizyè dizèn lane, klas politik tradisyonèl la pa janm rive rezoud pwoblèm estriktirèl peyi a. Analiz nou, ansanm ak refleksyon plizyè òganizasyon ak sektè nan sosyete a, montre pouvwa an plas la pa bay okenn garanti pou retabli sekirite ni pou òganize eleksyon ki lib, onèt ak kredib.
Se poutèt sa, MCCRH lanse yon apèl bay tout fòs viv nasyon an, tout sitwayen onèt ak entèg, òganizasyon sosyete sivil yo, sektè prive a, legliz yo ak tout aktè politik ki mete enterè peyi a an premye, pou chita ansanm nan yon dyalòg nasyonal pou jwenn yon solisyon dirab pou kriz la.
MCCRH kwè se sèlman yon gwo konsansis nasyonal ki kapab pèmèt retablisman sekirite, kreye kondisyon pou òganize eleksyon kredib, epi remete Ayiti sou chimen estabilite ak devlopman.
MCCRH rete pare pou patisipe nan tout inisyativ ki chita sou enterè siprèm pèp ayisyen an.
Pou MCCRH, Ayiti dwe pase an premye.
Sébastien Migné doit partir le plus vite possible, car il aurait gagné de l’argent afin de faire éliminer l’équipe haïtienne lors de la Coupe du monde. 🌍
Sébastien Migné, le Français, nous a-t-il fait payer la bataille de Vertières ? Les Français n’ont-ils jamais oublié cette défaite du 18 novembre 1803, qui a conduit à l’indépendance d’Haïti le 1er janvier 1804 !
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
HT6140
