Sante Pou tout Moun

Sante Pou tout Moun

Partager

_"Sante Pou Tout Moun se yon espas pou pataje konsèy, enfòmasyon ak resous ki ede w pran swen kò w

04/12/2025

Bwè dlo chak maten gen anpil benefis pou sante. Men kèk rezon enpòtan:

1. *Reyidrate kò a*: Pandan w ap dòmi, kò w pa resevwa likid. Leve bwè dlo ede w ranplase sa ou pèdi pandan nwit lan.

2. *Aktive ògàn entèn yo*: Dlo ede kò a reveye, espesyalman fwa ak ren, ki ede elimine toksin.

3. *Ede dijesyon*: Bwè dlo avan ou manje fasilite dijesyon epi prepare lestomak ou pou resevwa manje.

4. *Ranfòse sèvo a*: Dlo ogmante konsantrasyon ak vigilans, paske sèvo bezwen ase likid pou fonksyone byen.

5. *Akselere matabolis*: Dlo sou yon lestomak vid ka ede boule plis kalori, sa itil nan kontwòl pwa.

6. *Bèl po*: Dlo ede kenbe po w fre, klè ak idrate.

Se yon senp abitid ki ka pote gwo chanjman nan byennèt ou chak jou. 💧🌞

03/12/2025
03/12/2025

*JOURNÉE MONDIALE CONTRE LA LUTTE DU SIDA 🩷*

*VIH (Viris Iminodefisans Imen)*

VIH se yon viris ki atake sistèm iminitè moun. Li antre nan kò a atravè kontak ak san, likid seksyèl, oswa lèt tete ki enfekte.

*Siy ak sentòm:*
- Nan premye etap: lafyèv, maltèt, doulè kò, gangliyon anfle
- Apre sa, moun nan ka pa montre okenn sentòm pandan plizyè ane
- Lè viris la detwi anpil selil defans: pèdi pwa, tous ki pa sispann, diare, fongis, maladi opòtinis elatriye.

*Prevansyon:*
- Itilize kapòt pandan tout rapò seksyèl
- Evite pataje zegwi oswa lam
- Fè tès regilyèman
- Pran medikaman prevantif si ou ekspoze (PrEP)
- Fè fanm ansent pran swen pou pa transmèt bay tibebe

*Mòd transmisyon:*
- Rapò seksyèl san pwoteksyon ak yon moun ki enfekte
- San kontamine (transfizyon, zegwi, tatoo)
- Manman bay pitit pandan gwosès, akouchman, oswa lèt tete
- Pataje materyèl pike (zegwi dwòg)

*Tretman:*
- Pa gen gerizon, men *ARV (Antirétroviral)* ede kontwole viris la
- Medikaman yo redui viris la nan san an
- Moun ka viv nòmal si yo swiv tretman seryezman

*Konplikasyon:*
- Fèb sistèm iminitè
- Devlopman SIDA
- Maladi opòtinis: maladi poumon, kansè, enfeksyon grav
- Lanmò si pa gen swen
- - Maladi opòtinis grav (tibèkiloz, nemoni, kansè, elatriye)
- Sistèm defans kò a kraze nèt
- Maladi kè, fwa, ren
- Lanmò si pa gen tretman oswa si pa swiv swen

*SIDA (Syndrôme d’ImmunoDéficience Acquise)*
SIDA se dènye etap enfeksyon VIH la. Li rive lè viris VIH la fin detwi sistèm iminitè a epi kò a pa ka defann tèt li ankò kont maladi.

*Siy ak sentòm :*
- Maladi opòtinis (ki parèt lè defans kò a fèb)
- Tous ki pa fini
- Pèdi pwa san rezon
- bouton nan bouch oswa pati entim
- Feblès an jeneral, lafyèv tout tan
- Dyare ki dire lontan
- Enfeksyon grav, kansè

*Prevansyon :*
• _Prevansyon VIH la pa menm ak SIDA a paske se VIH la ki bay SIDA a, men li enpòtan fè prevansyon pa pou la pran l men pou la bay lòt moun li et kontinye afebli sistèm iminitè w._
- Itilize kapòt nan tout rapò seksyèl
- Evite pataje zegwi oswa lam
- Fè tès VIH regilyèman
- Si w se fanm ansent, al fè swen bonè pou evite transmèt li bay tibebe
- Sèvi ak materyèl esteril sèlman (lè w ap fè tatoo, pike zòrèy, elatriye)
- PrEP (prevansyon) pou moun ki pa gen VIH men ki ekspoze

*Mòd transmisyon :*
- Rapò seksyèl san pwoteksyon ak yon moun ki enfekte
- San kontamine (transfizyon, zegwi, lam)
- Manman bay pitit li atravè gwosès, akouchman oswa alèt tete
- Zouti pike ki kontamine (sereng, zegwi)

*Tretman :*
- *Pa gen gerizon pou SIDA*, men gen tretman VIH (ARV) ki ede moun viv pi lontan epi kenbe viris la sou kontwòl
- ARV ede moun pa rive nan etap SIDA si yo pran medikaman yo regilyèman
- Swen sipo (vitamin, tretman maladi opòtinis, elatriye)

*Konplikasyon*

1. *Maladi opòtinis*
- *Tibèkiloz (TB)*
- *Pneumocystis jirovecii*
- *Toksoplazmòz* (
- *Candidiasis*
- *Cytomégalovirus*

2. *Kansè*
- Lymphome
- Kansè nan kòl matris *HIV*, tèt, ak kou

3. *Maladi nè*
- Pèt memwa
- Difikilte pou konsantre
- Demans VIH

4. *Maladi kè, fwa, ak ren*
5. *Pèt pwa grav ak fèb jeneral*
6. *Dyare ki pa sispann* – Sa lakoz dezidratasyon ak malnitrisyon.
7. *Lanmo* – San tretman, moun ki gen SIDA ka mouri akòz konplikasyon yo.

Diferans ant VIH ak SIDA:
- *VIH* se viris la menm.
- *SIDA* se konsekans enfeksyon VIH la si li pa trete oswa si li rive avanse.

Yon moun ka *viv ak VIH pandan plizyè ane san li pa gen SIDA*, espesyalman si li pran medikaman antirétroviral regilyèman.

*NB* Pi vit ou konnen ou enfekte pi bon ou ka jere l e pwoteje tèt ou ak lòt moun.

*Mwen p ap pran mwen p ap bay* 🛑

Ma santé mon bonheur
Abòne | Pataje
NurseDERAT
SantemAvan

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Petion Ville
Port-au-Prince
1234