Nouvèl san manke moso
Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Nouvèl san manke moso, Health/Beauty, 320 Collins Drive, .
Sanble cha ameriken te pwomèt yo kòmanse debake
19/05/2024
Sonson LEODENS se youn nan manb aktif fondasyon zòn pa fè moun ( Chofè ) ki arive pèdi la vi l nan zòn delma 75 aprè li fin resevwa plizyè bal nan tèt aswè a anba men kèk malfwa yo pa rive idantifye.
Fondasyon frè Luckson Zòn pa fè moun andèy😭😭😭
18/05/2024
Cha yo kontinye ap vini💪
18/05/2024
Finalement n'ap konprann lè yo di nou peyi moun pa peyi pa nou, se ayiti ki pa nou, nou pa gen peyi derechanj, voye fè byen nn peyi nou pou lè matyè voye 👇🏾👇🏾
Sitwayen sa rele Alfred Pétion. Li gen 64 an. Eta sante l' pa bon, li te fè stroke . Li jwenn depòtasyon li nan peyi Etazini, aprè 30 an depi li tap viv nan peyi sila. Li se moun Baradè (Nip). Alfred Pétion twouve li nan Okap kote avyon te ateri avèk li. Alfred fè konnen li gen pitit li , Ymelda Pétion , Ozanie Pétion, Feler k'ap viv Pòtopwens, nan zòn 3ème Avenue Bolosse.
Pou kounyea, Alfred Pétion nan Komisarya vil Okap la.
16/05/2024
E gwo koze wi 🤔 nan yon tchèk ki tap fèt nan kafou kas yè swa nan tomonde la polis rive mete lapat sou fo ougan tomonde sa yo ki t apèn sot koupe tèt yon sitwayen nan lokalite tierramuskady dezyèm seksyon kominal tomonde. Sak nou wè ki nan men yonn nan fo ougan asasin yo se ladan tèt mò a ye. Pa gen aksyon nèg fo ougan sa yo pap fè pou yo gen lajan.
14/05/2024
Jean danas se non polisye sa ki tonbe jodia cote plage 22 yo touyel epi yo tou ale ak kò a Ayiti hmmm
12/05/2024
Ameriken sa gen 76 lane lap viv Missouri , li tiye madanm li ki te kouche sou kabann lopital pou tèt twop kob bill medikaman, li arive trangle l sou kabann lopital la . Yo arete misye pou kounya lap tann jijman pou yo ba li santans li
Follow paj la
10/05/2024
Lapolis nan vil Gonayiv mete anba kòd: Jerry Carra ak Destin Jackson, ki te kidnape yon demwazèl 19 lane , e mande $200k us pou liberel, kote fanmi an te deja vèse $50k us.
E prezime yo avwe ke yo vyole demwazèl la.
Pou kounya, yo nan gadavi pou swit legal.
KOnbyen tan prizon nou ta vle nèg sa yo pran nan vi yo pou yo peye sa yo fe a .
10/05/2024
Lorsqu'il a été critiqué pour son anglais médiocre, le musicien sud-africain Papa Penny a déclaré: "Je parle anglais de la même manière que les Blancs parlent ma langue.
2-1
⚽⚽-⚽
08/05/2024
Nèg ak zam Touye yon Jèn Polisyè Barbarha Fecu pandan yo tap tante kidnape li nan refize obeyi malfra yo egzekitel Mèkredi 08 Me 2024 lan zòn Bwa vèna , viktim lan se moun vil Ti gwav , nap soulinye se premye viktim nan kan PNH la sou rèy konsèy la, antouka
Pami prizonye evade ki sou lis la, nou jwenn Clifford Brandt, Dimitri Hérard, Ezechiel Alexandre, Albert Steevenson (Djouma), Sonson Lafamilia, Jean Laguel Civil… pou n site sa yo sèlman. Direksyon jeneral PNH la🇭🇹di yo pase lòd fòmèl ak tout direksyon depatmantal yo, pou trake epi remete nan plas yo, tout endividi ki te sove nan Penitansye nasyonal, nan prizon sivil Kwadèboukè, Kabarè ak Pòdpè
