Ayiti Souvren Medya Gwoup

Ayiti Souvren Medya Gwoup

Share

Nou se yon jounal endepandan. N ap enfòme w san fè pwopagann.

01/17/2026

Prezidan Trump : « Mwen se wa taks sou enpòtasyon yo, e wa taks sou enpòtasyon an fè yon travay ki ekselan. »

01/17/2026

« Pèsonn pa t konvenk mwen. Se mwen menm ki konvenk tèt mwen », se sa Donald Trump deklare, lè yo te mande l si responsab Arab ak Izrayelyen 🇮🇱 eseye dekouraje l bonbade peyi Iran 🇮🇷.

01/10/2026

Men aksyon abitrè yon vwayou ak zam ki akonpaye komisè Okap la fè sou yon madam k ap pale sajman, san joure. Kote òganizasyon dwa moun ak òganizasyon fanm yo? Eske vwayou sa a poko nan prizon toujou? Si li te fè nwa se tire li t ap tire dam lan? ABA ENJISTIS

01/10/2026

Eske komisè Gouvènman Okap la nan pòs li toujou? Yo poko revoke l e fè li peye pou sa li fè a? Kote Leta? Kote òganizasyon dwa moun yo?
Gen yon ekip sousou k ap di li frape komisè a, ekip sousou sa yo patisipe nan deriv otoritè a, menm devan kamera yo ap bay manti.
Eske yon komisè ka konpòte li tankou yon vagabon abiye? Tankou tafyatè? Vin di m.

TANPON IJYENIK : SA LI YE AK KIJAN POU BYEN ITILIZE L 01/06/2026

Ou konn itilize tanpan ijyenik lè w gen règ ou?
M konseye w li atik sa a.

TANPON IJYENIK : SA LI YE AK KIJAN POU BYEN ITILIZE L Tanpon ijyenik se yon pwoteksyon ijyèn pou fanm yo itilize pandan règ (peryòd manstriyèl yo). Li fèt ak materyèl absòban epi yo mete li andedan vajen an pou li absòbe san règ la dirèkteman, anpeche…

Nicolás Maduro, prezidan Venezyela, parèt devan yon jij Ameriken 01/05/2026

Prezidan Maduro plede non koupab devan tribinal Ameriken .

Nicolás Maduro, prezidan Venezyela, parèt devan yon jij Ameriken Nicolás Maduro, prezidan Venezyela administrasyon Trump lan ranvèse a, ansanm ak madanm li, te plede non koupab lendi devan tribinal federal Ameriken an pou plizyè akizasyon, pami yo trafik dwòg ak…

01/04/2026

“Pèp Amerik yo, an nou fè yon sèl kò !”
se sa prezidan Kiba a te deklare pandan yon gwo manifestasyon nan La Havane ki se kapital Kiba, manifestasyon sa a te òganize prese prese pa Pati Kominis ki sou pouvwa a, pou denonse sa yo rele agresyon militè Washington fè kont Venezyela.

Prezidan Kiba a, Miguel Díaz-Canel, te lanse apèl sa a samdi 3 janvye bay peyi Amerik Latin yo pou yo fè yon sèl kò apre operasyon militè Etazini nan peyi Venezyela ki te abouti ak sa li rele kidnaping prezidan Nicolás Maduro, yon alye enpòtan peyi Kiba.

Pandan manifestasyon an, ki te fèt sou yon plas nan kapital la yo rele tribin anti enperyalis, ki chita anfas anbasad Etazini an, prezidan kiben an te kondane atak brital Washington lanse a, ansanm ak kidnaping li dekri kòm inakseptab, vilgè ak sovaj kont Nicolás Maduro.

Li te ajoute okenn moun ki gen yon minimòm enfòmasyon pa ka inyore ni souzestime grav konsekans zak kriminèl sa yo sou lapè rejyonal ak lapè mondyal, devan plizyè milye moun, pami yo te gen anbasadè Venezyela a nan La Havane, Orlando Maneiro.

Pandan manifestasyon an, foul la t ap chante : “Kiba ak Venezyela, se yon sèl drapo !”, “Aba enperyalis !”, pandan yo t ap leve drapo tou de peyi yo.

Yamila Sarduy, 52 lane, youn nan patisipan yo, te deklare yo pa pè e yo pare pou yo fè fas ak tout sa ki nesesè pou Venezyela ak pou Kiba.

01/04/2026

Sa pou konnen sou atak militè Etazini sou Venezyela

● Prezidan Venezyela Nicolás Maduro ak madanm li te rive New York samdi, kèk èdtan apre yon operasyon militè dramatik Etazini te mennen nan Karakas ki se kapital peyi Venezyela ki te abouti ak arestasyon yo. Yo ap kenbe yo nan Metropolitan Detention Center nan Brooklyn, epi yo pral fè fas ak akizasyon federal ki gen rapò ak trafik dwòg ak kolaborasyon ak gang ki klase kòm òganizasyon teworis, akizasyon prezidan Maduro refize.

● Maduro ak madanm li pral parèt devan tribinal federal a midi lendi, dapre yon pòt pawòl Tribinal Distrik Etazini pou Distrik Sid New York.

● Prezidan Trump te deklare nan yon konferans pou laprès Etazini ta pral “dirije” Venezyela tanporèman pandan peryòd tranzisyon an, epi “remèt pwodiksyon petwòl la an fonksyon.”

● Delta Force Lame Etazini an, yon inite fòs espesyal elit, se li ki te mennen operasyon pou arete Maduro, selon sa responsab yo te rapòte.

● Operasyon an te vini apre plizyè mwa akimilasyon militè Etazini nan rejyon an, ak pòt avyon USS Gerald R. Ford ansanm ak plizyè lòt bato lagè ki te pozisyone nan Karayib la, epi yon seri frap mòtèl sou plis pase 30 bato administrasyon an di ki t ap transpòte dwòg san jamè prezante prèv ki montre a klè bato sa yo te gen dwòg.

Abone ak paj nou an pou plis enfo.

01/03/2026

Etazini (USA) Trump ap dirije a sezi petwòl Venezyela pandan y ap piye souverènte l ak yon entèvansyon militè ki pa ta dwe gen plas li nan epòk sa a, epi yo fè yon move zak lè yo kidnape prezidan Maduro ak madanm li. Kounye a, trafik dwòg tounen yon pretèks pou "anpi" a ansanm ak ajan politik ak medya li yo, pou yo detui ti rès lòd entènasyonal ki te lib e ki pa t baze sou lwa pi fò a.

Kit se an Ikrèn, Gaza, oubyen nan Repiblik Demokratik Kongo, envazyon tounen yon pratik nòmal. Lapè mondyal la an antye an danje.

Kisa lidè "La France Insoumise" (LFI) vle di?
Analiz tweet sa a montre pozisyon radikal Jean-Luc Mélenchon kont politik etranjè ameriken an:
A) Agresyon Imperialis: Li wè aksyon Etazini yo kòm zak agresyon dirèk pou pran kontwòl resous natirèl yon lòt peyi.

B) Move Lafwa ak Manipilasyon: Li demanti rezon ofisyèl yo bay, li di se jis yon kache-sekretè (preteks) pou yo ka reyalize objektif dominasyon yo.

C) Modèl Konpòtman: Li fè referans ak lòt konfli yo pou montre Etazini ak alye li yo ap suiv yon modèl envazyon ki menase estabilite global la.

01/03/2026

Selon enfòmasyon ki disponib anpil medya nan entènasyonal la pataje, Prezidan ameriken an Donald Trump lage anpil wokèt sou peyi Venezyela e rive kaptire, kidnape prezidan peyi Venezyela a, Nicolas Maduro.
Yon sitiyasyon n ap suiv pou ou. Anpil moun ap mande kote alye Venezyela la yo pase.

12/22/2025

🔎 𝗧𝗮𝗻𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗻𝘁 𝗘𝘁𝗮𝘇𝗶𝗻𝗶 𝗮𝗸 𝗩𝗲𝗻𝗲𝘇𝘆𝗲𝗹𝗮 𝗮𝗽 𝗼𝗴𝗺𝗮𝗻𝘁𝗲

Depi plizyè semèn, relasyon ant peyi Etazini ak peyi Venezyela vin pi gen plis tansyon tankou wot tansyon apre deklarasyon prezidan Ameriken an, Donald Trump sou posiblite yon entèvansyon militè nan peyi souvren Venezyela, ansanm ak ranfòsman prezans naval Etazini nan Karayib la. Plizyè peyi nan Amerik Latin, pami yo Brezil, eksprime enkyetid yo epi mande prekosyon pou evite yon eskalad ame.

Pandan "Washington" di li ap mennen operasyon maritim kont trafik dwòg, otorite Venezyelyen yo rapòte plis pase 100 moun mouri asasinen anba kout bal lame Etazini, san Etazini poko prezante prèv piblik sou bato yo te bonbade yo. An menm tan, Venezyela resevwa soutyen diplomatik nan men alye li yo, tankou Iran, Larisi ak Lachin.

Pou kounye a, reyaksyon yo rete sou plan diplomatik, pandan kominote entènasyonal la ap suiv evolisyon tansyon an ant Washington ak Caracas.

👉 Li atik la konplè a sou sit entènèt Ayiti Souvren an sou lyen ki nan premye kòmantè anba piblikasyon paj sa a.
📌 Abòne pou plis enfòmasyon endepandan

Want your business to be the top-listed Beauty Salon in Miami?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Address

Miami, FL