conseille du jour
parler d'amour et réconcilier les foyers qui se querellent
03/09/2023
Dè fwa pwoblem ki fèw paka ret nan relation an
Konn sot lakay ou wi
Men ou telman kwè nan tèt ou sa konn menm fèw panse
Ke pwoblem lan se moun ki pase nan viw lan
Epouan se ou ki pwoblem lan
01/09/2023
Ou ka fè tout vi jenès ou ap.pran plezi ak plisyè fanm
Ou plisyè nèg
Men raplew gen on laj wap rive fok ou met yon stabilite
Nan laviw pou jere fanmiw madanm ou ak pitit ou
Paske se yo kap la pou ou lè pwoblèm yo vle baleyew
Ba yo tanw ba yo afeksyon
Yap merite sa
15/08/2023
Depi se pou ou li ye otomatikman
Lap respektew
Viv ak moun ki vle viv avè'w
20/07/2023
Pa janm sispann bobo menaj, pafwa yon ti bo konn epanye'n de gro diskisyon li konn rekonfòte'n li konn kalme doulè'n.
Bo menaj ou lè'w fenk leve
Bo'l avan'w soti
Bo'l lè'l tris lè'w santi tèt li chaje
Bo'l lè'l fache lè'l fistre
Lè'l ap soufri san pale
Lè'w sispèk lespri'l lwen
Bo menaj lè'l ap abiye
Bo'l lè'l plis pa panse'w tap al bo'l la
Bo'l avan'l dòmi, sitou bo'l nan mitan nuit
Rale'l bo'l lè'w vle kalme disksyon an
Bo'l nan lari nan makèt tout kote
Bo'l sou fron fè'l konnen ou la pouli
Bo'l lè'w pa konprann ekspresyon vizaj li
Bo'l lè'l fè'w kontan lè'l satisfè'w
Bo'l lè'l aproche'w depi avan'l pale
Ti bo vire tounen yo raproche nou pi plis yo fè youn plis anvi ret bò kote lòt. Bo menaj ou san rezon bo'l paske'l se menaj ou bo'l ak pasyon bo'l tanzantan. Fè ti bo pou menaj ou se devwa'w se djob ou e konnen plis ou fè djob ou byen se plis w'ap pran grad plis w'ap pran promosyon plis w'ap vin enpotan.
17/07/2023
Ou ka fè tou eksperyans ki genyen
Nan renmen
Men pran anpil prekosyon ak moun wap fè.pitit
Inpotan
17/07/2023
Yon jou ou gen pouw jwenn moun ki renmenw tout bon an , lap difisil pouw konn sa paske move eksperyans ou ak move souvni w ap toujou incarné nan sèvow
_ Pa neglije livrew baw yon moun ou wè ki renmenw janw ye a . Anpil relasyon amourez kraze paske youn pa kwè nan lòt, toujou sonje ke pa gen nou youn ki pafè sèl diferans lan se nou tout ki pa fè menm erè.
_ Pa jije yon moun sou sa ou konnen li te fè , jije tèt ou dabò aprè wap gen konpreyansyon pouw konprann chak moun .
_ Pa panse sal te konn fè yo lap toujou fè yo, sinon pa tap janm gen relasyon amourez nan mond lan.
_ Pran sanw e met tèt ou an plas, jere emosyonw, chak moun gen bon e gen move souvni nan pase yo, men eseye jere prezan an pou fiti a pa menm avèl.
_ Chak relasyon gen yon pwoblèm siw wè sa pa pran lari se paske anndan relasyon sa petèt gen youn ki Thalès oubyen Pythagore ki toujou ap vini avèk lòt fòmil diferan de tanzantan pou yo ka jwenn rezolisyon
_ Li ka toujou blesew toujou fòw de bagay ki grav men panse ak bontel yo tou, ak defo paw yo tou. Konsa solisyon an ap pote tèt li ba ou.
_ Relasyon santimantal pa janm dous men li pa janm amè sa pral depan de janw jerel la
17/07/2023
Lap toujou difisil pouw kwè ke li renmenw toutbon si yon lòt te gentan brize kèw avanw te rankontrel
_ Lap toujou difisil pouw kwè nan lanmou si chak lèw fè yon chwa ou toujou arive pa regrèt li
_ Avanw livre kèw baw yon moun gade pou wè si lap jerel byen avan
_ Avanw kouri damou ak yon moun reflechi pou wè siw pa pral gen regrè demen
_ Pa kouri afichew ak yon moun ou poko konn anyen de lioubyen okenn enfòmasyon sou li, sou fanmil, zòn kotel sòti, etc...
_ Pa kouri al fè dyòlè ap plede mache di moun entèl se moun mwen wi pou lè sa pa la ankò pouw pa nan mache rakonte tout saw te vle kenbe an sekrè pou tout moun ki pi mal pase pa vin foure bouch nan afèw
_ Ou ka jwenn yon moun ki renmenw toutbon ou pa kwè nan li epi lèw jwenn yon lòt ki pa renmenw ditou se nan li ou gen kwayans
_ Ou ka toujou pa fè yon moun konfyans a 100% oubyen menm a 0% poutan se moun sa ki renmenw e li prè poul fè tout bagay li konnen wap renmen jis poul ka fèw plezi
_ Pa inyore yon moun ou santi ki renmenw
_ Pa inyore yon moun ou santi ki bezwenw
_ Anpil fwa se nou ki fè erè nou epi nou bay yon lòt moun chay la pote pou nou
_ Anpil fwa se bò kote nou erè a sòti epi nou pranl nou ankadrel nou voyel bay yon lòt moun kòmsi se li ki fèl
_ Pa fè yon moun sa yon lòt moun te fèw nan pasew
_ Pa lage chay ou sou do yon lòt moun poul pote pou ou
_ Lanmou pa janw pansel la ou pa remèt yon lòt moun sa yon moun te fèw pouw pa regrèt plis ke janw regrèt la demen
Fè pridans ak fason ou jere relasyonw lan, paske gen anpil moun ki vle pran plas ou ye a
Pa goumen ak okenn moun poul ret nan viw, men travay poul regrèt kel te sòti nan viw
15/07/2023
Gen anpil relasyon yo gen yon ti lanmou afeksyon ladan yo sèlman 14 février
_ Gen anpil relasyon pa janm gen dyalòg womans ti sipriz
_ Ou ka nan yon relasyon serye men lanmou an pa serye nan mitan nou lanmou pa à l'honneur antre nou
_ Yon relasyon serye oubyen 2 moun ki konn sak rele renmen sak rele jere relasyon ki se amikal ou santimantal se pap sèlman 14 février ap gen chocolat
_ Majorite relasyon kounya fè prèske tout yon ane fache toutan pa janm pase yon san yo pa fè yon vye diskisyon san sans epi chak 14 février se fèt lanmou pou yo
_ Li prèske fè yon ane ap mandew pouw sòti avèl ou pa janm vle epi jodi a se fèt pou moun ki renmen pou ou
_ Ou pa janm pran lesyen yon pouw dil janw renmenl kisal reprezante pou ou nan viw epi jodi a se fèt pou moun ki renmen pou ou
_ Depi lè ou antre nan vil se dlo ou mete nan jel toutan fèl soufri chak jou dil vye mo toutan epi jodi a se fèt pou moun ki renmen pou ou
_ Se pa sèlman 14 février pou relasyonw gen yon ti lanmou afeksyon . Ladanl
_ Se pa sèl lè sen valanten pou wap fè mennaj ou ti kado oubyen ti sipriz
_ Se pa sèlman lè gen yon fèt pou mennaj ou madanm ou mariw jwenn yon ti afeksyon yon ti lanmou nan menw
_ Anndan yon relasyon serye chak jou se fèt chak jou se 14 février ..
_ Pa konfond lanmou avèk sen valanten
_ Sen valanten se pou sèlman 14 février men lanmou se pou toutan
_ Sispann panse se 14 février ki jou lanmou chak jou se fèt lanmou e chak jou dwe gen lanmou
15/07/2023
Menm siw pa nan yon relasyon ou mèt li tèks la
menmlèw ta prese pran sanw, pran tanw pouw li tèks la »
_ Se pa tout gason ki kapab rann yon fanm erez.
_ Se pa tout fanm ki kapab rann yon gason ere.
_ Poutan ou ka jwenn yon moun kap gen kapasite poul fè kèw kontan chak jou.
_ Anpil fi avan yo marye yo rann mennaj ere yo fè tout bagay pou mennaj yon santi ke li pral nan yon bòn men men kou yo fin marye yon tou bliye tout cham yo te konn bay lè yo pot ko marye a. Yon abiye tankou grann yo aji tankou moun kap viv sèl, yo vin san cham nan kay la yo pa bay menm plezi yo ankò, yo pa eksite mari yo sensyèlman e seksyèlman ankò.
_ Anpil fi lè yon fin marye yo panse yon tou jwenn paradi yo panse yo fin jwenn fotèy wayal la
_ (Se nou ki fè fanm deyò ap jwenn plis atansyon ke nou, plis afeksyon ke nou, plis lanmou ke nou, plis lajan ke nou.)
_ Toujou konnen ke jounen jodi a lèw renmen, se seleksyone yo seleksyonew pou ekip la.
_ Lèw plase (sa vle di lèw ap viv nan konkibinaj) ou fè pati ekip la kanmèm menw poko fin ofisyèl
_ Lèw marye ou nan ekip la ofisyèlman, tout sak ap anndan ekip wap okouran menmlè yon pa jwenn jwè egzat yo bezwen an.
_ Lèw renmen wap negosye pouw vin nan ekip la.
_ Lèw plase probableman ou nan ekip la men ou pa ofisyèl, gen bagay ou pa ka fè anndan ekip la, gen match ou p ap ka jwe, gen reyinyon ou p ap ka asiste...
_ Lèw fin marye se tèt ou ke w prezante pouw di :“ m se madanm li, li se marim oubyen mse maril, li se madanm mwen... Mesye oubyen Madam sa ak mwen depi jodi a nou fè yon sèl... Nan tout bagay mwen menm avèl nou fè yon sèl.”
_ Ou di :“ mwen fè pati lame sa a, depi w atake l, otomatikman ou atake m tou .”
_ Fè kè mariw fè kè madanm ou kontan, pa bliye tout moun renmen plezi, tout moun renmen lè yo santi yo konfòtab.
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Categoría
Página web
Dirección
Capital Villa Duarté Caille Los Pinos
Santo Domingo
