Star en Herbe
Star en herbe est une page qui a pour but de faire la lumiere sur les jeunes talents
11/02/2025
Makeup se yon domèn ke Jou sa yo Anpil jèn deside fè de li cheval batay yo, ke se pou pasyon, ke se Pou plezi, ke se pou metye, Chak jèn ki nan domèn sa gen yon bagay ki atire l ladan l. Nan objektif sa, staff Star en Herbe te gen chans pale am yon Makeup artist, nan ti pale n te gen avè l, Nou pral konnen plis de li, e domèn li sa l chwazi a Kise makeup... Ann gade ansanm kijan sa te dewoule
Bonsoir LAR Makeup
Se yon plezi Pou staff Star en Herbe antre lakay ou,
Star en Herbe se yon platfòm ki la pou mete an valè talan ak travay kèk jèn nan sosyete ayisyèn Nan, e Jodi a Nou kontan akeyi w,
Premye kesyon n Pou ou se kiyes ki LAR makeup la?
- Bonsoir Star en Herbe, se yon plezi pou m patisipe nan bel ribrik sa, e mw kontan paske n’ chwazim kom guest. Kiyes ki LAR makeup Ht?
-LAR Makeup ht ki soti nan vrè nom mw ki se Lorry Anne Rapha Louis, se yon jènn ayisyen, presizeman kafouwaz ( carrefouroise) plen detèminasyon ak foug ki toujou ap cheche konesans poul gen plis kapasite, LAR se yon makeup artist( ki etudye deja nan 2 lekol makiyaj ki diplome ak mansyon) dèyè LAR, Lorry te fe etudye an otelri ak restorasyon e touche yon valè lot branche san pou otan itilizel kom alibi tankou masaj, dekorasyon, pour ne citer que cela, mise a part de sa yo mw se yon jènn entrepenè 23 lane, fondatris ak PDG Saphyra ke moun konnen sou nom LAR makeup Ht k’ ap viv repiblik dominiken
Eske w ka di Nou ki sa ki makeup la, eske plizyè tip, si wi, èske w ka diferansye yo pou Nou?
-Kisa ki makiyaj? Makiyaj se tout ajou kosmetik ou mete nan figiw, pou rann ou pi bel e makiyaj te la avan menm sivilizasyon, ( endyen yo te konn makiye kò yo ak roukou, se sa ki fe yo te rele yo nèg po rouj yo).
Yo we makiyaj la selmn nan aspè ektènn poutan, makiyaj la gen plis valè ke sa, nan liv mw an( universe Makeup tome1), mw dekri ki byen makiyaj la pote lakay yon moun e ak plis detay, banm ba nou yon ti ekstrè : makiyaj aji plis sou sibkonsyan ke fisik yon moun ,
Makiyaj lan li baw mwayen pou ekprimew, fòs pou asimew, baw posibilite pou ekpoze kreativitew e rann invensib mantalman, li rann ou de bonne humeur,li few alez nan kow e nan pansew ect.
Pou tip makiyaj,
Gen 3 prensipal tip makiyaj :
• *Makiyaj Soft glam oubyn beaute*
• *Makiyaj atistik*
• *Makiyaj efè spesyo oubyn makiyaj sinema/Djab*
Mw swete ou satisfe de reponse lan
tankou m: Eske w ka di Nou depi kilè w Nan domèn Nan, e kisa k te motive w fè chwa sa?
- M remesyew pou kesyon an, se yon tre bel kesyon,
se yon tres long pakou, mw ka di se pa mw ki chwazi makiyaj men se makiyaj ki chwazim, osi lwen mw te ka souvnim mw te tuju ap makiye, tet mw,men se depi nan 7 ane m komnse makiye elev lekol ke seswa nan klas, mw pou kanaval oubyn foire mw toujou jween okasyon pou sa, men lè sa makiyaj potko jwe rol primodial konsa nan lavi mw, avan tou sete admirasyon mw te genyen chak fwa mw we sè m nan ap makiye, ( Hannah Bernice Louis) e chak fwa mw aprann epi al reprodwi zou zanmim ki lekol la sou mw tou😂, sete nan lane 2021 plisye zanmi ap dim li le li tan pouw pran sa kom metyem, mw te travay nan plusye studio beaute men men malgre sa mw santi sa pat ka sufi mw, se nan lane 2023 kem te lanse prop lekol makiyaj mw ki pote nom Saphyra ke moun konnen sou nom LAR makeup,
Saphyra se yon entrepriz ki spesyalisel nan domèn bote, ki non selman vann sevis, ki vann prodwi kosmetik tou e trè byento Saphyra pral soti prop mak gloss pal 🥰🥰 mw swete ou satisfe de repons lan
Eske w fè chwa de makeup kòm yon passe temps, oubyen Pou yon chwa karyè?
-Waw, mesi pou kesyon an,mw pat atann ak yon kesyon parey, e kesyon sa, map repouse kek tan nan lesprim, men m te konnen ke vle ou pa m tap gen poum reponn ak sa,
Fè de makeup yon karye se ase lou a prononse, makiyaj lan te avem pandan anpil tan, li ap kontinye akonpagnyem men lè yon tan byen detèmine ap vini, lavim ap pran lot direksyon kote ke makiyaj lan pp ka prezan menm jan ankr, e malgre sa di sa a vwa wo se tankou trayi tet mw, trayi makiyaj pask lem potko gen anyn se li kite la, se li kite jwe role passe temps jiskaskel vinn yon konstan nan lavim, panse ak sa se tankou di orevwa a yon moun kite avew nan preske tout viw. Entre temps pandan lè a poko rive map travay ak tout fòs mw, ak tout mw menm pou m ka kite nom mw nan long list nom makeup artist yo🥰 mw swete yon lot fwa ankr ou satisfe de repons mw an.
Kòm Nou konnen anpil fwa paran yo konn gen ti retisan sou kèk chwa karyè ke pitit yo fè, se kijan paran w te wè sa lè w te deside fè chwa de makeup?
-Bon, pou paranm makiyaj lan se yon passe temps, mw pap menm metel nan nivo kote yo menm panse ak sa pou karyè, se yon sel refren yo toujou genyen :”ou trop intelijan pou rezime laviw a fè makiyaj nan figi moun, e anplis le mond prale, lap tounen sa ki a la mod jodi a, demen li ka pa vle di anyn, sitou nan domen art, bagay artistik pa statik li pa yon domen pou anvisaje a lontèm.” e jis kounya se menm diskou an, paran m ankourajem anpil men mande pou yo akseptel kom karyè, sa se mande trop🤣 fok ou pa bliye mw se paran Ayisyen mw genyen😩😩
Kom Chak domèn gen yon ansanm de difikilte, se kisa w ka di w rankontre kòm difikilte nan domèn Nan?
-Kom chak bagay gen yon fas kache, mwen, sa mw rankontre e sam we sèke mache makeup artist lan sature nan tout sans, sa vinn la koz anpil kompetisyon, pa reelman gen yon kominote makeup pou akeyiw, sa ki o depa ki ap brouyew, pou pati kliyantel lan, sa se yon pwen esansyel kote tout moun ki ap vann byen e servis konnen, le yap f fas ak kliyan or moun kap denigre travay ou, fe pri travay ou, fe move revu jis pou yo ka benefisye de prochenn sevis gratis ou pral bay lan,san konte jan yo vle prostitiye travay ou jis paske nomw poko tout kote,se yon bon e move bagay an menm tan sa se si ou depase dat esè a, gen moun malgre talanw la li visib jis paskl poko ka peye sa ou menm ou a sa sufi pul mande yon peryod essaie ilimite 😂 men reelman balanse se moyen pou jere difikite ki ka gn nan domen nan.
Nan moman sa la, Nou ka di domèn sa vrèman pran, e anpil jèn, ni fi, ni gason fè chwa de domèn makiyaj la... Se kijan ou menm ou jere konkirans lan, tankou kisa daprè ou menm ki ka fè yon kliyan fè chwa de LAR, olye yon lòt makeup artist?
-Bon, nan ki domen ki pa gen konkirans? Se vre konkirans lan anpil men sel sa mw ka garanti kliyan mw yo, sèke yap toujou kenbe otantisite yo, yap bel, yap inik, se yon ekperyan map invite tout moun pou yo ta fe, pou yo aksantye yo sou sa ki pi bel nan yo, pou sa yo te panse ki te defaut nan yo vinn sa ki karakterize yo e rann yo inik, ekperyans sa ki ap few rebooste konfyans nan tet ou🥰
Saphyra (LAR makeup HT) pa ofriw selman makiyaj men li ofriw yon moyen pou ou redekouvri tet ou nan pi bel vèsyon ou e rejween mwayen pou w reantre nan profond rekonsilyasyon ak tet ou.
Se ki konsèy ou ka ba yon jèn ki ta renmen antre nan domèn sa?
-Yon jèn ki ta renmn antre nan domen avem map dil Kouraj, ke menm vag lanmou sa kite atirew lan toujou rete poul plen w kreativite e pou l gen plis angouman tank tan ap pase,e ke deteminasyon, pratik ak kouraj pemet ou non selmn akonpli tach lan e tou pou dejou an jou pou perfeksyone l tet ou ladann, pask makeup tuju ap update 😌 travay pouw ret á jour. Bondye beni l
Nou sanse rive nan dènye pati podcast la,
Si w gen yon dènye bagay ou t ap di se kisa l t ap ye?
-Denye bagay mw te ka di , nenpot jèn ki pral li ribrik sa, mw ap motivew pouw oriantew pou met yon objektif devanw, suiv yon rev oubyn si ou gen yon hobby kenbel sitou si se yon bagay manyèl,
pa janm bliye yon brik ka tuju poko we itilitel men se yon milye brik ki bati yon ampi, sa ou ap f a ke ou panse oubyn moun nn antouraj ou poko we valè an, sa yo di ki se yon perte de temps pi devan se li ki pral edew nan moman ou patap atann, nan yon fason oubyn yon lot valorise tout saw ap aprann pask ou pa konn ki jou ou pral touche pou li.
Epi pa bliye ekri im nan +1(849) 286 0634 non selmn pou pran randevou paw la e wap ka tou plase komande ou pou pran lip gloss paw lan, e ou menm ki ta renmn aprann base nan makiyaj, aprann f sousi kit se pou makiye tet ou oubyn lot moun ou gen chans pouw aprann tout etap yo avem e kom benefis map gen poum pataje tou sekre ki gen nan domen nan avew, sa ap evite de seri de pyèj, nou ka swiv mw tou sou paj sa yo: Tiktok Instagram, Facebook, mesi anko se te yon plezi Star en Herbe
Mèsi LAR dèske w te aksepte patisipe avè n nan Star en Herbe, Nou kontan aprann de ou e de domèn w ap avanse a. Nou panse ke se pa yon dènye fwa. N ap gen Pou n repale ankò
Mèsi ankò 🙏🏼
Wenderson PIERRE Kerver Le Cap Roi
Redaktè Star en Herbe
25/12/2023
Miss Hosanna 2023
Chak ane, 24 desann rete yon dat ki toujou festif pou ayisyen kelkeswa relijyon, ou sèk sosyal li, yo toujou òganize kèk evènman pou pèmet ke sware 24 Pou louvri 25 desanm lan rete imòtèl.
Sou optik sa, Jenès Legliz Hosanna Tabernacle De Grace pat soti Nan lo a, kote ane sa yo te òganize yon sware ke yo te batize " Noche de luz". Nan sware sa te gen anpil bèl pèfòmans, avèk kèk jèn talan ki soti anndan Jenès la menm, pami yo te genyen Wenderson PIERRE (dizè) kite chame piblik la ak yon bèl tèks. Te gen Michael PIERRE, ki li menm te gen responsablite louvri aktivite a, Te gen Cas-Andy, Summum Dance, ak anpil lòt ankò.
Men evènman makan sware a sete " Miss Beauté Hosanna 2023", yon konkou kite gen ladan l 6 bèl demwazèl kite deside mete bote, talan yo an valè, pami yo te genyen " Barbara JOSEPH, Kenia MASSILLON, Teshina MASSILLON, Jeffny FRANÇOIS, Sophiana BERRETH ak Marie Junie JEAN BAPTISTE.
Kote 6 medam sa yo a travè kèk defile, talan yo ke yo te ekspoze, ak kesyon yo te gen pou reponn, te pèmet sware a te gen plis anbyans.
Kote yo ye rive dezinye chanpyòn nan Kise Teshina MASSILLON ak premyè dofin Nan Kenia MASSILLON, o final dezyèm dofin Nan Kise Jeffny FRANÇOIS.
Nan ti pale staff Star en Herbe la te fè ak Teshina, li te fè n konnen ke Pou li se yon trè bel eksperyans, e li trè kontan deske se li menm ki resevwa prim sa. Bò kote 2 dofin yo ankò se menm jwa a ak fyète a
Manb òhanizatè a pwomèt yon lòt edisyon byento, ak lòt avantaj ki ap ankò plis. Men Pou premye edisyon sa, Nou ka di sete yon siksè.
Kredi Foto: Eglise Hosanna Tabernacle de Grace
Wenderson PIERRE
Redaktè an chef Star en Herbe.
24/11/2023
Star en Herbe ak Kerversoutra99 99 ap prezante Nou "Kwonik yon imigran" Kise 2eme rekèy pwezi powèt Wenderson PIERRE pibliye.
18/10/2023
Star En Herbe ap prezante Nou "Nouvo Depa" ki se albòm ke atis L- Ordi soti Nan dat kite 17 oktòb 2023 a
Al tande l, pataje l,
Se yon bel pwojè
Randolph Leblanc
https://youtube.com/watch?v=oO4s6NpkPpA&si=m0fMKdZ5lZg9II7o
NOUVO DEPA by L-Ordi
1- Nouvo Testaman feat Yda
2-Tenèb ak Limyè feat Ketsia & H-Taliban
3-Teori Siksè
4-Lafwam
5-TRÈT feat Sénatus & Nervno
6-No Sorry feat Curry &Bintz Naboy
7-Tout moun ap chache viv
8-Egziste san Viv feat Ika
9-Siksèw pa lwen feat Ready
10-Da
11-Ewo
12-M Santim Bouke
13-Reborn
Album nan disponib eksklizivman sou You tube
Nan lien sa💯💯💯
🙇♂️🙇♂️Pafwa u Just bzewn tande yo. pawòl pou mete on ti limyè sou chimen w💯💯
Patajel san kanpe💯💯💯
21/09/2023
Apre anpil tan poz pou kèk rezon ki pat depann de nou, Star en Herbe tounen, e Jodi a Nou pote pou ou kòm dabitid yon jèn atis k ap fè yon bagay enpòtan Nan sosyete n ap Viv la.
Jèn atis sa spesyalize k Nan fè bijou atizanal.
Staff Star en Herbe la te fè ti pale avè l, Ann Al gade sa yo t ap di
-Bonjou Stamie Creation, se yon plezi pou staff Star en Herbe genyen w Jodi a kòm envite, deja n ap di w mèsi paske w aksèpte envitasyon an.
Bonjour Star en herbe, se yon plezi pou mwen tou pou m patisipe nan bèl ribrik sa.
-Premye kesyon n Pou Nou se ki non konplè w? Laj? E ki kote w ap Viv?
Mwen rele Béatrice Samuel, mwen gen 24 lane, mwen ap viv jeremi.
- Eske Beatrice ou ankò Stamie ka pale nou yon ti kal de pèsonaj ki kache dèyè jèn jeremyèn 24 lane sa?
Mèsi pou kesyon an😊. Mwen se yon jèn enfimyè, atizan, powetès ak antreprenè, mwen se fondatris ak PDG StamieCréation ak Stamcare.
-An gwo Beatrice se yon full package
Ki sa Stamie Creation ak Stamcare? Nan ki domèn yo vann sèvis yo?
Mêsi.
Stamie Création se yon antrepriz ki espesyalize l nan kreye ak vann bijou atizanal tankou braslè, kolye,zanno,chèn pou vant,pye,linèt,bag elatriye.
Stamcare se yon ajans ki bay swen enfimye lakay moun san moun nan pa bezwen deplase.
- Se Nan ki ane w antre Nan domèn atizanal, e kisa kite pouse w a fè chwa sa?
M te enterese a tout sa ki gen rapò ak atizay depi nan laj adolesans, m te konn fè bijou pou m met sou mwen sèlman, men se nan mwa jiyè 2019 m te deside mete Stamie Création sou pye apre yon kondisip mwen te fin felisite travay mwen yo e te ankouraje m komèsyalize yo.
-Eske se yon bagay ou Al aprann fè oubyen se jis talan an ki vini konsa?
Mwen te pran yon ti fòmasyon sou makrame sèlman, men teknik pèlaj ak lòt sa m fè yo m tou fèt ak talan an epi m melanje imajinasyon m ak enspirasyon.
- Bon Nan moman sa la Makrame ak pèlaj se yon bagay anpil jèn fè, e anpil komèsyalize l tou,
Eske se yon domèn ki ase rantab, deja n konnen majorite ayisyen plis Viv de pwodui enpòte?
M panse li te ka rantab si tout kondisyon yo te reyini, tankou eseye konsyantize moun yo sou enpòtans pwodui lokal genyen konsa yo tap achte plis bagay lokal ke sak enpòte. Gen anpil moun m konnen ki reyisi nan atizana, pou mwen li pètèt poko rantab a san pousan men li ede m anpil.
- Eske w travay pou kont ou ( tout bijou yo se ou kifè yo) oubyen w gen yon staff k ap Travay avè w?
Gen moun ki jere lòt bagay tankou maketin, men se mwen sèl ki fè tout bijou yo.
-Eske pwodui sa yo de sèlman pou lokalite jeremi, oubyen w gen lòt pwen de vant Nan lòt zòn Nan peyi a? Oubyen se yon pwojè ki Nan wout?
Aktyèlman m fè livrezon sou 5 depatman: Grandans, sid, sidès, nip ak lwès. Men mgen pwojè kouvri tout peyi a yon lè.
- Kò m ou di nou ke w gen lot domèn aktivite tankou Stamcare (ke Nou pap vrèman gentan pale de li)
Se kijan w fè jere tout an menm tan? Eske pa gen yonn ki neglije ke lòt?
Mwen bay chak tan pa yo, genyen ki mande plis tan ak enèji vrèman, men m pa kite youn neglije lòt.
- Si w gen yon konsèy ou t ap ba yon moun ki vle antre Nan domèn atizanal Se kisa l t ap ye?
M tap dil pa rantre nan domèn nan paske li wè yon moun ladanl e l anvi ladan l tou, men rantre ladanl paske l renmen l e fèl tounen pasyon l. Si non li ka rive nan wout li dekouraje. Lè w renmen sa w ap fè a obstak pa ka fè w dekouraje, okontrè lap motive w plis pou w atenn objektif ou.
- Eske gen yon nimewo pou si yon moun ta renmen antre an kontak pou jwenn sèvis Stamie Creation, oubyen Stamcare?
Nimewo pou kontakte nou se 39401708/41190971.
Epi Yo ka rejwenn nou sou Facebook, instagram, tiktok ak youtube.
Nap byen kontan sèvi nou.
-Mèsi Beatrice dèske te aksèpte fè ti pale sa ak nou, nou swete w siksè e bòn kontinite
Staff Star en Herbe te kontan genyen w Nan ribrik Nou Jodi a
Mèsi anpil a Staff Star en Herbe la pou envitasyon an. Se te yon plezi pou mwen poum patisipe nan ribrik la e prezante Stamie Création.
Map pwofite ankouraje chak jèn pou yo gen yon metye manyèl nan kèlkeswa domèn lan, pafwa ou ka chaje diplòm men se yon metye manyèl ki fèw manje chak jou. Mswete nou chèche talan kache nou an epi fèl tounen pasyon nou.
- Mèsi, yon pwochènn fwa
Prezantatè/ Redaktè : Wenderson PIERRE ( Kerver Le Cap Roi )
Envite: Béatrice Samuel Stamie Création
Paj: Star en Star en Herbe
05/07/2023
05/07/2023
Star en Herbe pa janm sispann Al chèche talan pou pote ba nou, ebyen Jodi a Nou te avè k Nou Thomas Wilkens. Yon jèn atis k ap evolye Nan komin Jakmel.
Ann Al gade kisa k t ap di.
Bonjou, Jodi a se yon plezi pou n genyen w avè n Nan Star en Herbe
Premye kesyon n Pou ou se Kijan w rele? Pale nou yon ti kras de ou?
- Bonjou, se yon plezi pou mwen tou kem ka gen chans patisipe nan Star en Herbe. Mwen c Wilkens THOMAS mwen abite Jacmel, mwen se yon jeun mka yon jeun talan yon jeun ki kwè nan travay li depil tou piti , men ki pa janm jwenn yon ankouraje hm mk di ankadreman poum pèse plus.. E tout sa mwen gen poum pataje avèk Star en Herbe e avèk piblik lan mka di mwen pa al aprann youn
Avan tou mwen felisite Star en Herbe kap fè yon bèl travay paske li panse ak jeune yo , surtout en Haïti
Merci avè w tou Wilkens paske w aksepte envitasyon an...Eske Wilkens ka di Nou Nan ki domèn ke l ap evolye?
- Merci a ou menm tou ki asepte met platfòm sila pou jeun yo se trè byen .Bon mka di map devlope nan plizyè domèn c'est à dire : art (...) E mwen gen yon amou ak tout sa ki gen rapò ak travay Manyèl, parmi yo mk di depanaj, mwen fè elektrik ...
Nan ki ane Wilkens kòmanse antre Nan art manuel? E kisa k te pouse l fè chwa sa?
-E jan moun yo konn dil lan map fè desen depi ti 4 , 4... Anfèt mk di art lan t tou nan mwen , paske depi tou piti se kòmsi c mwen jwenn mwn ap fèl ,E anmezi map grandi nivo an ap moute
Mwen te patisipe nan yon konkou , lè sa mwen t tou piti mwen te arive loreya.
Nan entwodiksyon an ou te di ke w pa jwenn ankourajman. Eske se ankourajman ekonomik, kòm deja tout moun konnen ke pa vrèman gen kòb Nan domèn nan. Oubyen ankourajman Nan sans ke moun Nan antouraj ou pa ba sa w ap fè a valè?
-M kapab di a 40 ÷ pou tou 2
Fason w pale de art la, nou remake ke w se yon pasyone de li... Èske se yon pasyon ki vini avèk tan, oubyen depi lè w kòmanse menm pasyon an te toujou la? E kisa ki kreye pasyon sa lakay ou?
- Poum byen pou art lan m konn pran anpil boulvès nan men paranm yo menm konn dim map plede fè bagay Ki pap itil mwen anyen
Art lan mk di se oksijèn mwn san li mpap k viv , depi lè m kòmanse menm pasyon an te toujou la
M kapab di tou mwen travay pou plizyè selèb en Haïti, Tjo Zenny, Roodboy, Darline Descar , Chichi, Bedjine & Kadolak , Fantom, Bgarmel elatriye.
Èske w travay ak lot jeune, Nan sans aprann yo, oubyen w fè pati yon atelye?
-Non pou atelye an ide an la , men mwen poko genyen koz mwayen
-Gen kèk jeune ki konn wè travay mwn jeune ki menm kote avè'm mwen ede yo , e sila ki pa menm kote mwen Bayo kèk ide
Men tout idem c gen yon atelye pou m moutre tout jeune , paske m pap mouri ak travay mwen
-M konnen tout jeune k ap evolye Nan yon domèn sitou art, rev yo se vinn connu epi ap viv sou oeuvre yo... Men m ap poze w kesyon an kanmenm
Ki pi gwo rèv ou Nan art?
-Pi gwo rèv mwn nan art : se poum wè travay mwen pran devanm e poul kebe menm poul fèm viv , paske tout sa yon moun konn fè dwe fèl viv. Ou ka connu poutan ou pa menm k byen viv , sim connu epim pa k byen viv mpa bezwen connu , ak travay mwen pito 10 moun konnenm epi map byen viv olye 1,9M konnenm poutan map mal viv
Paske travay ou ka connu poutan gen yon baryè ki anpeche w met men nan bouch ou ..
Ou sot site yon ansanm de selebrite ou travay pou yo,
Eske se travay payan, oubyen jis pou fanatik... Epi eske apre travay sa yo pa gen okenn suivi ki fèt bò kote yo?
- Mwen se yon jeune nan peyi sa si'w panse ou pitit soyèt ou gen yon talan en or ou panse yap vin leve w atè an ou chire , de ce fait mwen t wè plizyè art ap vin jwe Jacmel gen kèk ti travay m konn fè pou moun , ak kòb sa mwen fè travay lan pou art yo e mwen pote travay lan an piblik kòm sipriz... Mwen asepte pèdi anpil poum met travay mwen en vie... M t ret kwè sa tap pote m yon pi bèl fwi ke sa , parmi art yo m kapab felisite staff Bedjine & Kadilak , Roody Roodboy , se pa paske yo t fè yon ti jès avè'm men , se yo seulman ki t pran Kam aprè pwogram
Lèm di pran Kam nan nan Hôtel ke yo t desann nan yo t banm randevou e yo t pale avè'm , banm kèk ide.
Gen yon kesyon m renmen poze tout envite yo,,,
Se ki konsèy ou t ap ba yon jeune ki anvi antre nan domèn art?
-Konsèy m ka bay tout jeune ki renmen domèn sila e ki vle antre,
premyèman mk di swiv mwen paske mwen se yon enfliyansè nan domèn art lan , mwen la pou yo , paske rèv mwen se poum gen yon lekòl art poum ansenyen tout sam konnen , e aprann tou tout sam pat konnen
Map di yon jeune ou te mèt envensib nan yon domèn, ou wè yon lòt travay yon lòt pa kritikel men pito edel... Pa di siw edel li pral bouchew , si'w se yon bon vre se pa jeun kap vin aprew lan ki pral bouchew... Yon jeun kap avanse nan kèlke swa domèn nan kwè nan tèt ou pa kite kritik fèw abandone, paske mwn menm kritik se fòs li banm... Paske imedyatman mwen jwenn 2,3 moun dim sa map fè an bon map travay poum toujou bon devan yo , e sa kap kritikem mfè konsyans yo repwoche yo.
Eske w gen yon kontak ou ka bay Pou yon moun ka antre an kontak avè w, Oubyen yon paj Facebook, Instagram,
Si tout fwa l bezwen yon travay Nan men w?
-Mesaj m gen pou tout moun ki ta renmen kontaktem pou travay mwn, map di yo mpa pi bon, em pa pi mal tou , men mwen fè pati de bon yo , si nou ta renmen travay mwen Edem avanse e gen yon bèl travay tou nou kapab kontakte m nan +50937642617
TikTok: thomaswilkens_art
Instagram: Thomaswilkens_art
Facebook : Wilkens
Mèsi anpil Wilkens dèske w te dakò patisipe avè k nou Nan Star en Herbe Jodi a...
Staff la swete w bonne continuité 🙏🏽
-Remèsiman se mwen ki pou banoul paske nou pa dwem sa , depi lè mwen te kòmanse ap evolye nan domèn nan mwen te toujou atann ak sa men jodi Star en Herbe fèl anpil love kontinye fè travay la mache , kontinye briye ak jeun yo merci.
Redaktè: Wenderson PIERRE ( Kerver Le Cap Roi )
Envite: Wilkens Thomas
Paj: Star en Herbe
26/06/2023
Sektè evanjelik la se yon sektè ki bay anpil talan, men ki souvan ap fè fas a kèk difikilte, kote ke anpil fwa se grès kochon an k ap kuit li, telman pa gen ankadreman.
Staff Star en Herbe te fè ti pale Ak yon jèn atis ki rele Tet li L-ORDI, ki se yon Atis k ap evolye Nan sektè evanjelik la.
Ann Al gade kisa n t ap di.
Bonjou L-ORDI, Jodi a se yon plezi pou n genyen w avè n Nan Star en Herbe. Nou espere ke n pral pase yon bel moman.
Premye kesyon m pou ou se kiyes ki LRD a?
- Bonjou,se yon plezi pou mwen tou poum la avek nou.L-Ordi se yon prodiktè Mizik ak video,se yon jèn atis tou ki ap evolye nan ni sektè sosyal ni sektè evanjelik la...
Eske L-Ordi marye, selibatè, e ak kiyes L-ORDI ap Viv?
- L-Ordi pa marye,li selibatè e lap viv ak fanmil (manman,papa,frè ak sè)
-Nan ki ane L-Ordi antre Nan domèn mizikal, e kisa k te pouse l antre Nan domèn sa?
- M antre nan mizik nan ane 2013 se te jus yon frèm kite envitem nan on group pou chante,mwen pase plizyè ane ap chante ladanl men mwen antre nan domèn prodiksyon mizikal la an 2016.
Sak te pousem antre nan domèn sa mwen te maestro on koral timoun e maestro avan an te konn fè enstrimantal pou yo epi mte rnmn kapasite a mt vle aprann li poum ka fè mnmjan an epi mlansem
Ou sot di w ap evolye Nan domèn sosyal ak evanjelik.
Kijan w viv ak sa, lè n konnen ke sektè evanjelik la pa vrèman ede Nan sans sa... Eske L-Ordi jwenn èd, oubyen se lanmou mizikal k ap gide l?
- Wi Map Evolye nan tou 2,An Gro antanke on Kretyen mwen konprann sektè a e mpa rete gade sim jwenn èd ou pa poum eksprime lanmoum pou Bondye e ni trvay pou li donk sa map fè yo se ak kèm,Anplis nan mas pèp la espirityalite gen pi gro difikilte pouw jwenn èd paske mnm moun ki pou ta edew la pafwa li pa genyen donk sekrè a se nan travay epi kwè nan sa wap f a fèl ak kèw.Mizik se pasyonm e apre Bondye mka di sim ka mwen menm toujou se gras ak Mizik koz Eprèv yo ta dwe ranvèse tout sak te dwat men chak poum plonje Mizik ratrapem...
Eske w ka ba nou 2 bel eksperyans ou Nan Mizik?
- Mwen ka di se deja prodiksyon kolabo 53 jèn talan nan kafoufèy ki titre "Nou Vle Viv"se te yon ase bèl eksperyans kote ke ou jwenn anpil motivasyon nan pawol yo e ou rankontre 53 moun diferan ki fonksyone diferan ,ou aprann plis bagay se te yon bèl eksperyans.
Mkonsidere ke se mizik ki mennenm rankontre avek modèl mwen mka di antanke beat maker "Filip" kote ke mte rankontre ak D-fi Powèt revolte,Kenfs a lepòk Album Kwonik on Getoyout D-fi ta pral soti e mt gen privilèj tandel avanl soti san konte anpil bèl konsèy maestro Filip te banm se te yon bèl eksperyans pou mwen.
Eske L-Ordi gen lòt jèn l ap travay avel, oubyen lòt jèn ke l ap Pwodui. Si wi eske w gen yon label?
- Wi L-Ordi gen lòt jèn lap travay avek yo e ke lap produi,Mka di mgen yon posib lansman pou yon label men gen anpil kondisyon ki pou ta reyini ki pako kifè nou pako ka di nou gen yon label men nou ap produi plizyè atis.
Eske L-Ordi gen pwojè, ke menm si se pa li ki fè yo, men l gen touch pa l, ke se Nan feat, oubyen Nan ekri? Si wi eske l ka ba Nou kèk
- L-Ordi gen plizyè projè ke se pa li kifè men se li ki ekri e produi mizik yo.on ti lis "Mwen se yon moun Beni"by Karl Ernst Paul,Li Toujou la by Aravnaelle Pierre,Jezi te la by Alynda Romain ......
Lis sa yo gentan soti
Men genyen ki pako soti kap soti ane a
Tankou "Chérie bye bye" by Bintz Naboy,"wap pase Avem" by Paola Jean nap kanpe la malgre gen lòt nap fini ak "I love you" By Carla Friney
Ki jan sansansyon sa ye
Lè w ap mikse oubyen lè w ap fè yon video pou ou oubyen pou yon lòt atis... Kijan w Santi w?
- Mwen se yon enjenyè ki pa janm fin satisfè map diw li klèman esak f an gro majorite mizik la konn soti mpa satisfè malgrel bon paske mtoujou gon feeling on bagay anplis ki nan mwen map chache
E mikse on mizik pou mwen oubyen pou on lòt atis se menm sansasyon an depi mizik la bon mrnmnl mp met tout kèm dayè depi nan prodiksyon an selman map gentan bay atis la tout èd ke mkapab se yon Koneksyon spesyal kote ou santi reyelman ou fè on sèl avek Son yo ou konprann son yo
Pusike Son yo yo menm tou yo gen on bagay yo eksprime e chak fasonw itilize on efè pèmèt li bay on emosyon anplis e pote on koulè ki diferan
Ki Nouvo pwojè L-Ordi genyen k ap vini Nan moman an, oubyen ki gentan pare?
- L-Ordi ap travay avek anpil enèji sou on Album pou public la gentan gen plizyè track ki pare deja e projè a ap soti byento avek omwen 3 video ofisyèl kap lage on sèl kou
Men L-Ordi ap sere on dezyèm Album kote nap jwenn plizyè mizik Konpa sou li apre on tan premye projè a fin soti ki pako defini
Ki konsèy L-Ordi ka ba yon jèn kretyen ki vle Lanse l Nan domèn mizikal ayisyen?
- Rete yon kretyen pandan wap produi mizik Evanjelik e Sosyal se pa on bagay ki piti men konsèy mka bay on jèn Kretyen ki vle lansel
Premye sa ki padwe janm Ekatew se krent ou gen pou Bondye a,pa janm swiv okenn lot kouran ke fonksyonman ak zanmi ou lòt atis k tantew pou swiv e toujou propaje on mesaj ki pozitif ki ale nan sans moun kew ye a
Toujou goumen pouw sonje pouki rezon kifèw kretyen pou mizik pa janm ekatew de saw vle a paske Mizik ka mennenw ale lwen men Bondye ap mennenw pi lwen toujou.
Merci L-Ordi
Staff Star en Herbe la ap remèsye w deske te aksepte envitasyon Nou pou Jodi a... Nou ap tann rès pwojè yo.
- Mèsi a nou menm pou envitasyon an se te yon plezi pou mwen poum te patisipe
Redaktè: Wenderson PIERRE
Envite: L- Ordi (Leblanc Randolph)
Paj: Star en Herbe
22/06/2023
Lontan, paran yo te atribye kouti kòm yon metye pou moun ki pa konn li, sa ki pral kreye yon sòt de minimizasyon de domèn nan pandan ke se yon domèn ki ka ede yon moun ekonomikman lib. Jounen Jodi a akoz de fenomèn fèmen rad, fè inifòm elatriye, anpil moun vinn wè kouti kòm yon mwayen pou yo defann degouden.
Anpil jèn lanse yo Nan kouti e lòt domèn ki sanble avè l tankou Kwochè, makrame elatriye. Staff Star en Herbe la te gen chans pou l te fè ti lodjans ak yon bèl demwazwèl ki se Koutiryè, Styliste, li fè kwochè, e l se yon antreprenè.
Li t ap reponn kèk kesyon. Ann gade Jan sa te ye.
Bonsoir Andie se yon plezi pou staff Star En Herbe antre lakay ou pou n fè ti pale.
Premye kesyon n Pou ou se
Kiyès ki Andie a?
- Bonswa tout staff Star En Herbe!
Mwen kontan la avèk nou tou e nou pral Pase yon bon moman ansanm.
-Bon non Andie se Andielica NICOLAS. E non Andie a te soti pa Yon Moun ki te chè ak mwen,pwiske m te renmen l,m te tou kenbe l.
Andie fèt 7 janvye 2001,Nan lokalite latibonit,li grandi pòtoprens e l fè tout etid klasik li la. Andie se Yon estilis nan mond kouti a,li fè kwochè,li Se Yon mannken,li se Yon jèn antreprenè (PDG ANDIE STORE) e kounya Andie Se etidyan nan otelri Answit kwizin.
An gwo Andie se yon tout package... Ak kiyes Andie ap viv?
- Ah wi,si nou ka Di l konsa.BAndie ap viv ak Paran l Answit 3 ti frè .
Eske Andie selibatè oubyen an koup?
- Andie Nan pwofon selibatè.
Eske Andie ka pale nou yon ti kal de kote pasyon l Pou kouti a soti?
-Pou m kòmanse egzakteman kote pasyon an soti Pou kouti,mwen t ap di depi Nan Nan laj anfantin mwen.
Rezon: Mwen sonje nan anfantin mwen,m te konn plede mande papa m poupe pou m te ka jwe(paske m se inik pitit fi fanmi an) m pat gen timoun vrèman Pou m te jwe.
Epi se konsa, lè l pot poupe pou Mwen, lè ti Rad poupe yo dekoud,m pran egwi ak fil manman m Pou m koud yo. Finalman, m te vin kòmanse anvi fè lòt ti rad nouvo met Sou poupe yo(paske m te kòmanse santi sa yo te achte ak tout poupe yo,pa bèl ankò🤭).
Nan konsa,m kontinye koud ti bagay poupe. Sa vin rantre nan koud pwòp ti Rad Mwen lè manman m pa la Ou byen l pa gen tan(menm si yo Pat konn koud bèl e m potko konnen si Se egzakteman koulè twal la pou fil Mwen ye). Se te konn katastwofik.
Lè m vin gen 12 lane,m t ap fè 8tyèm epi m vin jwenn yon ti lekòl kouti ki fenk ouvri,m te mande paranm enskri m e manman m te fè sa san pran tan. Menm Pat rive abouti etid la koz lekòl la te vin kraze.
Men, pwojè a pat kanpe. Nan segond,m t Al eseye kontinye, lekòl vin kraze ankò epi aprè m sot Nan egzamen filo,m te vin jwenn Yon lòt lekòl e sèt fwasi se te pou de bon,epi m tou boukle etid la ladann ,m gradye 30 Avril ki sot Pase a.
Donk se yon Lanmou ki soti depi w piti
- WI!
Kòman Andie wè domèn kouti a an ayiti? Sitou anpil fwa se yon metye ke yo minimize?
- Wi yo minimize metye a anpil. Men m kòmanse wè kèk ti chanjman ladann Nan mantalite moun yo,paske m wè anpil moun vin ap aprann metye Sa kounya.
An ayiti,Pou w fonksyone Nan domèn nan, fòk ou konn kreye, fòk ou gen kontwòl mache a ou byen antouraj ou e fòk ou konn sa w ap fè yo byen. Sinon,w ap riske pa JANM gen Anyen w ap fè ladann e w ap TOUJOU wè l se te Yon move chwa pami Sa w te vle aprann yo.
Ou di Nou ou fè lòt bagay ankò tankou kwochè
Eske w ka fè ti pale nou de sa?
- Euh wi,Mwen fè Kwochè.
Se te Yon zanmi m ki te konn fè l epi nan gade l k ap fè l,m te vin pran tiz🤭 epi m te di "pourquoi pas Andie🌝"?!
Epi Se konsa,m te vin fè l moutre m li epi a fòs m te entelijan e m te renmen Kwochè a,m te tou vin aprann li san fòse.
Menm pa t Al lekòl Pou li menm yon fwa.
An gwo se yon bagay ou aprann pa routin... Felisitasyon
Èske 2 domèn sifi pou rann yon moun edepandan finasyèman epi kijan w yo ka ede ayiti ekonomikman?
- Wi. Mèsi!
Wi li kapab. Men w konnen Se ayiti n ye,yo jis difisil. Men Depi moun Nan konn jere,lap ka fè gran efò.
Depandaman domèn nan. Ann pran egzanp sou kouti a,depi Yon Moun ou gen chòp(ki gen tout materyèl Yon koutiryè ka travay yo) e w gen kontwòl mache a,ou ka bay nenpòt moun travay.
Nou konnen ke pa gen anyen San obstak, ki Jan de obstak ke Andie rankontre Nan domèn sa yo? Sitou nou konnen Jan peyi Nou ye? E kijan w fè pou w pa sonbre?
- Anpil anpil obstak.
Pi gwo obstak Mwen ,se materyèl (mankman machin epi twal mwen konn anvi travay yo,pa genyen yo ayiti).
Sa vin rann,Pafwa gen de bagay Mwen wè m te ka kreye e ki te ka bay anpil jèn tankou m ti mwayen Pou yo Viv e ede pwòp tèt yo. Men malerezman.
Mwen natirèlman pa renmen kite ANYEN depase m,e si l ta konsa,m ap pran rekil mwen. Ki donk,mwen konn deja wè pwoblèm yo,mwen jis poze m epi m ap ret tann bon moman an Pou m fè sa m bezwen fè yo.
Eske w gen pepinyè Nan domèn sa yo? Tankou elev ou fè?
- Wi (Nan kouti a)!
Eske majorite rad ki sou Andie se travay li?
-Wi
Nan entwodiksyon an ou te pale ke w se PDG Andie Store... Kote ide a soti epi ki Jan yon moun ka kontakte Andie Store?
- Wi,m se PDG ANDIE STORE.
Ide kreye biznis sa te soti pa Yon zanmi m.
Mwen Pat menm sou lanse Yon bagay konsa. Men a fòs moman ki te anfas Mwen an te parèt difisil,m te vin afwonte l. Epi boom, ANDIE STORE kreye.
Yon moun ka kontakte ANDIE STORE vi a WhatsApp Sou nimewo Sa: +50932727638
Ou byen l ka rantre nan lyen sa https://chat.whatsapp.com/LU3JfS2Gbwf9uO01K6QDdH
,pou l ka rantre nan gwoup biznis la
Ki Kosey ou ka ba yon moun ki anvi suiv 4 domèn ou yo?
Kouri, kwochè, Antrepriz, Mannkina?
- Depi w anvi lanse w nan Youn nan bagay sa yo,se fè l san vire gad dèyè.
Tout gen pòt de soti pa yo e tout rantab depi w travay pou sa e depi w gen prensip ak disiplin.
Mèsi anpil Andie deske w te chwazi envitasyon Nou Jodi a.
Nou espere re genyen w ankò pou yon lot ribrik.
-Mèsi anpil ak nou menm tou ki te fè chwa de Mwen pou ribrik Jodi a.
M ap TOUJOU disponib Pou nou.
Redaktè: Wenderson PIERRE
Envite: Andielica Nicolas
Paj: Star en Herbe
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Categoría
Contacto la empresa
Teléfono
Página web
Dirección
Republique Dominicaine
Santo Domingo
