K-Dents

K-Dents

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de K-Dents, Santé/beauté, Cap-Haïtien.

09/11/2022
17/09/2022

Toujou vizite dantis ou pou kapab kenbe bouch ou ak dan ou yo an Sante
Ou kapab kontakte oubyen rele nan +509 34 56 5050
Like
Comment
Share

03/02/2021

Ou te konnen pouki sa dan nou yo rete nan plas yo nan bouch la?

Ebyen, se gras a lòt dan vwazin yo, tankou sa ki bò goch ak bò dwat yo ak sa ki anba yo.

Pèdi yon dan ka pa parèt si grav ke sa, men aprè yon kantite tan, dan ki an plas nan bouch la pral chèche tou natirèlman konble espas dan ki manke a si li pa ranplase rapidman.

Ki konsekans ki genyen lè ou pèdi yonn ou byen plizyè dan si ou pa ranplase rapidman?

● espas ki gen ant dan ki rete yo, pral pi fasil pou akimile kras manje ak plak dantè, kòm dan yo pral mal pozisyone, netwayaj la pral plis difisil e mwens efikas.

E se pral yon gran risk pou devlope kari ak maladi jansiv.

● Ou pral gen yon twoub lè wap manje yon bagay (manje solid), paske dan opoze sou ( machwè anlè / anba), pap gen ase sipò, rasin dan an pral soti gradyèlman nan machwè a, e ou ka pèdi yon lòt dan natirèl ankò. E lè sa, kapasite pou moun sa mastike a pral inevitableman redwi.

● Sa ka afekte fòm vizaj lan tou, paske grenn (oubyen plizyè ) dan ki manke yo, bouch la gen tandans pou li pèdi ti kal nan zo machwè a, lè sa, machwè a ap pèdi nan gwosè li aprè yon kantite tan.

● Souri an pral mwens bèl, paske deplasman dan ki te rete yo, nan chèche konble espas dan ki manke yo, pral pwovoke yon dezalinyeman de souri an.

Si ou renmen travay lan, an nou partajel, konsa, nou kapab ede yon pwòch nou san menm nou pa rann nou kont.

Nimewo telefòn nou se: 3456-5050
Whatsapp oubyen apèl

Si ou poko abone ak paj lan, ou kapab nan lyen sa👇
https://m.facebook.com/K-Dents-101886084884558/

Ou kapab suiv nou sou Instagram nan lyen tou👇
https://www.instagram.com/k_dents_official/

19/10/2020

Un sourire ne coûte rien, mais il crée beaucoup.

C'est tellement émouvant 🤗

Pa pase videyo sa pou pa li l' du début à la fin.

PS: pa bliye partajel

02/10/2020

Orthodontie ( sèk dantè ) de l'adulte au service du sourire😁.

Pi grand objèktif trètman sa, se te fèmen espas ( diasteme ) dan anba yo, men sitou pou mete yon bon rapò ant dan anba yo ak dan anlè yo.
Dayè se kondisyon ki endispansab pou gen yon bòn atikilasyon machwè anba a ak zo tèt la.

Pa bliye abone ak paj lan nan lyen sa👇
https://m.facebook.com/K-Dents-101886084884558/

-Nimewo telefòn nou se 34565050

25/09/2020

Nan imaj sa, m'ap prezante nou yon ka ( bouch ) ki te prezante jodi an ak anpil tart, e kòman nou te trete l'. Epi ki konsekans tart lan genyen.

Tart la se yon depo di ki gen koulè jòn, li toujou gen tandans pou li irite jansiv lan, ( jansiv la ap senyen, sitou le ou ap bwose dan yo), e lè sa, jansiv lan pral fè rekil.

Zo ki antoure rasin dan an pral detwi par yon pakèt mikròb ki kole sou tart lan.

Ki konsekans ki genyen?
Dan yo ap gen tandans ekate, nan sans yon evantay, lè sa yo pral souke e menm ka tonbe.

Trètman an se: PWOFILAKSI.

Pa bliye like paj lan, partaje l', oupss, surtou abone nan lyen sa👇 https://m.facebook.com/K-Dents-101886084884558/
pou pa rate okenn piblikasyon.

Nimewo telefòn nou se: 34565050

Photos from K-Dents's post 22/09/2020

Nan imaj sa, map prezante n' yon yon travay ke mw reyalize pou yon ti moun ki te pèdi souri l', koz, dan devan li yo te gate avèk kari.

Pa pase imaj lan pou pa li tèks lan, li kapab edew, ou menm👉, a kenbe dan ou yo an sante.

▪ Si gen kèk moun ki gen plis avantaj pou devlope Kari dantè, pa gen moun ki imnize. Pou evite Kari an, li enpòtan pou gen yon bon reflèks sou sa ke mw pral di w' yo.

Tout moun ka atake par kari dantè. Aprè yon etid ke OMS fè a travè lemond, plis pase 60% timoun ki lekòl ak prèske 100% granmoun yo gen kari dantè.
Kari a pa sèlman sou dan dèyè yo, li ka parèt sou tout dan yo, menm ensiziv yo ( dan devan yo) ke yo te tanporè oubyen definitiv. An gwo, depi gen dan, ka gen kari.

Kari a 《 se yon demineralizasyon tisi di yo ki fèt apati fèmantasyon asid s*k par bakteri yo》,
" sa vle di, yon kantite bakteri karyojèn elve ak s*k nan bouch lan, ki pral fòme twou nan dan yo, sa ke nou rele kari dantè a."

•Siy ki ka montre w' ke ou gen kari.

Li kapab: "KOULÈ ak DOULÈ".

Toujou verifye dan nou ak timoun yo pou nou ka detekte kari yo.
Pwen nwa ke nou wè pafwa sou dan yo, se bèl e byen kari yo ye, men kari arete. Sa vle di, " yon kari ki te kòmanse ap antre trè fon anndan dan an akoz de yon move bwosaj oubyen twòp s*k ki te nan bouch lan, men ki fini par kanpe paske, abitid bwosaj ak tip manje pasyan sa chanje." Sa pa vle di ke kari an geri, men pito li kanpe nan pwogresyon l'.

•Yon doulè kapab siy de yon kari tou.
Men doulè a pa menm jan kay yon granmoun ak timoun.
Kay granmoun lan, kapab gen yon doulè figas ( lè dan an lanse moun lan, doulè a pa rete), doulè sa fèt par yon bagay ki frèt oubyen prezans s*k nan bouch lan, nan ka sa, li kapab siy yon ti kari. Parkont, yon doulè ki entans, ki pèsiste, se siy ke kari an gentan enstale, lè sa li pi grav.
Dan tanporè ki nan bouch timoun lan pa gen menm fizyoloji ak pèmanant ki nan bouch granmoun lan. E la, se pa kari a an swa ki pral fe ti moun lan mal, m'en pito se manje ki pral kache nan twou ki fòme par kari an e ki pral kole sou jansiv ki anflame a.

● Toujou vizite dantis nou evite pwogresyon kari yo.
Si ou gen doulè ak sansibilite, mw konseyew' al wè yon dantis. Si kari a pa trete, lap pwogrese jis li twouve nannan dan an ( pulpe ), ki se yon rezo de nè ak veso sangen anndan dan an. Yon enfeksyon, ka okazyone sa nou rele, yon Absè. Yon kari ki pa trete ka koz yon dan detwi konplètman.

• pou trete dan ki karye a, dantis lan ap retire tout zòn nan dan an ki vin mòl akoz kari an, si kari an pa rive jwenn nannan dan an, lè sa dantis lan ap dispoze rezin konpozit pou li konble kavite epi evite yon lòt kari devlope ankò. Men si nannan dan an te touche par kari a, lè sa yon trètman plis avanse pral nesesè. Parfwa ou pral oblije poze yon kouròn e menm retire dan sa.

• pou nou evite Kari a, bwose dan yo regilyèrman plis ke nesesè, pou pi piti 2 fwa chak jou, le maten lè nou fin manje ak avan nou al dòmi. Aprè denye bwosaj lan, nou pa dwe manje ni bwè, sèlman dlo nou ka pran, si non, fòk nou rebwose dan yo. Se pou sa li toujou nesesè pou nou sipèvize bwosaj dan timoun yo, e sa, depi lè dan parèt nan bouch li. Toutan timoun lan paka ekri kole, li pa gen yon motrisite fin pou li bwose dan l' li menm sèl.

• konsa tou, gen moun ki ka devlope Kari plis ke yon lòt, e dwe ale kay dantis yo pi souvan.

Ki sa ki ka koz sa?
Dabò se kalite dan yo ak saliv lan ki diferan, kapab dan yo ki twò sere oubyen lè dan yo gen tandans a monte youn sou lòt, lè sa ap gen plis chans pou kari fòme sou dan yo.
Yon moun ki te deja gen kari ka redevlope kari.
E map konseye nou, pou toujou ale kay dantis chak 6 mwa ak yon timoun ki te gentan devlope Kari.
Depi nan premye dan pèmanant ki parèt nan bouch timoun lan, dantis lan ka poze yon Vernis Fluoré pou li ranfòse e evite Kari an.

Vizite dantis ou, epi swiv prensip ijyèn yo se pi bon mwayen pou nou kenbe bouch nou an sante.

Si nou swete antre an kontak ak mw, nou ka fè sa sou 34565050

Pa bliye like epi abone ak paj lan sou lyen sa👇
https://m.facebook.com/K-Dents-101886084884558/

Photos 21/09/2020

Port du masque et mauvaise haleine : comment y remédier ?

Porter un masque chirurgical ou en tissu pour se protéger du coronavirus empêche l'air de la bouche de se renouveler et favorise la mauvaise haleine.

•Comment l'expliquer ?
•Quelles solutions pour en venir à bout ?

_Conseils du Dr Edmond Binhas, chirurgien-dentiste.

On peut avoir cette désagréable sensation d'avoir mauvaise haleine lorsqu'on porte un masque pendant un long moment.
•Comment l'expliquer ?
•Quels signes doivent alerter ?
•Que faire pour y remédier ?

_Les conseils du Dr Edmond Binhas, chirurgien-dentiste.

Pourquoi a-t-on mauvaise haleine lorsqu'on porte un masque ?

Le port du masque n'est pas un déclencheur de la mauvaise haleine mais il peut la révéler. "Quand on respire dans un masque, les gaz qui sont inhalés restent à l'intérieur du masque. Et comme ces gaz ne peuvent pas correctement s'échapper dans l'air à cause de cet écran placé devant la bouche, il y a une augmentation de la concentration en composés sulfurés volatils (CSV) : ce sont ces éléments chimiques qui sont à l'origine de la mauvaise haleine", explique le Dr Edmond Binhas, chirurgien-dentiste. De plus, on a tendance à moins s'hydrater lorsqu'on porte un masque, parce qu'il faut le retirer avec précaution et le remettre à nouveau. La cavité buccale devient ainsi plus sèche et entraîne une impression de bouche pâteuse et de mauvaise haleine.

Masque jetable ou en tissu... Lequel choisir pour éviter la mauvaise haleine ?

Préférez les masques chirurgicaux, en microfibres non tissées ou en lin.

Les masques trop hermétiques (comme les FFP2, les masques en tissu trop dense ou les masques "à bec de canard") sont difficiles à supporter longtemps : "avec ce type de masque, on a tendance à avoir une respiration plus rapide et à hyperventiler" nous indiquait le Dr Sophie Silcret-Grieu, allergologue dans une précédente interview. Moins le masque est respirant, plus l'air qu'on expire restera à l'intérieur du masque et plus vont se former des composés sulfurés volatils. Pour limiter le risque d'avoir mauvaise haleine, on préférera les masques de type chirurgical (jetable), qui laissent passer l'air sur les côtés, ou en tissu plus respirant (en microfibre non tissé ou en lin par exemple) Par ailleurs, il convient de s'assurer que le masque est à la bonne taille, pas trop serré pour ne pas vous empêcher de respirer.

Que faire pour éviter la mauvaise haleine ?

Si cette mauvaise haleine persiste et devient vraiment incommodante, il faut consulter un dentiste qui réalisera un détartrage, un curetage dentaire et vérifiera que vous n'avez pas d'affections bucco-dentaires. Si le dentiste ne trouve pas de causes intra-buccales, il pourra vous orienter vers un médecin (un gastro-entérologue par exemple) pour faire d'autres examens. "De manière générale, on conseille de consulter un dentiste au moins deux fois par an pour réaliser les soins nécessaires de détartrage et pour vérifier l'état des dents, des gencives et de la langue", recommande le spécialiste.

10 solutions contre la mauvaise haleine

Quelles sont les causes d'une mauvaise haleine ?

70% des cas de mauvaise haleine sont d'origine intra-buccale. Cela peut être dû à un défaut d'hygiène bucco-dentaire, à des affections des dents, des gencives ou de la langue. 30% des cas d'halitose sont d'origine générale : alimentation (ail, oignon, fromage, épices, café, alcool), problèmes gastriques (ulcère, reflux gastro-œsophagien...), troubles ORL (sinusite par exemple), prise de certains médicaments (certains antidépresseurs par exemple), tabac ou encore grossesse. "C'est une période qui se caractérise par un taux plus élevé en hormones qui peuvent entraîner une surproduction de plaque dentaire et favoriser l'apparition d'une mauvaise haleine".

Photos from K-Dents's post 18/09/2020

CARIE

Zones des dents abîmées de manière définitive, et qui finissent par former des petits trous.

Les causes sont les bactéries, les collations, les boissons sucrées et un mauvais nettoyage des dents.

Il est possible qu'il n'y ait aucun symptôme. Les caries non traitées peuvent provoquer un mal de dents, une infection et la perte de la dent touchée.
Le traitement repose sur des actes médicaux et l'amélioration de l'hygiène dentaire.

Les traitements incluent le fluorure, le plombage et la pose de couronne. Les cas les plus graves nécessitent un traitement du canal radiculaire ( endodontie ) ou une extraction.

14/09/2020

Ki konsekans alitoz la ( lè bouch moun nan gen move zodè) ?

Pi gwo konsekans lan se sosyal e s*kolojik. Li ka fè lòt moun izole de ou, sitou nan nivo timoun lekòl, moun lan ka vin gen problèm nan estim li gen pou prop tèt li, ki ka vin koz, kapasite entelekyèl moun lan diminye, sa ka menm lakòz li tiye tèt li Selon jan antouraj li reaji. Li ka gate anpil amitye e menm maryaj.
E moun ki gen alitoz lan pap souvan remake sa, pafwa se yon pwòch li oubyen yon zanmi ki ka fe li santi sa.

Alitoz pa yon fatalite e li ka trete. Alò vizite dantis ou regilyèman epi kenbe bon jan prensip ak abitid ijyèn pou nou ka evite li vin yon problèm pou ou.

Si ou vle kenbe bouch ou an sante brose bouch ou souvan, vizite dantis ou tanzantan epi fè yon profilaksi chak 6 mwa.

Numero pam se: +509 3456-5050

Ou ka toujou konakte pou plis konsèy.

Si tèks lan te itil ou, pa bliye patajel sou paj ou, avèk tout zanmiw.
E tou, pa bliye abone ak paj lan sou lyen sa👇
https://m.facebook.com/K-Dents-101886084884558/

13/09/2020

If you would like to receive more information, you can always contact us via telephone number: +509 3456-5050
C'est possible 🤗

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Cap-Haïtien ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Cap-Haïtien
HT1110