Capill'Hair
Nos cheveux naturels sont beaux.
19/09/2025
Medam apre akouchman
Nou konnen kò a fatige, nou bezwen repo, pran swen tèt nou se pa yon opsyon, se yon nesesite. Pa fèmen tèt nou ak 10 rad, 5 chosèt, koton nan trou zòrèy nou epi refize benyen pandan plizyè jou.
Apre akouchman an san (lochi) kontinye ap koule, lèt ap koule, chalè ap monte, lè pa sikile nan kay la... tout sa yo se kondisyon ki pa agreyab ni pou ou ak bebe ou ak ni pou patnè ki ap pataje vi w la.
Anpil nan nou lè nou fè pitit, nou lage kò nou nèt, nou pa pran swen tèt nou ditou, e nou paka di ke nou santi nou byen nan pwòp po nou. Wi, patnè nou ka plenyen, men pi gwo verite a se nou menm ki ta dwe santi nou alèz nan pwòp kò nou anvan tout bagay.
Manman, benyen, kite kò a respire, pran ti tan pou ou menm. Pran swen tèt ou se pa sèlman pou mari w, se pou tèt ou, pou pitit ou yo, pou sante ou. Ou merite rete pwòp, bèl, ak an sante menm apre akouchman w.
Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)
19/09/2025
Apre yon fanm fin akouche, si li te bezwen koud (paske li te chire oswa yo te fè epizyotomi pou ede bebe a sòti), doktè oswa enfimyè konn mete yon boul konprès (yon ti twal medikal esteril) nan vajen an pou ede sispann senyen pandan yo ap koud li.
Pwoblèm nan se ke boul konprès sa pa fèt pou rete andedan bouboun nan lontan. Li sipoze retire touswit apre pèsonèl sante a finn koud oswa anvan manman an kite espas li tap akouche a.
Men pafwa inatansyon oswa pou yon rezon ou yon lòt yo ka bliye retire l, malgre se yon bagay ki pata dwe rive eke pa gen okenn eskiz pou sa. Men nou sipoze konnen tou paske se mèt kò ki veye kò.
Si li rete andedan bouboun nan apre kèk jou, boul konprès la kòmanse bay yon move odè.
Si li kontinye rete la, sa ka lakòz enfeksyon grav nan vajen.
Enfeksyon sa ka gaye nan tout kò a (yo rele sa septisemi), e li kapab mennen nan lanmò si yo pa trete l li nan bon moman.
POUKISA SA ENPÒTAN POU KONNEN?
Gen manman ki pa konnen sa, yo panse se yon bagay "nòmal" oswa yo panse ke se paske yo pa pran vapè ki lakoz yap degaje movèz odè, tandiske vrè koz la se konprès yo te bliye retire a. Gen ka kote fanm yo pase plis pase 1 a 2 semèn ak konprès sa a andedan san yo pa konnen.
KISA POU W FÈ SI SA RIVE?
- Si ou remake yon move odè apre akouchman ki pa nòmal, premye bagay pou verifye se si gen yon konprès toujou andedan.
- Si ou jwenn li, retire l touswit epi lave w byen.
- Si odè a fò, ou santi doulè, oswa ou remake pèt anòmal, ale lopital san pèdi tan pou yo verifye pa gen enfeksyon.
Li enpòtan pou pataje enfòmasyon sa a ak lòt jèn manman, paske pafwa yo mouri san yo pa konnen se te yon senp konprès yo te bliye retire.
PédiActu Fam Pédiactu Pédiactu Family (PédiactuFam)
19/09/2025
30/07/2024
Capill'hair growth oil
14/07/2024
12/06/2024
Avec de la patience et de bons ingrédients, on peut avoir de beaux cheveux.😍
28/02/2024
Pase pran pwodui paw la nan :
☘️ CANAPÉ-VERT ➡️CLINIQUE MÉDICALE DR JULIEN (CMEJ) ➡️ 12, rue Sainte-Marie prolongée, Canot
☘️CANAPÉ-VERT➡️CMEJ PHARMA ➡️ #47, impasse Gérard (dos Iguana)
☘️CROIX-DES-BOUQUETS➡️ MPS➡️ Santo 15A
☘️AUX CAYES➡️ FM2 PHARMA ➡️ #40 rue du peuple, en face 1ère Eglise Baptiste (Pasteur Ludest)
☘️USA➡️ contacter le +509 4146-6141 pour les commandes
10/02/2024
Dîtes adieu aux pellicules et aux cheveux cassants.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Adresse
Croix Des Bouquets
