Charles Emmy Sadanah

Charles  Emmy Sadanah

Partager

Belle

Photos from Charles  Emmy Sadanah's post 20/08/2023

I love you 😘

08/12/2022
Photos from Charles  Emmy Sadanah's post 25/07/2022
10/04/2022
04/04/2022
24/03/2022
09/03/2022

Pandan nap selebre jounen dwa fanm ,ann wè ansanm 13 bagay ou te ka pat konn de fi e dim ki nimewo ou pat konnen... pa bliye pataje post la

1- nouve ne fi yo pi rezistan ke nouve gason yo e sa ki eksplike gen plis ti bebe gason ki pako gen 28 jou ki mouri ke ti bebe fi

2- sèvo fi atenn matire pi rapid ke gason se sak fè maladi ki lye a imatirite sèvo an se plis ti gason yo touche

3-ti mesye sa pa konn rive wap fè diskisyon a mennaj ou sou yon rad ou estime ki pwòp li menm li diw li sal ? Oubyen yon rad ou di ki blan li menm li diw li krèm sa lye a koz langaj koulèl pi devlope ke gason e anpil etid konfime sa

4- kòtèks nan sèvo pou pran desizyon pi devlope lakay fi ke gason se sak fè fi gen kapasite pou fè plizyè travay an menm tan , se pa pou gran mesi yo rele yo poto mitan kay

5- daprè anpil obsèvasyon yo remake fi an gen kapasite pou angrese patnè l,yo remake anpil gason ki angaje yo nan relasyon alontèm ane an ane yo vin pi gwo, ou konn wè nèg la tou mens li nik marye men gwosès toro an😂 yo konkli gen 2 posibilite yo byen nouri gason an swa yo vle nèg la vin pi fò pou proteje yo poul gen yon gwo gason kotel, oubyen envolontèman yo vle rann neg la mwen atiran pou lòt fi pa proche

6- kò fi mwen rezistan a alkòl pa rapò a gason sa lye a anzim ki metabolize alkòl lan ki mwens lakay fi ke gason, yon fi ki bwè anpil gen plis chans fè maladi fwa ke gason

7-sèvo gason pi gwo ke fi ò yo gen menm kantite selil(pi piti inite nan kòw ki pèmèt ou viv) sa vle di sèlil nan sèvo fi an pi anpile, e aprè kèk etid yo remake fi an itilize sèvol pi efikas ke gason , nan tès memwa anpil fwa fi yo toujou fè plis skò ke gason

8- fi jere finans pi byen ke gason aprè yon etid an espay yo estime envestisman medam yo pi rantab jiska 7% pa rapò a gason , lakay nou wap wè anpil fwa kòmès medam yo mache byen rapid ...yo konkli sa lye a le fèt fi pa renmen pran risk e ke yo pi aprann de erè pase yo

9-fi gen pi bon memwa ke gason? Ti mesye nou eseye fè diskisyon a mennaj nou deja?gen de bagay lap diw te fè ou konn fè tout yon nwit aprè diskisyon an pou sonje bagay sa ou paka sonjel

10- fi kondwi pi byen ,kondwi byen pa vle di lèw ap fè eksè vitès ou pa fè aksidan men se lèw ap kondwi a pridans ,anpil etid montre fi pi vijilan e pi kalm ke gason lè yap kondwi

11- an mwayenn yo pi briyan lekòl ,kisa ?? E wi aprè anpil etid yo remake nan majorite ka fi aprann pi byen ke gason nan anpil peyi, a koz fi pi atantiv pi fleksib e pi òganize ,e nan sektè medikal an Haiti ,nan pifò fak medsin yo m pa di tout poum pa ekjajere gen plis fi ke gason , medam yo pase konkou pi fasil ke gason

12-fi ka li nan vizaj, ti mesye nan karyè jènjan nou lè nap koze a yon fi nou pat konn remake yo toujou ap gadew pi yo konn rete yo di "ou sanble yon blofè" 😂sans obsèvasyon yo trè devlope sa ki fè yo trè pèfòman nan etèraksyon sosyal , wap wè anpil fwa nan gwoup entèrasyon sosyal se fi ki dirije yo , an revanch gason pi bon nan deteksyon kolè e dezi ,medam nou mèt kwè mennaj nou konn lè nap fè kolè e lèn bezwen yon bagay 😂

13-an mwayenn fi viv pi lontan ke gason , denyè statistik mondyal yo montre fi viv an mwayenn 2 a 3 an anplis gason anpil chèche konkli sa lye paske fi an pran mwens risk a vil e pi pridan a santel

medam nou se yon mèvèy, bon konba a tout fanm nan sosyete an

Like & pataje
Tag yon moun li avèw

Ki nimewo ou pat konnen ?

Norbrun Kerry Care-ry

credit photo : Fednaelle Saina Francois

27/02/2022

Leve pitit gason'w lan ekzakteman jan'w t'ap renmen pou mari'w ye

Pitit gason'w lan ap gade'w ou se premye fanm li renmen ou se fanm k'ap gen pi gro enfliyans sou li, li tankou pat a modle nan men'w ou ka ba li fòm ou vle fè'l jan'w vle.

Si'w dakò nèg ap souflete'w devan'l pa sezi lè'w wè l'ap maspinen pitit lòt moun, si chak jou ou bal yon neg pou'l rele papa pa sezi lè'w wè chak semèn li chanje menaj. Si nèg ou te konn pran yo pat janm pran'w pou anyen te toujou ap fè'w kriye li gen anpil chans pou'l pa pran fanm pou anyen tou pou'l pa ba yo enpotans lè'l komanse fè menaj. Si'l leve jwenn w'ap travay di pou'w okipe jenn gason li pap ka tann pou'l gran tou pou'l ka jwenn yon fanm ap travay di pou okipel, paske se konsal leve jwenn manman'l ap fè. Menm si ou pa kretyèn mennen'l legliz aprann li priye, ou menm tou priye pou demen'l pou avni'l lage tout vi'l nan men Bondje.

Si'w rayi nèg parese aprann pitit gason'w lan fè travay fè'l ede'w nan tout sa w'ap fè nan kay la moutre'l fè manje lave epi repase. Pa fè'l konnen ke se yon pye bwa ou souke pou'w jwenn lajan men eksplike'l jan'w travay di e ke se paske'w t'al lekol ki fè'w ka reponn a bezwen'l san èd papa'l. Konsa l'ap konnen enpotans lekol zanmi pap ka detounenl paske l'ap konnen poukisa'l chita sou ban sa. Ou pa la selman pou'w achte video games pou li men fo'w achte liv pou li tou, toujou asire'w ke'l konnen leson'l avan'l al jwe. Pini'l lè'l pa fè bel mwayèn Moutre'l ou fache lè'w wè plizyè ti fanm ap rele'l vire tounen palel de danje ki genyen nan sa tanke'w aplodi'l tanke'w ap fè djolè di pitit ou jènjan. Achte yon kapot moutre'l li di'l me kisa sa ye me kisa yo fè avè'l me poukisa sil komanse nan fi li dwe toujou itilize youn. Pa leve pitit ou tankou menm nèg ke'w te rayi yo.
Pa bliye LIKE paj la

19/02/2022

Men yon ti solisyon pou medam yo,pa gen anpil fi ki gen konesans sa yo ekzèsis Kegel li bon pou medam yo travay perine yo, ou ka asosyel a "boule de Geisha" , wap gon perine a yon vajen ki tòf,pataje tèks sa pou plis fi jwenn konesans paske li bon pou fanm ansent ki vle fasilite akouchman, ki pa vle pran sizo ni gen emowoyid , li bon pou fi ki konn gen vajen kap fè bri tankou pete lè yap fè sèks e vajen ki lach

Avanm kòmanse map di nou medam Sin ta renmen gen boul de Geisha rele nan +509 44 04 0140
Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre an kontak dirèk a yon responsab kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Ekzèzis kegel a boul geisha ranfòse perine medam yo, perine an son "muscle" ki nan ti espas ki nan mitan twou vajen an a twou dèyè ,li soutni vesi, matris, entesten(trip), lè w kontraktel vajen an kontrake tou, siw vle stimilel, fè mouvman komsiw tap kenbe p**i epiw kenbe p**i an , wap wè ti espas sa kontrakte, medam ki ansent yo avan nou fè mouvman sa yo, fòk nou gon gwosès ki an bòn sante, siw gen pwoblèm li pa konseye

Ann kòmanse a ekzèsis Kegel yo ,li gen non sa se paske premye doktè ki te travay sou perine an se te Dr Arnold Kegel ki te yon jinekològ nan ane 1948, li te envante mouvman sa se pou anpeche medam yo pran sizo a operasyon, e pou dekontrakte perine an

Fanm ansent konn gen pwoblèm kenbe p**i pandan akouchman oubyen aprè,li ede medam yo akouche pi fasil paskel ede yo konprann mouvman kontraksyon a relachman pandan akouchman e lèw ap sèvi a "Boule de Geisha" se mouvman kontraksyon a relachman ou pral fè lèw metel nan vajen an, ou tou antrene pou akouchman,ekzèsis sa yo nou pral pale la pèmèt fi an gon bon akouchman e poul reprann aprè akouchman

medam yo konn ap fè sèks vajen yo ap fè yon bri tankou pete , oubyen vajen an konn lach, se solisyon nou medam

Avan w fè ekszèsis Kegel yo li enpòtan pouw lokalize muscle ou pral travay la, m te di nou se espas ki ant vajen a twou dèyè an,fè komsiw tap p**i epiw kenbe p**i wap santi zòn sa kontrake

Pou fi ki fenk akouche yo li pa enpòtan pouw plede fè ekzèsis Kegel nan premye semenn yo aprè akouchman li ka reveye doulè, 3 seri de 10 repetisyon sifi

Se 4 Ekzèsis yo ye ann kòmanse a 1

Ekzèsis 1
Avanw komanse ,ou dwe p**i e al twalèt, si vesiw plen ou ka p**i sou ou e reveye doulè
-kontrakte sèlman perine an pa kontrakte ni vant ou ni dèyèw, ou ka met yon men sou vant ou pouw sa sure ke w pa kontrakte vant ou
-respire byen pa bloke respirasyon

-chita sou yon chèz ou yon ti kote
-kontrakte perine an pandan 5 segond epi lachel pandan 10 s, pa fè plis ke tan ke sa
-pran yon ti poz de 10 segond epi rekòmanse, pratike ti ekzèsis sa pandan 10 fwa pandan 3 a 4 fwa pa jou

Si 5 segond twò di ,ou ka fè 2 a 3 segond, ou ka relache pandan 4 a 6 segond

Siw gen do oubyen vant fè mal se kew mal fè ekzèsis la, sa di se dow a vant ou, ou te kontrakte olye de perinew,nan ka sa plake dow nan mi siw chita

Ekzèsis 2
-kouche sou do,tèt ou dwe atè ,relache dow atè an,bra lon kòw, pyew atè janb ou pliye, sere youn kont lòt , kontrakte perinew pandan 10 segond relachel pandan 10 segond

Ekzèsis 3
Kouche pi pliye jenouw,
Enspire pwofon(rale lè antre)
-soufle lantman pandanw ap kontrakte perinew , kenbe souf ou, fè komsi lè an tap sot nan vant ou pou monte nan pwatrin ou, vant ou ap antre epi pwatrin ou ap bonbe,sa pèmèt muscle perine an byen kontrakte , ekzèsis sa pèmèt moun liberasyon tansyon fizik e chase strès tou

Ekzèsis 4
Kouche sou do kenbe tet ou sou sòl la ,kontrakte dèyèw ,pi souvle dow lantman pandanw ap kontrakte perinew, kite tèt ou sou sòl la pandanw ap leve dow , enspire (rale lè)pandan 10 segond, pi redesann dousman pandan ap soufle, depoze dow dousman relache muscle e pratike ti ekszèsis sa pandan 10 fwa afile

Ann wè kèk efè boul de Geisha li menm
premye efè an nou konnenl li miskle perine an lè fi an antre l nan bouboun li e fè ekzèvis , mouvman reflèks perine an kapte boul yo anndan bouboun fi an, sa vin rafèmi a devlope miskl nan perine yo a nan vajen an, sa depann de nonb boul a pwa boul nou itilize yo paske pake an gen plizyè boul

2-gen de fi ki konn paka kenbe p**i aprè yon operasyon nan basen ki konn koze domaj, tankou pou kis, sezaryèn oubyen fibwòm etc...boul de Geisha yo anpeche sa, paskel miskle rejyon nan basen an, a koz de perine an ki fò an wap ka solitite l pou kenbel

3-li bon pou fi ki gen vajen sèk ki paka mouye,sa ki konn blese vajen fi an oubyen peni gason an pandan rapò an paske lè fi an pa byen mouye fwotman yo ka blese peni gason an oubyen vajen fi an,
Lè medam yo sèvi a boul de geisha fwotman boul de Geisha a pawa vajen an stimile sekresyon(bay ti likid) vajen an e fè fi an mouye .

4-li bay plis plezi nan rapò seksyèl yo akoz li travay kouch "muscle" ki nan vajen an, bouboun fi an byen sere, li byen kenbe peni an e gason an jwenn plis plezi e fi an tou paskel pèmèt yon afli san nan rejyon vajen an

Kijan poun sèvi avèl?
1-avann sèvi avèl ,dabò fòn al p**i poun vide vesi nou medam,aprè lave men nou, mete boul yo tranpe nan dlo cho pandan yon ti tan pou elimine jèm mikwòb yo oubyen lave yo a savon,pou pa pote jèm mikwòb nan bouboun nou

2- avanw antrel ou ka met ti dlo sou li, oubyen sèvi a librifyan pou librifyel pou fasilitel antre l( siw genyen) antrel dousman oubyen virel pandanw ap antrel, antre youn oubyen 2 sa depann de ou paske lè nachtel yap wè jan yo prezante kite tifil la deyò

Ou ka sèvi avèl chak jou pandan 10 a 30 minit , lèw metel ou ka fè mouvman pou kontrakte vajenw ,konsa tou ou ka metel epiw okipew de tout aktivitew san pwoblèm san fòse anyen, senpleman rete an mouvman lèl nan bouboun nou,poun ka travay "muscle yo"

Aprè 10 a 30 minit (30 minit se tan ideyal la)Lè nap retirel kounya detann nou,rale fil la,retirel delikatman san fòse netwayel epi metel yon kote ki pwòp

Ki boul pou chwazi ? Pouw konn a ki boul pou sèvi sa depann de nivo miskilasyon perinew lach tankou aprè akouchman oubyen aprè menopoz komanse a sa ki gen 3.5cm dyamèt la

Lè rejyon an komanse miskle ou ka pase a yon pi gwo boul oubyen 2 boul,siw pako gen pitit ou gen mwens ke 30 an ou ka sèvi a sak pi piti an avan e detanzan lè vajen a perine an byen miskle ou ka sèvi a yon pi gwo yo

Sin ta renmen gen boul de Geisha medam rele nan +509 44 04 0140

Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre dirèk a yon moun kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Like & pataje
Tag yon zanmi li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Croix des Bouquets ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


En Plaine Marin 26 Impasse Le Refuge
Croix Des Bouquets

Heures d'ouverture

09:00 - 17:00