Ti koze sou tout bagay
Ann feti koze, pounou gade sou Kisa ide ki nan tèt Nou kanpe.
Mwen tap ri Nou anpil kòm pèp poun ta kite nèg yo voye Rameau Normil ale, epi pou yal pran pòz bese kòlè Nou avèk lòt DG. Tout dwe ale Pa dwe gen ni CPT ni 1e minis, bay yon nèg ki konn sekirite dirije peyi a.
Kòm se Jaden sòlda Kenyan an konn fè, lap byen plante yon ti diri latibonit avèk nèg yo.
28/03/2025
Lè nap pale de edikasyon, Nou wè 3 eleman endisosyab ki se: aprenan, anseyan epi konesans. Esak fè yo konsidere edikasyon an kòm yon pwosesis ansèyman/aprantisaj, kote ke relasyon 2 aktè(anseyan/aprenan) sa yo sipoze kle pandan ke konesans ap pataje.
Men selon sa kèk anseyan rapòte, gen plis ke 10 lane eke yo pa ka jwenn aprenan de kalite ki vle patisipe aktivman Nan kou yo men pito yon seri ki vle pase klass yo San travay. Aprèm fin tande kèk anseyan epi gade reyalite peyi a epi mond lan, mwen deside di Sam panse sou fenomèn sa.
1-chak sosyete, nanw peryod done, Nanw moman done, bay yon seri de aktivite plis valè kew seri de lòt, e sesi moun ki ka fè aktivite sa yo, yo konsidere yo kòm moun ki entèlijan, kòm moun kap mennen. Pa egzanp: genw peryod se moun ki te fò Nan matematik e ke Nan anpil sosyete yo te konsidere kòm moun fò, men Nan fen 90 yo pou antre 2000, se moun ki fò Nan enfòmatik e ke yo vin konsidere kòm moun ki fò. Savledi yon nèg ki gen matematik sou li toujou entelijan men peryod li tap mennen an pase. Kisam vle di pa la? Genw peryod, anpil aprenan te dakò pou yo fè siksè, fòk se bèt yo pou yo te bat, fòk se bèl mwayèn pou yo te fè pou yo te pale de yo, men kounya se diferan. Aprenan yo wè pou yo pale de yo, se sou entènèt la pou yo rete, kreye yon seri de kontni enteresan, sa ka ba yo plis valè kew moun kap fè bèl mwayèn lekòl. savledi anpil aprenan konsidere siksè yo pi fasil sou rezo yo ke chita Nan klass swiv anseyan pou fè bèl mwayèn.
2-Pa rapò a mond lan kap evolye, anpil elèv pa konsidere yon pakèt anseyan kòm modèl Ankò. Modèl anpil Nan yo se sou rezo sosyo a li ye oubyen lòt moun Nan antouraj yo ki pat ekselan Nan lekòl men kap byen pase. Ki donk si aprenan an pa konsiderew kòm modèl, li gen anpil chans pa pran plezi Nan ansèyman ou an fasil. Ouka ap fè kou epil sou rezo a ap gade moun kel renmen an, oubyen modèl de reyisit li a
3-Aprenan yo gen anpil moun ki fè siksè Devan je yo sitou dènye tan sa yo men ki pat fò lekòl. Pandan ke yap tande Nan nouvel kijan leta pa ankadre moun ki ekselan yo, Pafwa li fè yo pwomès kel pa menm respekte. savledi pou anpil Nan yo fò lekòl pa egal a fè siksè, yo pa genw fòk pou yo aprann.
4- Pou anpil aprenan, mond lan vin trè ekonomik, depi yo gen lajan, tout bagay posib. Esak fè yo konn menm achte nòt oubyen mwayèn.
5- Pwoblem peyi a koz anpil aprenan demotive, eke tout espwa yo fixe vè letranje paske lekòl Ayiti pa itil yo yon m***e. E lè yo ta vwayaje si yo pa gen bon fanmiy, sa yo te aprann Ayiti a gen plis chans pa itil yo anyen.
6-Anpil timoun ki lekòl kounya a pa sou zòd paran yo, anpil Nan yo pa leve nanw atmosfè de respè e daprantizaj. Yo fè sa yo vle, yo di sa yo vle. Lap difisil pou Nan klass pou timoun sa yo ta fè bon elèv.
7- Timoun yo pase tout tan yo sou rezo olye de ouvri liv avèk Kaye. Sa vin koz ke Nan 1 ou 2 mwa yo Pedi FIL kou a, sa koz yo paka ratrape yo, sa ki pral debouche sou dekourajman avek tibilans.
*Mwen panse ke gen anpil lòt faktè toujou ki fè ke anseyan yo pa ka jwenn aprenan de kalite, map tann ou ajoute paw yo, men pou mwen sa yo se fondamantal.
* Kounya sak enpòtan an, Nou bezwen ke anseyan yo konsyan de faktè sa yo pou aji, si non ke yo bay vag paske oute gendwa ka fè lekòl an 2000 men pa rapò a Jan reyalite yo vin prezante a oupa kapab an 2025. Sa ke anpil anseyan pa janm vle konsyan, elèv ki te la la Nan kòmansman 2000 yo se pa yok la Ankò. Dwe gen nouvèl metòd ki pou adapte avèk reyalite pa yo. Si non ap toujou gen gwo tansyon Nan mitan 2 pati sa yo olye de antant.
Moise Merise
Tout ayisyen gen rezo, epi Ayiti li menm gen tò.
Mwen sot manjew ti Bega la. Si tout bon se avèk vyann Chen li fèt, ebyn vyann Chen an sonw bon vyann wi timoun.
Letènèl ou mèt pran medam yo, remèt Nou zo kòt Nou.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Enec
Delmas
