ANN PALE
Information Formation Éducation
Mwen souvan tande ayisyen paréy mwen yo ap pale de revolusyon pandan ke yo pa menm konn sal vle di nou toujou ap di nap chavire sistém men nou pa janm atake tét sistém nan (boujwazi) se toujou ke a nou manyen (prezidan) nou pa ka ap goumen poun chavire yon sistém tandiske nap epanye la boujwazi lé manif yo nou pa atake magazen yo se toujou biznis ti malere ak maleréz ki fin pase kont mizé nan peyi blan nou piye nou boule.
Revolusyon pa dwe fét ak dé moun ki gen madanm ak pitit yo aletranje paske yo pap janm batay pou nou yo pa konn doulé pa ka peye lekol yo pa konn doulé pa ka peye kay yo pa konn doulé pa ka manje si nap fé yon revolusyon fok moun nap swiv yo ap viv menm sitiyasyon ak moun li di lap batay pou yo a tankou papa nasyon an Jean Jacques Dessalines
Si nap revolte
Ann revolte pou nou rejwenn magazen de leta asyeri nasyonal ann goumen pou nou rejwenn asko
Ann goumen pou nou rekanpe lame nou an pou dominiken sispann monte sou fontyé nou jan yo vle pandan yo menm yap bare nou pou nou pa antre lakay yo
Ann bay la polis plus jarét poul fé travay li paske c pa blan yo kap vin asire sekirite nou c ti nwé paréy nou ki pou fél
Ann fé révolusyon pou jén inivésité nou yo ak profesyonel nou gen valé nan je le mond pou yo sispann al ranmase twalét chyen pou yo sispann al keyi tomat kay blan
Sispann bay moun fé richés yo sou san nou
JOSEPH ANDERSON
Ann supòte travay la ak yon like pa neglije kòmante travay la nou sou YouTube Instagram Twitter
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Port-au-Prince Lalue
Port-au-Prince
