Katia Pepe
Nous vous apporterons des contenus divertissants prenant en compte votre état d'esprit.
15/01/2023
Bonjou pou nou tout!
M espere n ok. M pran tan pou m kòmanse bat bouch ak nou jan m te swete l la men m pa bliye pwomès la.
Nan fen lanne a m te gen chans diskite ak yon kòlèg sou esans nou kòm moun epi m vini tonbe sou kesyon sila a: Si w pa t medsen, enjenyè, agwonòm, kwafèz, kisa k t ap fè valè w kòm moun e ki t ap fè lòt moun toujou enterese ak ou?
Kesyon sa a te vini suit ak kèk konsta m te fè, gen moun ki pa ka pale w de yo san yo pa resite CV yo ba ou e se sa ase ondirè yo genyen.
E ou menm, Kisa w panse de kesyon sila a?🖕
01/01/2023
Bonjou pou nou tout!
M vle kwè nou fè tout sak depann de nou pou n anfòm e m kontan daprèzavwa Granmèt la pèmèt nou travèse lanne 2022 a ansanm e kounye a n ap djayi nan 2023.
Se yon gras, nou rekonesan pou sa e nou dwe plis rekonesan toujou pou zansèt nou yo kite goumen pou pèmèt nou lib e selebre jounen lendepandans nou jodi a nan yon kontèks ki vreman malouk.
Malgretou, sa pa dwe wete anyen nan karaktè espesyal jounen sila a ak lavi n kòm pèp. Moman yo pa dwe fè n janm minimize gwo bout tonton evènman sila a.
M swete n pataje jounen sa a nan yon kad ki pèmèt nou konsakre yon ti tan pou n medite sou listwa nou ak gwo bout tonton sakrifis zansèt nou yo te fè.
M pap rete, se fèt, men m te pase di nou m pa bliye pwomès lan. N ap gen pou n tanmen brase lide nan semèn sila a sou kèk sijè ki enpòtan e ou menm tou, w ap ka fè n pwopozisyon.
Bon jounen fèt lendepandans pou tout ayisyen alawonnbadè e bon kòmansman ane ak tout moun sou latè🥰🥰🥰🥰🤝🤝
28/12/2022
Bonjou pou nou tout!
M espere nou anfòm e sezon fèt la pèmèt nou repoze lespri nou ase pou n ka jwenn ase enèji pou n kontinye goumen.
Nou rete 3 jou ase pou 2022 a fini, m ap pwofite f on ti bat bouch ak nou sou nesesite pou n travay sou rèv nou yo.
Ou ka jwenn anpil eskiz pou w pa fè yon plan, men si w pata swete toujou ap gade w tankou yon pyebwa ki pa gen misyon deplase osnon tankou yon moun ki deprime paske l toujou ap viv rèv li anndan tèt li s on plan pou w fè.
Ou pa blije tanmen gwo, evalye resous ou genyen yo epi fonse.
Pa egzanp, ou ka swete yon gwo pwofesyonèl nan zafè evènman epi nanpwen mwayen pou w aprann li.
Si w tanmen ak plizyè seminè nan domèn lan sa ap mete w pi pre e tanmen egzèse. Sak pral devlope abilite w olye w tann men w plen pou w deplase al fè etid la.
Ou wè jan w santi w poko prè a, èske w konnen konbyen moun ki itilize tizwilit sa w panse w ye a pou l bay rèv li jarèt?
Èske rèv ou sete toujou sèvi echèl pou moun pase?
Wi, ou ka ede moun nan pwojè yo men w dwe travay sou pa w yo tou.
Kòmanse jodi a ak sa w estime ki mande mwens enèji ak mwayen pou reyalize yo, m swete w fè egzèsis la kounye a.
Satisfaksyon ak gou w pran lè w fin reyalize yo ap ba w konfyans pou w abòde sak pi gwo yo.
Pa bòykote pwojè w yo ak move enèji, soutni tèt ou paske w dwe premye fanatik ou pandan w dwe rete louvri pou tout remak ak konsèy k ap ede w grandi.
Priye, beni pwojè w yo chak jou pandan w ap mande BonDye voye moun sou wout ou ki pataje lide w yo yon mannyè pou ka ba w jarèt e elaji chan vizyon w.
Pa pèmèt ou tout foli si sa ka afekte plan w lan kounye a.
Pa pran okenn desizyon ki depaman ak plan w lan si se pa nan lide pou ede w reyalize l.
Fèt la mi, gen anpil gwo bwason ki dwe kontinye pèdi lavi yo, bon pla ki dwe kontinye manje e kado ki gen nen ki dwe kontinye bay.
Si Tonton nwèl pa siprann ou, souple kite rès ane a fini tou dousman, pa gaspiye ti rezèv ki nan grenye a epi pouse bourik ou.
Gen jou ki pi bèl k ap gen pou rive pou ou, lè sa a ou pap bezwen ret tann ane a fini pou w pran plezi e fè kè moun ou renmen yo kontan.
Viv ak disiplin epi fokis sou lesansyèl.
Veye sou sante mantal ou🥰
Bon jounen mèkredi ak Senyè a!
26/12/2022
Etre gracié pour conserver de l'oxygène malgré toutes les tempêtes qui nous sont imposées mérite d'être célébré toutes les minutes que le bon Dieu fait.
Ainsi, je vous invite, vous, héros de toutes les vicissitudes, à faire de cette saison des fêtes ou de simple vacances un moment inoubliable.
Créez des souvenirs avec modération, construisez sur des pierres en posant de bonnes actions qui marquent les esprits car le temps passe et nous nous envolons pour paraphraser le Paslmiste dans le verset 10 de Psaumes 90.
Soyez humains et perdurez cette humanité pour les années à venir, aspergez votre espace avec de l'amour, la bonne vibration et de l'énergie positive.
Protégez votre santé mentale jalousement et précieusement des personnes toxiques et dramatiques.
2023 ne sera pas meilleure si vous ne changez pas votre état d'esprit et ne vous disciplinez pas.
Belle journée du lundi et excellente dernière semaine de l'année🤝🤝🤝
Belle saison des fêtes à vous et beaucoup de soleil pour les coeurs endoloris🥳🥳🥳🌻🌻🌻🌻🥰🥰🥰🥰
Bonjou pou nou tout!
M espere nou anfòm e n byen reveye aprè bèl jounen boul la menmsi m pa fanatik, m suiv reyaksyon yo e m kontan nou rive jwenn yon bagay ki ede n apeze doulè n yo.
M ap remèsye nou chak kite reyaji swit ak mesaj m te pibliye sou paj mwen an ki pèmèt bb a kòmanse grandi, sa fè m plezi anpil🤗
Jan m te pwomèt li a, m ap kòmanse pataje kontni yo nan kòmansman mwa janvye a sDv.
Nap ka reyaji, pataje sa n konnen nan respè yonn pou lòt e n ap ka pwopoze n tèm nou ta swete m trete tou.
E si n ta gen yon moun nou konnen ki ka ede m nan yon sijè, nou gen dwa mete m an kontak ak li.
Jodi a se jounen entènasyonal dwa moun, m swete n pran ti tan pou n reflechi sou limyè dwa mete nan yon sosyete lè l respekte, sou enpòtans respè dwa yonn pou lòt genyen nan lavi an kominote.
Bon samdi ak Senyè a!
Pran swen tèt nou!
Tcheke sou sante mantal nou e sitou rete vivan🥰🥰🥰🌻🌻🌻🌻
Bonswa pou nou tout, presizeman 3 abone m yo!
M te pwomèt pou m kòmanse yon bat bouch jodi a, men akoz mondyal la m estime li pa apwopriye.
Pandan m ap kontinye envite lòt moun pou abone ak paj la, m ap mande n yon ti pasyans pou n ka byen demare aprè gwo evènman sila.
Mèsi anpil pou konpreyansyon nou. Pran swen tèt nou epi n ap rete an kontak.
25/11/2022
Bèl bonjou pou nou tout!
M espere nwit nou te ok e n byen tanmen jounen sila a ki louvri pòt pou wikenn lan rantre.
Janm te di l yè a, sou paj sila a w ap gen aksè ak kontni divètisan men k ap ede w mete fokis sou byennèt ou epi bouste rezèvwa emosyonèl ou pou w ka toujou rete tòf.
Tèks yo osnon mesaj yo pap pawòl levanjil, w ap gen dwa pou w entèraji ak nou nan kòmantè.
W ap ka pataje konesans ou ak rechèch ou fè sou sijè n ap trete yo paske nou yonn pa gen monopòl konesans, anplis nou tout se chèche n ap chèche pou n ka rann lavi pi senp.
Nou pap manyen tout koze, men lè n chwazi yon tematik n ap eseye trete l omaks.
Ou menm tou, ou ka pwopoze n yon tematik. Si n pa anmezi bat bouch sou li e konprann li byen, n ap kontakte yon moun nou panse ki gen limyè sou li pou ede w e ede n tou.
M panse se plis pase enpòtan anvan n demare pou n tabli règ jwèt la. Yon mannyè pou nou chak konn ki wòl nou e ki apò nou ka pote yonn pou lòt.
M ap kòmanse bat bouch la ofisyèlman lendi sDv ak yon sijè m panse k ap enterese nou tout.
Pandan n ap fè lespri n travay pou n konn kisa, m ap swete n bon wikenn.
Eseye fè tout sa kap pèmèt nou byen nan po n pou n ka rete djamm🤝
25/11/2022
Bienvenue sur Katia Pepe page mes chers abonnés!
C'est pour moi un plaisir de te préparer un espace assez spécial où nous pouvons causer sur des sujets assez intéressants qui auront pour incidence de solidifier notre état d'esprit et d'alimenter notre réservoir émotionnel.
Je n'ai pas une formation diplomante en la matière. Toutefois, je pense que si je me mets à creuser cela peut t'être d'une très grande utilité et par la même occasion, je peux assouvir ma soif intellectuelle.
Tout pour te dire que tu peux partager tes recherches, ta connaissance avec moi sans problème sur n'importe quel sujet en débat.
Je préconise le bilinguisme comme le préscrit notre loi-mère. Cependant, préséance sera octroyée à notre langue maternelle puisque c'est hyper coulant en créole😊
Alors, mets-toi à l'aise pour une très belle aventure.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
9, Rue Salem/Carrefour-feuilles
Port-au-Prince
HT6110
