Lubin Alexandre
vendre des produits et diffuser des videos
J’ai accepté 1 badge de fan de Roseline Louis Cius.
Avec Roseline Louis Cius – Je fais désormais partie de ses super fans !
Li pa posib pou òganize eleksyon ann Ayiti ak tout vag vyolans k ap simen sou popilasyon an, sof si gen kèk kondisyon kle ki reyalize tankou:
Sekirite obligatwa
San sekirite, pèp la pap ka vote, kandida pap ka mennen kanpay, epi obsèvatè pap ka travay.
Fòk Leta mete fen nan pouvwa gang yo oswa pran kontwòl zòn ki anba zam.
Volonte politik ak konfyans pèp la
Eleksyon dwe fèt nan transparans, san magouy, pou tout moun santi l ladan l.
Se pa jis fè eleksyon san kondisyon, se de preferans bay pèp la konfyans
ke vwa yo ap konte.
Sipò entènasyonal ak lojistik
Ayiti bezwen èd teknik, sekirite ak finansman pou òganize eleksyon yo.
Obsèvatè entènasyonal ka ede asire eleksyon an fèt san vyolasyon dwa moun.
Dyalòg ak konsansis nasyonal
Fòk tout aktè yo (pati politik, sosyete sivil, dyaspora) chita pale sou jan eleksyon dwe fèt.
Sa mande respè pou règleman klè epi kalandriye ki byen prepare.
Pou fini, Nap di Leta non, ou pa ka fè eleksyon nan dezòd, men Wi, si gen volonte, plan sekirite solid, ak yon konsansis nasyonal, se posib pou mete eleksyon sou pye.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
221 Avenue Magloire Ambroise
Port-au-Prince
6110
