Vibrasyon lanmou
Gerizon lanmou
17/01/2022
😏Pagen bagay ki rèd konsa non, pouw sere yon ti bagay pou mennaj ou. Ou paka dòmi pou tann li jou, pouw potel pouli.. epi konw parèt , ou balil.. li just gadew ak bagay lan anba pou moute tankou se on fatra.
Gen anpil moun kipa bay sa Mennaj yo ba yo enpòtans..paske sepa sa yo vle an yo jwen'n.
👉🏾 Map di nou sa, toujou Bay sa cheri an ba ou valè.. ouka ap tann milyon, men sise 5 gds lika ba ou, oudwe pranl ak kè kontan..
❌Pa gade sou zanmiw mennaj li te bay iPhone 12, lè fèt anivèsèl. Pouw pavle pran sachè kilòt sa bae ba ou an.
❌Pa gade sou zanmiw, mennaj li te bay gro parfum circuit, carbotine , Dolce gabbana... Pouwap meprize bèl Chemiz sa Mennaj ou ba ou an Frèm.
☑️Pafwa saw wèl ba ou an, se li sèl lika jwenn.. ligen volonte poul baw plis, men se jwenn li paka jwenn plis..😢
✅ aprann ankouraje efò moun..
✅Aprann bay jès moun valè.
Fanm sa ouwè kap resevwa machin nan, ou paka gade souli. Oupa konn ki mizè kokol ap pase.
Gason sa ouwè kap resevwa anvlòp kòb lan, ou paka gade souli.. oupakonn sil pa esklav seksyèl
Fanm sa ouwè kap resevwa Iphone12 lan. Ou paka gade souli, oupa konn konbyen kalòt telefòn📱 sa, pral fèl pran aprè.
Lòt patnèw Ouwè kap resevwa bèl moto sa, ou paka gade souli pouw refize mont Mennaj ou ba ou Frèm.. oupa konnen si moto sa papral fè misye moute le ciel pa do.
Fanm sa ouwè kap resevwa laptop sa, oupa konnen sise pa sèl jou sa menm lifon ti sourire Sèm
✔️lè ti malere, malerèz paw lan baw yon sirèt🍬. Oudwe pranl a Coeur. S'il le faut, sousel a 2 avèl👩❤️👨. Bo li, anbrasel, dil merci..
Mwayen tout nèg pa menm. brother depiw renmen a yon fanm., ou wè lap pousew al fè eksè pou bali saw pakapab.. kite fanm sa.
Kon yo flank ou nan prizon nan vòlè, lapral jwi lavil ak yon lòt nèg pandanw dèyè 4 miray.
👉🏾Pa rete ak moun ki renmenw pou Saw posede
👉🏾Pa rete ak moun kipa janm satisfè lèw bali..
👉🏾Pa rete ak moun kipa bay sakrifis ou enpòtans.
✅Yon moun ki renmenw , dwe pran lanbi an lè se lanbi an ki genyen. Men konsa tou lè se aransò an ki genyen, lidwe pranl ak kè kontan..
Ou menm Fanm , tem diw sa.👇🏽
Sispann gade sou sa zanmiw ap resevwa
Relasyonw pa relasyon zanmiw..
Tout gason se gason, men tout gason pagen menm mwayen.
👉🏾Sise ti bannann nan oujwenn, pranlll
👉🏾Sise ti krèm po a oujwenn. Pranll
👉🏾Sise ti Sirèt lan oujwenn. Pranl
👉🏾Sise ti telefòn bouton an oujwenn, Pranl
Nan pwen bagay bèl konsa, lèw pran ti jès bebew a Coeur..
Jodi a nèg la ka paka baw machin🚗
Men demain lika baw on apartment.🏬.
✔️Manje ti aransò a jou dimanch lan ak fyète
✔️Manje ti bonbon🍮 5$ jou anivèsèw lan ak fyète.
✔️Manje ti pòm🍎 nan ak fyète
✔️Pran ti wòb👗 lan, ti sachè kilòt lan ak fyète.
✔️Pran sachè kotèks lan ak fyète
✔️Pran gode s*k lan ak fyète
✔️Resevwa ti lettre📩 lan ak fyète
✔️Pran ti grenn Fleur li rache nan pye fleurs moun yo ak fyète.
🥰Fyè de moun ou.
🥰Fyè de sa moun ou ba ou.
🥰 An palan de sa mesye, nan pwen bagay ki bèl konsa non.. ou veye lè règ mennaj ou pral rive. Epiw achte on chasè kotèks byen. Vlope , ou pote pouli. Epiw di men pou bebe an.🥰.
07/05/2021
✅Nan chak relasyon, toujou gen yon sekrè.. kidwe rete la nan mitan nou.🙏🏽
✅Chak relasyon gen yon ti sekrè. Ki dwe ret sekrè.🙏🏽
Gen sekrè nou gen nan mitan nou, nou metel Deyò.. relasyon an ap Kraze..
Ouka toujou mande konsèy.
Ouka toujou fache ak bae.
Ouka toujou sou kite ak bae
Men gen sekrè relasyon an, pouw pajanm mete Deyò .
Gen Bagay ou konn de Mennaj ou, sa dwe rete antre nou.✅
Pafwa nou ka rekonsilye, epi Pandan nap byen pase. Epi sekrè kite pran lari an , vin kraze relasyon an.
Madan marye , Sispann rakonte madan Pastè, Dam misyonè tout koze de fwayew. Vi prive fwayew. Sekrè fwayew. Sekrè mariw.✅
Mesye marye, Sispann rakonte kòlèg travay yo vi prive fwaye an, sekrè fwaye an. Detay sou madanm ou ✅
Jèn fi, sispann al rakonte fanmiw , tout koze de relasyonw, tout sekrè Mennaj ou. Pafwa gen bèl ti pwojè mesye an gen avèw.. wal rakonte tout fanmi, epi kèk vye fanmi kipa vle wèw... Al fè tout mwayen epi yo kraze relasyon an.
Jèn gason, Sispann al rakonte Fanmiw tout detay de relasyon an, de Mennaj ou.. gen Bagay kidwe rete nan mitan nou.
Mesye tem di nou saaaa
👇🏾
Pafwa nou rann sè nou pa respekte madanm nou wi.
Pafwa se nou ki rann Manman nou pa respekte madanm nou wi.
Tèlman nou rakonte tout ti detay fi an.
Pafwa Fòw pwoteje fi an moncher.. gen ti sekrè kidwe rete antre nou
✅Ann gade sa ki dwe ret prive.. sevre Ouka zanmi ak Marenn maryaj lan anpiiil , men sepa tout Bagay pouw rakontel.
Medam tem di nou sa.
👇🏾
Pafwa se ou wi ki koz marenn nan pran Mesye an nan menw... Nan plede rakonte Marenn nan, men sa mesye an renmen. Men sa mesye a rayi..🙄... Nou seziii?.
Jèn fanm , gen zanmi wap rakontel tout baay de Mennaj ou. Se Mennaj ou gentan ap bay mennaj ou wi...
Jodi an Vibration lanmou ap di nou, ti sekrè ki nan mitan ou menm ak bae an.. kenbel tande.
Pafwa ou nan kont ak bae, ou tèlman pale tenten sou statuw... Menm Saw pat dwe di, ou gentan kòmanse di😕
Kom maturité nou ye menm?... Nou aji Tankou ti bébé...
Antouka Vibration lanmou pale pawòl lan jodi an.. siw pa tandem jodi an, lè pouw tandem nan. lap Gentan twò ta.
19/04/2021
😍RELASYON AMOUREZ
DEPIW EN COUPLE FÒW ATANN OU A NENPÒT NAN SAYO👇🏾
✅KRIYE
✅ DIFIKILTE
✅DOULÈ
✅ESPWA
✅ AGIMAN
✅JALOUZI
✅ PASYANS
✅PADON
✅ SAKRIFIS
✅ KÈ KONTAN
✅MOMAN FOLI.
✔️Kriye.
-Siw poko kriye Konnenw poko renmen. Depiw Renmen wap kriye.. Pafwaw kriye san rann kont.. pafwaw kriye nan chanm, nan douch , ou konn menm veye antèman pouw pwofite mete dlo atè... Pafwa ou kriye sepa mal bae fèw, men se paske oupral fè nwit lan oupa tandel.. telefòn ou dichaj... Sa souvan rive couple ki jèn yo.
✔️ Difikilte.
-Fanmi ap baw nèg, fanmi ap baw fanm.. zanmi ap bay koze, Legliz ap bay barikad.. moun ap di se moun sa m'renmen pou ou pito.. moun ap di kotew prale ak moun sa..
✔️ Doulè
-Pafwa oufè 1h de tan bò kote bae.. men ou santi 1h de tan sa pa menm vo 1 minit.. lè bae prale , franchman se kèw kap rache... Pafwa yo baw pinga pouw pa soti, franchman se kèw kap rache..
✔️Espwa.
-Si pagen espwa, pagen relasyon serye... Youn dwe espere youn ap marye ak lòt.. fòn konnen nou gen poun paran.. nou gen poun antre Legliz, nou gen pou nou al pataje yon sèl kay.. e youn ap gen Espwa ke youn pap janm twonpe lòt.
✔️ AGIMAN
-pagen yon relasyon serye, pou se yon sèl moun ki Roi oubyen Reine.. sal di , sesa.. ou ka di yon bagay epi bae pa dakò.. li baw agimanl, epiw bay agiman paw..
Relasyon se 2 moun kifèl...fò youn tande lòt.. fò youn kominike ak lòt.
✔️ Jalouzi
-Pafwa ouwè yon moun di Nice bbm anba yon fotol poste.. ou tou kouri al mennen envestigasyon sou Moun sa... Jalouzi an ap la otomatik depi gen Lanmou.. paske tout miel sansib pou siwo.
Men pa konfonn jalouzi ak raj.. gen moun sepa jalou yo jalou, se raj yo gen.. moun sayo touye Moun fasil.
✔️ Pasyans
-depiw pa nan pran moun tou pare.. se pasyans ki pou fè relasyon an ret soude.
✔️Padon
-Fòw aprann padonel lèw bal 5 appel oupat jwenn li.. pafwa telefòn nan te sou silans. Pafwa li te nan douch.. oupa bezwen al tire revanj..
Men nan padon an tou , sepa tout baay ki padonab.. m'papral plede diw padone yon nèg kap fann figiw ak kalòt... Bourik pa ret ak humain.. youn ap touye lòt
✔️ Sakrifis.
-ti mache a pye, ti dòmi nan mayengwen, ti sòti anba lapli vin pote yon bagay pouli.. ti kanpe nan solèy cho pou tann li. Youn dwe ka fè sakrifis pou lòt.
✔️ Kè kontan
- fòn fè plis tan ap souri ke tan fache.. fòn toujou mete gete sitou lènap pale..
✔️MOMAN FOLI.
-Pafwa wak bae Tankou 2 djèdjè. Nap ri san sans, nap fè jwèt. Nap pete, nap mòde, nap swe, nap fè tripòt, youn ap met ji nan bouch lòt ak bouch.
03/02/2021
https://youtu.be/U0xV07zk3e8
Oh gade yon vibrasyon lanmou sa pap vini tande koze
28/08/2020
Mesye yon ti konsèy avan nou domi......
Sonje pataje li ak zanmi nou , kolònn nou
EDE CHERIE A PAFWA
mesye nou gon mòd, nou panse fi a se bòn nou, sèl al travay epi chita tann manje, nou panse paske nap travay la, nou panse fi a dwe kraze kòl lisèl. Non non mesye aprann leve on jou pase mòp nan tout kay la, aprann leve epi gentan kouri al nan kwizin nan al prepare petit déjeuner a. Pafwa chita lave avèl, pafwa fòl leve epil jwenn ou ap lave kilòt li pou li. Pafwa lèl fin lave , ou menm ouka repase rad yo. Pafwa ouka menm edel met kotex sou li. Si nou poko marye pafwa lèwal lakay mennaj ou, ouka edel fè sal tap fè a.. Lap santil kontan. Lap santil byen akonpanye..
28/08/2020
Bonjour ou bonsoir
Msye mwen vini adresem ak nou maten an vini pote 10 konsèy pou nou ,li pataje bay yon zanmi kouzen ou kolònn ou .
Aprann sa yo ,yap bon pou avni nou demen .
1- si ou lekól ,konsantre sou etid ou ,menm si yo ap di ou papye a pa itil anyen.
2- ou termine etid ou,ou paka ale nan fakilte ?pa bay tèt ou traka zanmi m ,ou ka reyisi tèt ou ak yon metye manyel wi, konbyen doktè ,avoka,diplomat ou wè ki nan liste 10 moun ki gen kòb nan mond lan?
3-ou paka jènn gason ki ap prepare avni pou nan kòkòday ak kleren ,bwat de nwi,dròg ,tout programme.
4-aprann lite ak via ,mete granmoun sou ou , paseke ou mèt tande le mond ap evolye janl ka evolye ,gason ap toujou rete tèt fanmi.
5- sispann mete espwa sou byen manman ak papa ou.
6- konn ki zanmi ou ap fè,on nèg depil wè ou se jwèt bolèt li ap ofri ou ,si li pa chanje rale kò ou sou li,pa kite zanmi enfliyanse ou fè zanmi ki ap ede ou ak konsèy ,defwa yon konsèy vo pliske 1000 goudes yon moun tap ba ou .
7-bat pou yon gason de parol men pa on gason ak parol, bonjour ou dwe la verite si non ou ka pèdi chans ou nan vi sa.
8-fè projet ak tèt ou , aprann di nan 10 ans ankò ,kote ou ta vle ye,bati avni ou ,reve,bagay pou realize tout projet ou.
9-fanm hmmmmmm se grenn obstak kika fè ou fè gro bak nan vi ou ,si ou jènn ki poko menm reyisi viw ,ou lage ou nan fanm dwat a goch sou pretèks ou bon jènjan .lakay moun wap wè progrè ,fanm mande matirite pou antre nan fakilte sa .
10-pa Al nn marye ak okenn fanm pou tèt bote, bèl fòm,ran sosyal,men marye ak on fanm kika rann ou ere kika ede ou avanse pi devan.
Frèm , zanmim tout ti msye vibrasyon lanmou yo , kolònn mw, msye pran konsèy yo aplike yo pou avni nou demen.
Pa bliye pataje li lè finn li konsèy yo.
28/08/2020
Bonsoir
Medam jodia vibrasyon lanmou vini ba nou yon konsèy ki ap bon pou avni nou.
Li konsèy yo pataje li pou zanmi ou kouzinn ou kolònn ou.
Gen bagay ou fè nan lavi se pa pou nesesite ou fè yo.
Ou pran plezi ap mande jènn gason menm minit téléphone, yon grèf paka fè yon semenn nan tèt ou .
Chak moun ou ak li lòt ap fè sinn sou ou ,esplike ki jan de moun ou ye ,bonè ou se avni ou kenbe tèt nou.
Wap mâche fè tenten pou byen matériel e wap mande poukisa moun pa respekte ou,gen sitiasyon ou mete tèt ou piga ou di bon Dye bliye ou ,se ou ki fè moun kouri lwen ou.
Gen moun ki vle realize rèv ak ou fason ou fè tout gason pè ou .
Pa bliye pataje paj la ,anpil moun vle wè konsèy vibra lanmou vibre nan relasyon yo.
27/08/2020
Menm vibrasyon lanmou cheri🔥🔥🔥🔥
Li konsèy yo svp pataje ak lòt zanmi pou wè konsèy yo.
Gen sitiasyon ou ap viv nan yon relasyon si ou pè pran risk e reeseye ou fenk kare ap plenyen ,ou fenk kare viv mizerab.
Gen moun ou mete nan vi ou se problèm ou vinn miltipliye sitiasyon an se ou ki ap viv li sispann pale koze ou ak moun se ou pou rele sou kò ou pou retire kò ou kote ou ye la.
27/08/2020
Vibrasyon lanmou vini pou vibre papa........
Li konsèy yo pataje ak zanmi ou fanmi ou kolònn ou
Ou pa beswen yon moun ki pa fè pou yon bon relasyon ou jis beswen yon moun ki gen visyon ,yon moun ki konn sa li vle.ki gen yon objectif eh ki ap travay pou atènn ak objectif sa.
Yon moun ki ap ede ou atènn ak objectif pa ou sans li pa deranje objectif pa li yo.
Yon moun ki gen matirité ,ki pa vini pou jwe ki vini pou konstri .
Yon moun ki konnen ke li renmen avèk ou ki ap fè sakrifis pou relasyon an mache.
26/08/2020
Humm ala yon vibrasyon lanmou sa papa.....
Finn li konsèy yo pataje li pou plis moun ka wè konsèy vibrasyon lanmou pote san pati pri, vibrasyon lanmou pa nan zen.
ANPIL NAN NOU PAKA FÈ DIFERANS ANTRE PASYANS E PÈDI TAN.
-gen yon laj ou rive ou pa dwe nan pèdi tan ankò.
-gen yon laj ou rive fòk ou ka panse pozisyon mw ye la eske mw byen .
-anpil nan nou chita ap pèdi tan la ,eske se 5 ans 7 ans mariaj ak yon bag pran pòz menaj fidèl ki prale fè nèg sa fè vi ak ou .
-gen yon laj ou rive dwe panse eske nèg sa gen yon rèv pou mw.
- gen yon laj ou rive bèl poème pa dwe fè ou dous ankò paseke se pa jodia ou ap pran manti.
-gen yon laj ou rive se pa afiche a ki enpotan,li kapab poste ou sou tout rezo sosyo,li pa itil ou yon mèd ,paseke li pa pran ou pou anyen.
-gen yon laj ou rive ou dwe mete yon pren sou tèt i a,paseke fok tou konnen kote lanmou sa prale .
-gen yon laj ou rive fòk ou panse tout tan ou pèdi yo,pou gen konsyans pou aprann de erè ou yo,
-gen yon laj ou rive fòk ou panse pou netwaye ou de tout fatra ki nan vi ou ,sispann gaspiye vi ou nan seri de bagay ki pap abouti ou anyen .
-gen yon laj ou rive fòk ou ka panse eske se plase li ka plase avèk mw oubyen pa bon fanm pou li.
- gen yon laj ou rive ou sipoze analize moun ou genyen an ,pou li fè aksyon et gade pou wè si li pap pè pèdi ou ,jou wè ou chwazi pou kite li pa chanje li pap janm chanje.
- gen yon laj ou rive se dialòg ki an priorite,se pa chita ap fè bri pou moun ap asiste non.
-gen yon laj ou rive fòk ou sispann bay san ou pou moun ki pap bay menm dlo nan kòl pou ou.
26/08/2020
Ou ap kriye pou lanmou ak yon moun ki pa konn kòmn yo renmen
Sispann panse yon gason ka fè bonè nou pandan pa menm ba ou valè ou,Sispann gaspiye san nan kò ou pou moun ki pap pèdi yon ti dlo pou ou.
26/08/2020
Kote nou moun mw yo vibrasyon lanmou rive nan kay la .
Jodia nou vinn pale sou yon gro sijèt, lè nou finn li fè komantè e pataje li.
SISPANN KONPARE RELASYON NOU AK EX
Sispann konprann relasyon gen kounya ak yon relasyon ou te genyen avan.
Sispann chèchè madanm ou viv menm jan ak ex ou .
Oh ex mw te konn fè sesi sela pou mw poukisa ou pa fè li.
Pouki ou pa ak ex ou si te bon pou ou,se pa nn vi yon lòt moun ou tap ye si ex ou te bon.
Sispann konpare madanm ou ak moun ki pa menm konnen si ou egziste.
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.
Categoría
Página web
Dirección
Mexico City
