Rose SantePro

Rose SantePro

Compartir

Paj sa kreye pou ede nou fè prevansyon kont maladi e ede nou pran swen tèt nou.

15/04/2026

📍Èske ou janm mande tèt ou kijan yon grenn pou doulè “konnen” egzakteman kote ki fè ou mal?

➡️Reyalite a se ke grenn yo pa konnen kote doulè a ye…

➡️Lè yon moun pran li, grenn nan fonn nan lestomak la epi eleman li yo antre nan san an.

➡️Medikaman an gaye nan tout kò a, pa sèlman kote ki fè mal la.

➡️Donk… poukisa ou santi soulajman an egzakteman kote ki fè ou mal la?

➡️Paske kalite medikaman sa yo travay lè yo bloke sibstans chimik yo rele prostaglandin, ki patisipe nan pwosesis tankou enflamasyon ak doulè.

➡️Kòm prostaglandin yo ka aji nan plizyè pati nan kò a, medikaman an diminye efè yo an jeneral, men ou santi soulajman an plis kote ki gen doulè oswa enflamasyon an.

➡️An rezime: se pa paske grenn nan “konnen” kote ki fè ou mal, men li aji nan tout kò a, epi efè a santi plis kote ou bezwen li a.

09/04/2026

📍Anpil moun genyen li san yo pa menm konnen… men kisa sa vle di vrèman lè ou gen rezistans a ensilin?

➡️Rezistans a ensilin rive lè selil ou yo pa reyaji byen ankò ak òmòn sa a ki ede glikoz antre nan selil yo pou bay enèji.

➡️Nan lang senp:
kò a kontinye pwodui ensilin, men li pa itilize li jan li ta dwe.

➡️Se konsa, pankreyas la oblije travay plis pou pwodui plis ensilin.
Pandan yon tan, sa ka kenbe s*k nan san an nòmal…
men sa pa vle di tout bagay anfòm.

➡️Avèk tan, sa ka pa sifi ankò, epi pre-dyabèt oswa dyabèt tip 2 ka parèt.

➡️Poukisa sa rive?

Li pa soti nan yon sèl kòz.
Souvan li gen rapò ak:
• twòp grès nan kò a (sitou nan vant)
• mank aktivite fizik
• eritaj fanmi
• pwoblèm dòmi
• sendwòm ovè polikistik
• lòt chanjman nan metabolis la

➡️Èske gen siy?

Pafwa pa gen okenn siy klè.
Se poutèt sa anpil moun pa konnen yo genyen li.

➡️Men gen kèk siy ki ka parèt:
• tach nwa oswa po ki vin pi epè nan kou, anba bra oswa ranch
• trigliserid ki wo
• difikilte pou kontwole pwa
• glikoz ki kòmanse monte nan a**liz

➡️Sa ki enpòtan pou konprann:

Rezistans a ensilin pa yon bagay pou fè ou pè,
men li se yon siy ke metabolis ou pa ap mache byen.

➡️Bon nouvèl la:

Nan anpil ka, li ka amelyore ak bon abitid:
• manje pi byen
• fè egzèsis regilyèman
• kontwole pwa
• dòmi byen
• suiv doktè si sa nesesè

➡️Detekte li bonè enpòtan anpil.
Paske si ou pa pran swen li, risk pou devlope pre-dyabèt, dyabèt tip 2 ak pwoblèm kè ka ogmante.

07/04/2026

📍🧠 Estrès: lè lespri a afekte kò a

➡️ Anpil moun panse estrès se sèlman yon bagay mantal, men an reyalite li afekte kò a tou.
E li gen plis enpak pase nou panse.

➡️ Lè yon moun ap viv ak estrès konstan, kò a antre nan yon mòd alèt epi li lage òmòn tankou kortizòl ak adrenalin.
Pwoblèm nan se lè sa vin kwonik.

⚠️ Kijan estrès afekte kò a?

➡️ Estrès ka lakòz:
▪️ Kontraksyon nan misk (sitou nan kou ak do)
▪️ Maltèt
▪️ Briksis (krake dan)
▪️ Doulè nan kou
▪️ Doulè nan ren/do anba
▪️ Fatig konstan
▪️ Pwoblèm pou dòmi
▪️ Pwoblèm dijestif
▪️ Batman kè rapid (palpitasyon)
▪️ Anksyete
▪️ Tansyon wo

➡️ Se poutèt sa anpil moun konn di:
“Tout kò m ap fè m mal”
E souvan, estrès la se koz la.

🚨Poukisa sa rive?

Paske estrès kenbe misk yo nan tansyon tout tan, sitou nan:
🔸 Kou
🔸 Zepòl
🔸 Do
🔸 Machwè

➡️ Se tankou kò a toujou pare pou yon danje, e sa fini pa lakòz doulè ak enflamasyon.

🧘‍♂️ Kijan pou jere estrès?

➡️ Men kèk bagay ki ka ede anpil:
🔹 Fè aktivite fizik
🔹 Dòmi byen
🔹 Teknik respirasyon
🔹 Meditasyon oswa mindfulness
🔹 Diminye kafeyin
🔹 Pale ak yon moun
🔹 Sikoterapi
🔹 Pran ti poz pandan jounen an
🔹 Fè detire pou kou ak do
🔹 Fè aktivite ou renmen

➡️ Objektif la se pa elimine estrès (paske sa enposib), men aprann jere li.

🚨 Yon mesaj enpòtan:
Si ou gen doulè souvan nan kou, do oswa tèt, pafwa pwoblèm nan pa sèlman fizik — li ka emosyonèl tou.

➡️ Sante mantal ak sante fizik pa separe, yo mache ansanm.

Rose SantePro

07/04/2026

📍🤔 Èske w te konnen kansè nan lestomak ka devlope pandan plizyè ane san li pa bay sentòm klè?

➡️Kansè nan lestomak (oswa kansè gastrik) se yon maladi kote selil ki nan kouch enteryè lestomak la kòmanse grandi san kontwòl. Avèk tan, yo ka fòme timè epi menm gaye nan lòt pati nan kò a.

🔹 Poukisa li parèt?
Pa gen yon sèl koz, men gen plizyè faktè ki ogmante risk la:
• Enfeksyon pa Helicobacter pylori (youn nan prensipal yo)
• Gastrit kwonik
• Rejim alimantè ki rich an manje sale, fimen oswa trete
• Fimen
• Istwa fanmi
• Laj avanse

➡️Faktè sa yo ka domaje kouch lestomak la epi lakòz chanjman nan selil yo ki, ak tan, ka favorize devlopman kansè.

🔹 Ki sentòm li ka bay?
Nan premye etap yo, li ka pa bay okenn siy, men lè li avanse li ka lakòz:
• Doulè oswa malèz nan pati anlè vant lan
• Santi w plen vit lè w ap manje
• Pèdi pwa san rezon klè
• Nòz oswa vomisman
• Fatig
• Nan kèk ka, senyen nan sistèm dijestif

⚠️ Sentòm sa yo ka fasil konfonn ak pwoblèm dijestif nòmal, se poutèt sa dyagnostik la souvan pran reta.

🔹 Poukisa li enpòtan pou wè yon doktè?
Paske detekte li bonè ka fè yon gwo diferans nan tretman ak chans gerizon.
➡️Egzamen tankou andoskopi ka idantifye blesi bonè ki ka trete anvan kansè a avanse.

🔹 Èske li ka prevni?
Wi, gen mezi ki ka diminye risk la:
• Detekte epi trete Helicobacter pylori
• Manje plis fwi ak legim
• Evite fimen ak twòp alkòl
• Redui manje trete ak twòp sèl
• Konsilte doktè si sentòm yo pèsiste

👉 Koute kò ou enpòtan anpil: li ka voye siy ou pa dwe neglije.

⚠️ Sa a se yon pòs edikatif sèlman, li pa ranplase yon konsiltasyon medikal.

07/04/2026

😷 Poukisa kò ou pwodui flèm… epi kilè ou dwe enkyete w?

Malgre yo ka parèt dezagreyab, flèm yo gen yon wòl trè enpòtan nan kò ou.

🔹 Poukisa flèm yo pwodui?
Flèm (mikis respiratwa) se yon sibstans ke aparèy respiratwa a pwodui pou trape pousyè, bakteri, viris ak lòt patikil.
Yo fonksyone kòm yon sistèm defans ki pwoteje poumon yo ak pasaj respiratwa yo.

👉 Pwoblèm nan se pa egzistans yo… men lè yo ogmante oswa chanje.

🔹 Kilè li nòmal?
• Lè ou gen rim oswa enfeksyon lejè 🤧
• Lè gen chanjman nan klima
• Nan alèji
• Lè ou leve (akimilasyon pandan lannwit)

Nan ka sa yo, yo souvan klè oswa yon ti kras blanch epi yo pa dire lontan.

🔹 Kilè li PA nòmal? ⚠️
• Flèm vèt, jòn fonse oswa ki gen move sant
• Prezans san
• Tous ak flèm ki dire plis pase 2–3 semèn
• Difikilte pou respire
• Doulè nan pwatrin
• Lafyèv ki pa sispann

Sa ka endike enfeksyon ki pi grav tankou bwonchit, nemoni oswa lòt maladi respiratwa.

🔹 Kilè pou w al wè doktè?
• Si sentòm yo pa amelyore nan kèk jou
• Si flèm yo chanje koulè oswa konsistans
• Si ou gen gwo lafyèv oswa souf kout
• Si ou deja gen maladi respiratwa
• Si ou fimen oswa ou gen faktè risk

👉 Koute kò ou enpòtan anpil: flèm yo ka yon siy avètisman ou pa dwe neglije.

⚠️ Sa a se yon pòs edikatif sèlman, li pa ranplase konsiltasyon medikal.

02/04/2026
09/03/2026

26/02/2026

📍Rezistans a ensilin:
Kisa li ye?
Se lè selil yo pa reponn byen ak ensilin, kidonk glikoz rete plis nan san.

⚠️ Poukisa li rive?
• Twòp grès nan vant
• Pa fè ase egzèsis
• Manje ki gen anpil s*k ak manje trete
• Faktè jenetik
• SOPK(sendrom polikistik)
• Enflamasyon kwonik

🚨 Siy ki ka parèt
• Pran pwa nan vant
• Fatig apre manje
• Grangou souvan
• Po vin fonse nan kou oswa anbabra

🛑Kisa ki ede amelyore li?
• Fè egzèsis regilyèman
• Pèdi 5–10% pwa
• Manje plis fib ak pwoteyin
• Diminye s*k
• Dòmi byen, jere estrès

🛑Poukisa sa enpòtan?
Paske li ka mennen nan predyabèt, dyabèt tip 2, maladi kè ak fwa gra.

🍬 “maladi s*k ka amelyore lè ou chanje abitid ou.”

Se Dr Métellus.
Ki sijè ou ta renmen pwochen: dyabèt oswa predyabèt? 🤔

⚠️ Post sa a se pou edikasyon sèlman, li pa ranplase konsiltasyon medikal.

18/02/2026

📍An’n ti pale de filaman sebase.

🛑Kisa li ye menm?
Li se yon pati nòmal nan pò yo.
Li fèt ak sebo (lwil natirèl po a) ak selil mouri.
Travay li se ede lwil la soti pou pwoteje po a.

🛑 li vizib se le nou gen:
• Po gra
• pò laj
• Chanjman òmòn

🛑Poukisa li pa pwen nwa?
Pwen nwa se yon pò bouche ak akne.Li menm, li nòmal e li parèt ankò menm si yo retire li.

🛑Kijan pou diminye aparans li?
• Netwayaj dous
• Asid salisilik oswa retinoid (sou konsèy doktè)
• Pa peze yo twòp

🛑Dèrmatològ se espesyalis ki trete sa.

Sa se enfòmasyon medikal sèlman, li pa ranplase konsiltasyon.

18/02/2026

📍Ou tande pale de èpès jenital, men ou pa fin konprann li?

🌟Men yon ti eksplikasyon kout:

🛑 Kisa li ye?
Èpès jenital se yon enfeksyon seksyèlman transmisib (IST) ki koze pa viris èpès la (VHS-2, pafwa VHS-1).
Aprè premye enfeksyon an, viris la pa disparèt. Li rete “dòmi” nan nè yo epi li ka leve ankò.

🛑Kijan li transmèt?
• Rapò seksyèl (vajinal, a**l, oral)
• Kontak po ak po nan zòn jenital
• Menm lè pa gen blesi vizib

🛑Sentòm yo ka genyen:
• Ti anpoul oswa blesi ki fè mal
• Gratèl oswa boule
• Doulè lè w ap p**i
• Lafyèv nan premye kriz la

🛑Èske li gen gerizon?
Non. Men medikaman antiviral yo ede diminye doulè, dire kriz la, ak risk pou transmèt li.

🚨Si ou gen sentòm, ale wè doktè pou bon dyagnostik ak tretman.

Sante seksyèl se responsablite nou tout ✅

17/02/2026

📍Èske ou janm tande pale de èpès zòstè(ZONA)?

Mwen se Dr Métellus , e men sa ou dwe konnen ✅

🛑Èpès zòstè se yon enfeksyon viral ki bay yon gratèl ki fè mal anpil. Li ka parèt nenpòt kote sou kò a, men souvan li parèt tankou yon bann ti anpoul sou yon sèl bò (agoch oswa adwat) nan pwatrin oswa do.

🚨Èske li danjere?
Li pa yon maladi ki mete lavi an danje, men li ka fè anpil doulè.

🦠 Ki sa ki lakòz li?
Li koze pa viris varisèl-zòstè a, menm viris ki bay varisèl. Apre ou fin fè varisèl, viris la rete nan kò a epi li ka reaktive plizyè ane apre kòm èpès zòstè.

🛑Poukisa li enpòtan pou trete li bonè?
Tretman bonè ka diminye dire enfeksyon an epi redwi risk konplikasyon.

🛑Èske gen fason pou diminye risk la?
Wi, vaksen yo ka ede diminye risk pou devlope èpès zòstè.

🚨Konplikasyon ki pi komen
Neuralji pòs-èpètik se konplikasyon ki pi souvan. Se yon doulè ki ka kontinye lontan apre gratèl la disparèt.

¿Quieres que tu empresa sea el Salón De Belleza mas cotizado en Monterrey?
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.

Categoría

Página web

Dirección


Monterrey