Bèl T-Marabu
Ann pataje konsèy sou swen cheve, ou se on bèl marabou, kouwón ou dwe bèl e an sante!
11/26/2023
4 days left.. wap kite spesyal lan fini san ou pa order gam Marabu an?
11/24/2023
Sonje ke 20% off lan ap kontinye sou tout pwodui nou yo pou rive 30 Novanm.
Pase pran Gam paw la sou beltimarabu.com/shop
09/17/2023
Pandan timoun yo ap domi, ou oblije leve bonè pou travay.
Ou bezwen fè on chou byen ranmase? Marabu curly gel ap edew jere sa.. li pap kite residue nan chevew.
09/01/2023
Byenvini mwa Septanm.. Bèl T-Marabu, ane an manke 120 jou poul fini, pwojè saa ou poko reyalize pou ane an, ou gen tan toujou pou komansel.
09/01/2023
POST SA ON JAN LONG
Lontan lèw ti demwazèl wap grandi, kouw rive nan on laj, paranw achte on bwat TCB yo mèt nan tèt ou. Genyen paran ki konn tann ou rive nan segondè, konsa tou genyen ki mèt pèmanant pou pitit yo depi nan primè.
Lè konsa, ou ka konte sou dwèt ou konbyen elèv nan klas lan ki rete ak cheve grenn yo. A lepók se sak te alamód, se sak te nómal.
Lèw tande peryód lapli, ou oblije toujou mache ak on bone plastik nan valiz ou, pou foure nan tèt ou, pou cheve an pa mouye. Paske pèmanant lan pa mele ak dlo, si se pa lave wap lave chevew.
Mwen te komanse vin pa renmen pèmanant, se akoz koze boule an, lèw tandew boule nan pèmanant, tout cheve an kole nan po tet ou, peny paka pase ladann pandan konbyen jou.
Lè mwen vin fin lekól, vin komanse gen kèk enfliyansè sou rezo sosyal yo, ki vin ap ankouraje nou renmen cheve nou , ki vin ap fèn pran konsyans de efè negatif pèmanant lan gen sou sante. Li pat pran twóp tan pou van an te vire. On pakèt jenn fi te komanse retire pèmanant (mwen ladann tou).
Jounen jodya an, mwen ka di ke mouvman an te pote fwi, pèmanant preske pa vann anko. Wap wè plis pwodui disponib sou mache an pou edew pran swen tip cheve nou.
Mwen kontan, mwen kontan paskem pote on mak pwodui pou nou kap ede nou kontinye pran swen bèl cheve grenn nou yo.
Bonjou Bèl T-Marabu
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Website
Address
Florida City, FL

08/25/2023