Kore sante m

Kore sante m

Share

Kore sante m se yon platfòm ki la pou ede kominote ayisyen an nan jere sante yo.

05/14/2026

👩🏾‍⚕️💙 Jodi a, m chwazi rakonte nou youn nan istwa ki make lavi m pou toutan.

Lè m te nan 2ᵉ ane syans enfimyè, yo te vin anonse m papa m te malad grav anpil.
Se youn nan nouvèl ki te frape m plis, ni fizikman, ni emosyonèlman.

Sa te vin koz menm kou yo m pa te ka swiv tèlman sa te choke m. 😢
Finalman, yo te oblije rele m nan direksyon paske emosyonèlman m pa t anfòm ditou. Yo menm te di m mèt al repoze m.

Pandan tan sa a, m te megri anpil.
Yon jou, “coordonnatrice des études” la rele m epi li di m:
“Qu’est-ce qui ne va pas ma fille ? Tu maigris beaucoup.”

Pawòl sa yo te touche m anpil paske m wè gen moun ki te santi doulè m. 💔

Mwen ki te konn bay bon pèfòmans, mwen te vin ap gen plizyè nòt wouj. Konsantrasyon m te prèske disparèt.

Pwoblèm sa yo te kòmanse afekte rezilta m lekòl la tou.
Men direksyon an te konprann sitiyasyon m.

Yo te toujou ap dim pou m pa dekouraje, pou m pa kite ane lekòl la pèdi.

Se gras ak fanmi m, zanmi m, kamarad mwen yo ki te kenbe m, ankouraje m, pouse m avanse… paske verite a, m te vrèman dekouraje. 🤍

Ti kras pa ti kras, mwen te reprann fòs mwen…
Jiskaske m rive fini syans enfimyè a. 👩🏾‍⚕️✨

M te menm oblije kite entèna lekòl la pou m al rete deyò, jis pou m te ka fasilite manman m, sè m ak fanmi m ki t ap ede m yo.

Sa pa t fasil ditou, e gen anpil moman kote m te soufri anpil.

Istwa sa a fè m konprann tou ke menm moun ki fò yo, yo kapab vin febli emosyonèlman.
Gen kèk doulè moun ap pote an silans, e pafwa sa konn depase fòs yo. 😔

M aprann tou pou m pa janm jije yon moun twò vit.

Dèyè fatig, silans oswa chanjman konpòtman yon moun, ka gen yon gwo batay l ap mennen pou kont li. 💙

Men youn nan pi gwo leson m aprann nan istwa sa a se ke:
✨ Antouraj ou konte anpil nan s*ksè w.
Gen moun ki ka ede w leve lè lavi a prèske fè w pèdi espwa. 💙

Enfimyè Jovania Georges

05/12/2026

👩🏾‍⚕️💙 12 me : Jounen Entènasyonal Enfimyè yo 💙👨🏾‍⚕️

Chak ane, mond lan chwazi 12 me pou mete limyè sou travay enfimyè yo. Men an reyalite, devouman yo merite rekonesans chak jou. 🌍✨

Enfimyè yo pa sèlman bay medikaman oswa bay swen… yo konsole, yo sipòte, yo koute, yo batay pou sove lavi menm nan moman ki pi difisil yo. 🩺❤️

Yo se youn nan pi gwo poto mitan sistèm swen sante a, toujou prezan bò kote malad yo ak fanmi yo.

Dèyè anpil moun ki reprann fòs, ki geri, oswa ki jwenn espwa, gen travay, pasyans ak sakrifis yon enfimyè. 🙏🏾

Pandan anpil moun ap dòmi, gen enfimyè k ap veye malad.
Pandan kèk fanmi pèdi espwa, gen enfimyè k ap pote kouraj.

Travay sa a pa sèlman yon metye.
Se pasyans, sakrifis, lanmou ak fòs mental chak jou. ❤️‍🩹

Gen anpil fwa yo fatige, yo pa dòmi, yo bliye pwòp doulè pa yo… sèlman pou yo ka ede sove lavi lòt moun. 🙏🏾

Jodi a, nou salye tout enfimyè atravè mond lan, spesyalman sila yo k ap travay ak kouraj malgre tout difikilte. 💪🏾💙

🎉 Bòn fèt ak tout enfimyè yo!
Mèsi paske nou chwazi sèvi lavi chak jou. 🩺✨

👩🏾‍⚕️ Si w apresye travay yon enfimyè, kite yon 💙 oswa voye yon ti mesaj pou yo anba post la.

Enfimyè Jovania Georges

05/07/2026

👩🏾‍⚕️💙 W abitye gen doulè règ?
Men 6 bagay ou ka fè lakay ou pou ede soulaje doulè règ yo 👇🏾

1️⃣ ITILIZE CHALÈ 🔥
Mete yon bouyòt cho oswa yon sèvyèt cho anba vant ou.
Chalè a ap ede misk matris la detann yo, li amelyore s*kilasyon san an epi li diminye kontraksyon ki bay kranp yo.

📌 Sa ou ka fè :
• Bouyòt cho
• Beny cho

2️⃣ BOUJE MENM SI OU PA ANVI 🚶🏾‍♀️
Lè ou fè yon ti egzèsis, kò a libere andòfin, ki se kalman natirèl kò a.
Fanm ki mache oswa fè aktivite lejè souvan santi mwens doulè pandan règ yo.

📌 Eseye :
• Mache dousman
• Detire kò w
• Pratike Yoga lejè
• Fè ti mouvman ak basen an ( egzèsis )

⏰ 20–30 minit ka deja ede anpil.

3️⃣ PRAN MEDIKAMAN KI ADAPTE 💊
Doulè règ yo souvan soti nan kèk sibstans yo rele prostaglandin ki fè matris la kontrakte.

⚠️ Men li pi bon pou w pale ak yon pwofesyonèl sante avan ou pran kèk medikaman.

❗Atansyon :
• Pa pran yo ak lestomak vid
• Respekte dòz yo
• Evite yo si ou gen pwoblèm lestomak san konsèy medikal

4️⃣ BWÈ ASE DLO 💧
Bwè dlo ede diminye vant gonfle ak tèt fè mal ki ka vini pandan règ yo.
Lè kò a manke dlo, kranp yo ka vin pi mal.
🎯 Eseye bwè anviwon 1.5 a 2 lit dlo pa jou.

5️⃣ MANJE PI BYEN PANDAN RÈG OU 🥗🐟
Gen kèk manje ki ka ede diminye doulè yo.

✅ Manje pou privilejye :
• Pwason
• Fwi ak legim
• Nwa
• Manje ki rich an fib

❌ Limite :
• Twòp kafe
• Twòp s*k
• Manje ki trò sale

📌 Magnésium ak omega-3 yo ka ede diminye kranp ak enflamasyon yo.

6️⃣ DOMI AK REPOZE W ASE 😴
Lè ou pa byen dòmi, kò a vin pi sansib ak doulè.
Strès ak fatig kapab fè doulè règ yo vin pi fò toujou.

🛌 Bon repo ede kò a pi byen jere enflamasyon ak kontraksyon matris la.

⚠️ YON LÒT BAGAY KI TRÈ ENPÒTAN
Konsilte yon pwofesyonèl sante si :

❗Doulè a twò fò
❗Li anpeche w ale travay oswa lekòl
❗Règ yo koule anpil yo dire
❗Doulè yo ap vin pi mal ak tan

Paske pafwa gwo doulè règ ka kache yon pwoblèm tankou "Endométriose". 💙

Enfimyè Jovania Georges

04/26/2026

😷💔 Gonorrhée, yon enfeksyon moun ka pran nan fè bagay.

Gen moun ki panse tout bagay anfòm paske yo pa santi anyen… men pafwa kò a deja enfekte san ou pa menm remake sa. 😳

👉🏾 Gonorrhée se yon enfeksyon moun kapab pran sitou lè w fè bagay san pwoteje ak yon moun ki gen li.

📌 Men kijan ou ka enfekte:
-Lè w al fè bagay san kapòt (vajinal)
-Lè gen sèks nan bouch (oral) ak yon moun ki enfekte.
-Lè gen sèks nan dèyè (a**l) san pwoteksyon.

➡️ Se konsa li ka rive nan bouboun, nan pati gason, nan gòj, oswa nan dèyè, selon jan relasyon an fèt la.

⚠️ MEN KÒMAN LI KA PARÈT:

🔥 Lè w ap p**i, li bay yon "sensation brûlures"oswa p**i a fè w mal
💧 Ou ka wè yon likid k ap soti nan bouboun nan oswa nan tèt peni an (blan, jòn oswa vèt)
😖 Fanm nan ka santi doulè anba ti vant oswa pandan l' ap fè bagay.
🩸 Ka gen ti senyen an deyò règ yo
🍒 Gason an ka santi doulè oswa enflamasyon nan tèstikil yo.

🚨 MEN SA KI PI DANJERE: Gen anpil moun ki pa gen okenn siy ditou… men yo ka kontinye bay lòt moun enfeksyon an san yo pa konnen!!!

👉🏾 SI W NEGLIJE LI:
-Li ka lakòz pwoblèm pou fè pitit 😔
-Li ka monte nan matris oswa pwostat
-Li ka bay enfeksyon ki pi grav nan kò a

💡 KISA POU W FÈ:
✔️ Toujou itilize kapòt
✔️ Evite fè bagay ak plizyè patnè san pwoteksyon
✔️ Fè egzamen si w gen dout
✔️ Pran trètman vit si w remake nenpòt siy

💙 SANTE SE LAVI: Pwoteje tèt ou, pwoteje patnè w!
Pa wont pale de sante w.
Enfòmasyon + prevansyon se pi bon zam pou pwoteje tèt ou.

Enfimyè Jovania Georges

04/23/2026

👩🏾‍⚕️💙 7 verite sou lavi yon enfimyè anpil moun pa konnen

Paske gen bagay yo ap viv chak jou… yo pa janm di 😔

Dèyè blouz la, dèyè souri a…
gen fatig, gen presyon, ak doulè yo kache pou lòt moun ka jwenn fòs.

Men kèk verite enfimyè yo viv chak jou:
1️⃣ Yo konn kache fatig yo pou yo ka pran swen lòt moun.
2️⃣ Gen jou yo pa menm gen tan chita oswa manje byen.
3️⃣ Yo konn jere plizyè pasyan an menm tan, chak ak bezwen pa yo.
4️⃣ Yo oblije rete kalm menm lè sitiyasyon an difisil.
5️⃣ Yo konn tande istwa ki fè kè yo tris… men yo kontinye travay.
6️⃣ Gen moun yo ede ki pap janm bliye yo.
7️⃣ Menm lè li difisil, yo toujou ale travay chak jou paske yo renmen sa y ap fè a ❤️

📌 Se pa yon travay ki fasil… men chak jou, yo chwazi mete lavi lòt moun an premye.

Enfimyè Jovania Georges

04/22/2026

💢 5 gwo pwoblèm ki ka fè do w ap fè w mal 😖

Doulè nan do se yon bagay anpil moun konn genyen. Dèfwa li pa grav, li ka pase fasil… men gen lòt fwa li ka kache yon pwoblèm ki pi serye 😳

Ann gade kèk nan koz ki pi enpòtan yo 👇🏾

🔹 1. Pwoblèm disk nan do (erni diskal)
Nan mitan zo kolòn vètebral la, gen ti kousen yo rele disk, ki sèvi pou pwoteje zo yo. Lè youn nan disk sa yo glise oswa fann, li ka peze sou nè yo.

👉🏾 Sa ka bay:
• Gwo doulè nan anba do
• Doulè ki desann nan janm (tankou syatik)
• Pikotman oswa sansasyon kouran elektrik ⚡
• Pafwa feblès nan janm

Souvan sa rive aprè leve chay lou oswa fè yon move mouvman.

🔹 2. "Arthose Lombaire"
Se lè zo nan kolòn vètebral la vin fin itilize ak tan, swa ak laj oswa lè do a travay twòp. Ti kousen ki pwoteje zo yo vin diminye, konsa zo yo ka fwote youn ak lòt. Sa ka bay doulè, fè do a vin rèd, ak difikilte pou bouje. 😖

👉🏾 Sa ka bay:
• Doulè ki toujou la nan anba do a
• Do a rèd, sitou lè w fèk leve nan maten
• Doulè a vin pi bon lè w kòmanse bouje
• Men li ka retounen aprè efò oswa lè w kanpe lontan

🔹 3. Doulè miskilè (lombalgie)
Se sa ki rive pi souvan 👍🏾

👉🏾 Li ka soti nan:
• Move mouvman
• Leve bagay lou
• Move pozisyon (chita oswa panche lontan)

👉🏾 Sentòm yo:
• Doulè lokalize nan anba do
• Difikilte pou bese oswa leve
• Doulè a vin pi fò lè w ap bouje
Li souvan pa grav, epi li ka pase nan kèk jou ak repo.

🔹 4. Enfeksyon nan kolòn vètebral la ⚠️
Sa ra, men li grav.

👉🏾 Li ka bay:
• Doulè ki pa janm sispann, menm lè w repoze
• Lafyèv 🤒
• Gwo fatig
• Pafwa pèdi pwa

🚨 Sitiyasyon sa mande swen lopital rapid.

🔹 5. Maladi ren (tankou pyè nan ren)
Ren yo twouve yo nan anba do a, kidonk lè yo gen pwoblèm, ou ka santi doulè nan do.

👉🏾 Sa ka bay:
• Gwo doulè nan yon bò do a
• Doulè ki ka desann nan vant oswa pati entim nan
• "Brûlures" oswa doulè lè w ap p**i
• Pafwa san nan p**i
• Kè plen oswa vomisman.

Doulè pyè nan ren konn vini bridsoukou e li trè fò 😖

🚨 Kilè pou w al lopital rapid?
Al wè doktè vit si:
• Doulè a trè fò oswa li pa pase
• Ou gen lafyèv
• Ou santi feblès nan janm
• Ou gen pwoblèm pou p**i
• Doulè a leve w nan dòmi

💡 Pa neglije doulè nan do.
Pafwa li senp, men pafwa li ka yon siy kò w ap voye pou avèti w. ⚠️

Enfimyè Jovania Georges
,

04/18/2026

😂 Gen yon kesyon m toujou ap poze tèt mwen…

Poukisa gen anpil medam ki soufri, plenyen lè règ yo rive… 😩💔
Men depi yo pa wè li… tèt yo cho 😳😂

👉🏾 Ann mete bagay yo klè:
Gen règ pa yon bagay ki fasil ditou. Doulè, fatig, chanjman nan imè… se pa blag 😥
Men li enpòtan tou, paske li demontre w ke kò w ap fonksyone nòmalman 🩸✅

⚠️ Si règ ou pa vini oswa li chanje anpil, se yon siy pou w pran sa oserye epi konsilte.

💬 Mesaj la senp:
Pa inyore doulè règ yo… men pa neglije lè yo pa vini non plis 😉

Enfimyè Jovania Georges

04/13/2026

🌸 Depi lè yo fin mete Jadelle la pou mwen, mwen pa janm gen règ ankò. Èske sa nòmal? Kote san an pase?

Sa se yon kesyon anpil fanm poze.
Pa bezwen pè! 👉 Lè w gen implant (tankou
Jadelle), règ ou ka vin trè piti oswa menm sispann nèt, e sa pa danjere.

❓ Kisa Jadelle la ye?
Jadelle se de ti baton yo mete anba po nan bra w. Li pwoteje kont gwosès pandan 5 an.

❓ Poukisa pa gen règ?
Pou konprann sa, ann gade kijan yon fi fè gen règ: nòmalman chak mwa, matris la prepare pou yon gwosès. Kouch anndan matris la (andomèt) la vin pi epè, epi si pa gen gwosès, tisi sa a elimine atravè san kòm règ.

Lè w gen Jadelle la, li libere yon òmòn ki rele "levonorgestrel", ki se yon kalite progestatif (tankou progestérone natirèl nan kò a). Òmòn sa a fè 2 bagay:

✨ Fè glè nan kòl matris la vin pi epè pou bloke spèmatozoyid yo.
✨ Fè endomèt la vin mens, konsa li pa grandi ase pou gen tisi pou elimine.
Rezilta: Règ la ka pa parèt oswa vin trè piti.

💡 Pa gen san ki bloke andedan w vre. Matris la jis “an repo” paske li pa prepare chak mwa pou gwosès.

❓ E si mwen vle gen règ menm pandan m gen Jadelle?
Sa pa fasil paske òmòn nan kontwole kouch matris la.
Men kèk bagay pwofesyonèl yo ka fè:
🩺 Evalyasyon medikal – Pou tcheke si gen lòt rezon ki fè règ la pa vini, tankou maladi oswa chanjman òmòn.
💊 Sijere lòt metòd kontraseptif – Si règ regilye enpòtan pou ou, pwofesyonèl sante ka ede w chwazi yon metòd ki pèmèt sa.
⚠️ Bay medikaman pou jenere règ la– Nan kèk ka, pwofesyonèl yo ka preskri medikaman spesyal pou fè matris la prepare pou gen règ pandan w toujou gen Jadelle. Sa toujou fèt sèlman anba sipèvizyon medikal, pou sante ou pa riske.

💛💚💙 Chak fanm merite yon matènite enfòme!

🗣️ Kesyon pou ou:
E ou menm, fè eksperyans sa deja? Ki sa w te santi lè règ ou sispann ak Jadelle la ? Pataje nan kòmantè! 💬

Tèks: Enfimyè Jovania Georges

04/08/2026

⚠️ VEYE SA YO LÈ W AP ACHTE PWODWI POU CHEVE

​Anpil konpayi chanpou pa vle w konnen enfòmasyon sa yo, men sante cheve w depann de sa ki nan boutèy la. Men 6 engredyan ou dwe evite si w vle cheve w rete an sante, idrate, epi solid:

​1. ❎ Silfat (Sulfates)

​Sou etikèt la: Sodium Lauryl Sulfate (SLS) oswa Sodium Laureth Sulfate (SLES).

​Poukisa pou w evite l: Se yon detèjan ki fò anpil ( yo sèvi avè l nan savon ak likid pou veso tou ). Li retire tout lwil natirèl cheve a, sa ki rann li sèch, frajil, epi li fè koulè cheve a fane vit.

​2. ❎ Paraben (Parabens)

​Sou etikèt la: Methylparaben, Propylparaben, Butylparaben.

​Poukisa pou w evite l: Yo sèvi kòm konsèvatè, men yo ka antre nan kò a epi deranje sistèm òmonal ou. Yo souvan lakòz iritasyon nan po tèt tou.

​3. ❎ Silikon ( Silicones )

​Sou etikèt la: Dimethicone, Cyclomethicone, Amodimethicone.

​Poukisa pou w evite l: Yo bay yon bèl ekla "manti" pou yon ti tan. An reyalite, yo vlope cheve a ak yon kouch plastik ki anpeche imidite antre. Aprè yon tan, cheve a toufe epi li vin kase fasil.

​4. ❎ Alkòl ki seche ( Drying Alcohols )

​Sou etikèt la: Isopropyl Alcohol, Ethanol, Alcohol Denat.

​Atansyon: Pa konfonn yo ak "alkòl gra" (tankou Cetyl oswa Stearyl Alcohol) ki bon pou cheve. Alkòl ki seche yo vapore imidite cheve a vit anpil, sa ki rann li rèd tankou pay.

​5. ❎ Fòmaldeyid ( Formaldehyde )

​Sou etikèt la: DMDM Hydantoin, Diazolidinyl Urea, Quaternium-15.

​Poukisa pou w evite l: Yo rekonèt pwodwi sa yo kòm sibstans ki ka lakòz kansè ak alèji grav. Yo ka lakòz pèt cheve ak gratèl nan po tèt.

​6. ❎ Ftalat ( Phthalates )

​Sou etikèt la: Souvan kache dèyè mo "Fragrance" oswa "Parfum".
👉🏾 Poukisa pou w evite l: Yo ede pafen an dire, men yo ka afekte kapasite pou fè pitit epi yo polye anviwònman an.



​✅ KISA POU W CHWAZI PITO?

​Pou yon cheve ki an bòn sante (sitou cheve grenn oswa boukle), chèche pwodwi ki make:
​Sulfate-Free (San silfat)
​Paraben-Free (San paraben)

​Engredyan zanmi w: Aloe Vera, Lwil Koko, Bè Karite (Shea Butter), ak Gliserin vejetal.

​Ti konsèy: Toujou li lis engredyan ki dèyè boutèy la, pa sèlman fokis sou bèl reklam yo! 🌿✨

Enfimyè Jovania Georges

04/06/2026

🪳 Ou gen ravèt lakay ou? Fè atansyon… 😳👇🏾

Ou konn panse se jis yon ti ensèk ki sal kay la… men an reyalite, yo ka ka patisipe nan pwopagasyon lafyèv tifoyid 😷💔

👉🏾 Kisa maladi sa ye?
Lafyèv tifoyid se yon enfeksyon ki soti nan yon bakteri yo rele Salmonella Typhi. Li atake trip yo epi li ka vin grav si yo pa trete li alè.

👉🏾 Ki wòl ravèt yo ladan l?
Yo pa lakòz maladi a dirèkteman, men yo ka pote mikwòb la vin lage li sou manje 👇🏾

🔸 Yo mache nan egou, fatra ak lòt kote ki sal
🔸 Mikwòb kole sou pye ak kò yo
🔸 Yo ka menm vale mikwòb epi lage l ankò nan poupou yo

➡️ Lè yo vin poze sou manje oswa kote w ap prepare manje, yo ka kontamine li fasil 😬

👉🏾 Ki sa ki ogmante risk la?

❌ Ijyèn ki pa bon
❌ Manje ki pa byen pwoteje
❌ Anviwònman sal
❌ Prezans anpil ravèt

👉🏾 Kijan pou w pwoteje tèt ou 🛡️
✔️ Kenbe espas ou pwòp
✔️ Toujou kouvri manje yo
✔️ Lave men avan w manje
✔️ Kontwole ravèt yo
✔️ Bwè dlo ki pwòp

💡 Sonje sa:
Ravèt yo pa bay tifoyid dirèkteman… men yo ka fasilman pote mikwòb la vin mete li nan manje w 🍽️😷

👉🏾 Ijyèn se pwoteksyon! Pa neglije sa!!! 💙

Enfimyè Jovania Georges

Want your business to be the top-listed Beauty Salon in Miramar Beach?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Website

Address


Miramar Beach, FL
33023