Beauté peau noire
nou kreye paj saa poun edew Avek chevew pow extera
05/26/2021
Byenfè poud moringa genyen nan cheve nou.
Poud moringa sòti de fèy moringa seche yo transfòmel an poud.li genyen anpil enpòtans nan cheve ak kò nou.
💚Byenfè li genyen nan cheve:li aktive pouse cheve, kanpe chit cheve, li pèmèt San byn sikile nan po tèt la, li chaje ak vitamin tankou vitamin E, zen elatriye.
💚Itilizasyon:ou kapab fè te avèl, ou kapab ajoute l nan ji wap bwè, ou kapab fè mask avèl pou cheve, ou kapab fè losyon avèl pou cheve.
Èske w itilize moringa deja?
Pa bliye like pòs la Patajel👍
Bonjour tout le monde
10/02/2020
*Vinn aprann idantifye problèm cheve w genyen e ki fason ou kapab rezoud li*
:
:
🔆Lè nou gen yon pwoblèm , premye reflèks nou se chèche solisyon an; prensip sa aplikab pou cheve nou tou.
🌠 pral ede nou jwenn solisyon ak kèk ti pwoblem ke nou rankontre souvan ak cheve nou ki se: cheve sèk, difikilte pou penyen,cheve ki kase fasil e cheve ki gen ne ,fouch, e ki vrèman tèn.
:
:
👉🏻Lè cheve nou sèk, nou bezwen pou yo soup,dous epi pou yo idrate. Nan sans sa nou sipoze ba yo anpil idratasyon. Kèk pwodwi ki pote idratasyon : lalwa, gliserin, kèk nan poud ayivedik yo, idrola . Lè n ap achte prodwi toujou gade lis engredyan yo paske si cheve w bezwen idratasyon , prodwi a dwe gen 90 % dlo nan konpozisyon l.
👉🏻Lè cheve yo gen difikilte pou penyen,nou bezwen pou yo maleyab, elastik e disipline. Kòm solisyon, pa neglije etap rens lan nan woutin nou, fòk nou gen yon ekilib proteyin idratasyon . Pwodwi kap ede nou se vitamin E , kèk lwil vejetal tankou len ak tounsòl , E toujou itilize pwodui ki gen ph ant 4 ak 5.
👉🏻Lè cheve nou ap kase, yo san fòs , yo gen koulè oubyen ou te fèk retire pèmanant , yo gen ne,yo gen fouch . Kòm solisyon pa neglije swen pwoteyine , ou kapab itilize ,poud ayivedik yo ak aktif kosmetik yo .
👉🏻Lè cheve nou mou epi yo tèn , nou bezwen pou yo Briye, eklatan, lè yo konsa nou sipoze ba yo emolyan,lwil vejetal ak bè vejetal tankou ( bè karite, mang , murumuru,cacao)... Fè anpil ben dwil e toujou itilize bè vejetal yo nan tout swen wap fè , toujou sele idratasyon cheve w ak yon lwil ki fè cheve w byen .
💁🏽♀️Nou espere pòs sa te ede w , pataje avèk nou lòt pwoblèm cheve w ap rankontre nan seksyon kòmantè a epi pataje paj la pou plis moun ka wè 🔆🤗🤗🥰
09/17/2020
Hello koman ye ,ou te konnen avanw fè nempot swen an ou dwe konnen ki porosite chevew se trè inpòtan pouw konnen ki porosite chevew ki swen kw dwe fè pa wè yon mun fè yon swen pouw kori fèl se trè impotan siw pat ko janm fè tèx porositew la mkoseyew fèl
Kòman pou w fè tex la ...
Wap lave chevew epi cheve ki ret nan peny lan osinon ou pase menw nan chevew wp soti ak yn branch cheve kanmèm pram yun ubyn 2branch cheve lagel nan yon vè dlo si pandanw metel la li koule u wel rete anba vèa konnew sil ret anlè vèa u se sil ret nan mitan vèa u li trè impotan pou konn ki tip de chevew gnyn ki swen ki prale ak chevew🙏
09/07/2020
Bonswa koman nou ye 🥰🥰🥰
Jodia mvin pata ak nou yon ti swen kp pèmèt cheve nou yo bèl
soup e long.
* *
1 zaboka
3 ti kuiyè lwil oliv
🌹1 ti kuiyè lwil lay
🌹1 ze( jòn zea)
🌹1 ti kuiyè siwo myèl
* *
Retire pobzaboka a, mete l nan yon veso epi ajoute rès engredyan yo avèk yon fwe oswa yon fouchèt, bat tout bagay yo byen jiskaskew jwenn yon melanj omojèn.
*
Lejèman mouye cheve ak dlo tyèd , lè sa a aplike mask la nan tout cheve nou soti nan rasin rive nan pwent. Apre aplikasyon an, mete yon chapo benyen oswa yon sache plastik sou tèt ou, fèmen byen epi rete tann 45 mnt , apresa rense l. Aprè wa banm rezilta👌
Patajel pouyn lot ki gn problm ak chvel ka jwnn li li ka ede moun ki bò kote ou.
09/05/2020
Slt mes amours.
Jodia mw vin pale nou de "beurre de karité".
⭐"Beurre de karité"Li chaje ak vitamin tankou:Vitamin E ,A ,D ,F li gen asid_gra tou li pèmèt yon bòn idratasyon po ni cheve.
⭐"Beurre de karité" Se yon bè de reparasyon, li repare "pointes cheveux fouchues".Li bon moun ki gen po_sèk,moun lè moman fredi po yo gen tandans pete,li bon pou po_tibebe,moun bouche yo konn pete lè moman fredi, li bon poun fè bom_alèvre avèl.
⭐Siw bezwen konn kijan pouw itilize " beurre de karité"a swa pou cheve,po sèk,bom alèvre jis dim sa nan yon kòmantè.
Pa bliye like paj la pouw ka gen chans wè tout sa mw pibliye.
Mw renmen nou anpil anpil😘😘😘😘😘
09/05/2020
Slt medam kijan nou ye?
✨Mw vin di nou kijan nou dwe pran swen .
✨Nou dwe tèt nou oubyen nou yon bone .
✨pou moun ki paka dòmi ak bagay nan tèt yo,nou dwe itilize yon .
✨Lèw mare tèt ou,oubyen mete yon bone li edew kenbe swen ou fè pou li pèmèt gen yon bòn idratasyon,e proteje .
✨Lèw paka dòmi ak tèt mare ou dwe dòmi sou sak zòrye an saten,paske saten a pap absòbe swen ou fè pou cheve a .
Lòt sak zòrye yo ap absòbe swen an.
.
Pa bliye like paj la,pataje,kòmante, mw renmen nou anpil😘😘😘😘😘😘
09/02/2020
Bonswa tout moun , Mwen espere nou byen , jodi a nap kontinye pale de yon etap ki vrèman enpòtan nan woutin kapiyè nou . Kòm nou tout deja konnen, cheve natirèl sèk anpil , e pou nou ka konbat sechrès sa fòk nou idrate kò nou premyeman ( fòk nou bwè anpil dlo , anpil ji natirèl , manje anpil fwi) e aprè nou dwe idrate cheve nou .
:
:
💧💧Idratasyon se yon bagay ki endispansab pou òganism nou , San idratasyon nou pa ka viv .
Mo idratasyon a gen origin grèk( Hydros) ki vle di "dlo"
idratasyon se lè ou bay kò a dlo .( clike sou pòs enpòtans dlo a pou plis enfòmasyon).
:
:
🌼🌞Li enpòtan pou nou idrate cheve nou paske sa ap evite cheve nou kase e sa ap pèmèt yo fasil pou penyen .
Gen anpil metòd yo envante ke ou kapab aplike pou w idrate cheve w : gen metòd LOC , LCO , LO e plizyè lòt ankò ke pi devan nap detaye pi byen .
Pou idratasyon an ka dire fòk ou sele l ; sa vle di fòk ou ajoute yon prodwi ki gra pou dlo a pa evapore twò rapid e konsa idratasyon an ap dire plis , nap raple w lwil pa idrate , lwil la nouri .
🌼Kèk konsèy ou dwe konnen sou idratasyon cheve w
✅Toujou flite cheve w daprè nesesite yo , si yo pa sèk anpil ou ka idrate yo 1 fwa pa jou , si yo sèk anpil ou ka flite yo 3 fwa pa jou .
✅Lè Wap achte leave in , toujou tcheke sou konpozisyon yo , asire w ke prodwi a chaje ak anpil dlo , ke l gen gliserin , myèl ,e anpil lòt engredyan idratan.
✅Achte mask idratan oubyen fè mask idratan Lakay ou .
✅Toujou idrate cheve w Aprè lavaj , sa vrèman enpòtan pou plis idratasyon.
*
*
-Nou espere konsèy sa yo t itil ou , pa bliye mete yo an pratik . Pou plis enfòmasyon pa bliye pataje , like , envite zanmi w swiv paj la 😍😍
09/02/2020
BONSWA TT MOUN
Recette facile pou chevew poussé vit e bel
➡SAWAP BEZWEN ;
✅ Luil olive (1 ou 2 kuye)
✅ Sirop miel (1 kuye)
✅poud kanel (1 kuye)
➡ KOMAN POUW PRÉPARER
1- Chofe luil olive la tou piti,
2- nan yon bol prop melanje luil la ak sirop miel la, bien melanje. ..
Ensuite ajouté poudre kanel la. .
➡ KOMAN POUW APLIKEL
bien demele chevew, (pa janm bliye tj mouye chevew avan ou demelel.) Ensuite séparé yo epui aplikel nan rasin chevew. . Kouvril ak yon plastik pou 30 minut epui lavé chevew
✔✔LIKE PAJ LA, PARTAJEL, 😙😙 😍😍
08/31/2020
Bone saten pouw proteje chevew lew pral domi ,toujou fèsa menm kw prese sonje lp bn pou ou siw ta tjr renmen knbe cheve natirèl ou yo bèl e an bòn sante bone pa bliye ekri noumwn pouw pran bone paw la😍😍
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Telephone
Website
Address
New York, NY
11691
Opening Hours
| Monday | 9am - 10pm |
| Tuesday | 9am - 10pm |
| Wednesday | 10am - 5pm |
| Thursday | 9am - 10pm |
| Friday | 9am - 10pm |
| Saturday | 11am - 8pm |
| Sunday | 11am - 5pm |
