Ougan Enok+50935197860
Yobofè tout saw bezwen *50935197860
05/03/2026
Mwen pote lis fanmi Lwa yo ak kijan yo mache sou regleman yo pou nou jodia.
1. Lwa Rada
• Karaktè yo: Dou, trankil, benediksyon.
• Egzanp: Papa Legba, Loko, Ayizan, Dambala, Èzili Freda.
• Travay yo: Ouvè chemen, lonjevite, benediksyon, lapè.
• Lòd yo: Yo souvan antre an premye, paske yo louvri pòt.
• Balans yo: Yo pote kalm pou lòt lwa ki cho yo.
2. Lwa Petro
• Karaktè yo: Cho, rapid, batay, defans.
• Egzanp: Èzili Dantò, Kalfou, Ogou Feray, Marinèt.
• Travay yo: Jistis, goumen, kraze move zak.
• Lòd yo: Yo pa dwe antre san rezon, sof lè gen konba.
• Balans yo: Yo bezwen disiplin pou yo pa depase.
3. Lwa Ginen
• Karaktè yo: Ansyen, tradisyon, memwa, dlo ak zansèt.
• Egzanp: Lasirèn, Agwe, Gede Nibo.
• Travay yo: Mistè dlo, vizyon, sekrè, memwa fanmi.
• Lòd yo: Yo mache ak rasin fanmi'w, fòk yo jwenn respè.
• Balans yo: Yo pote pwofondè ak mistè.
4. Lwa Nago
• Karaktè yo: Fòs, disiplin, gè.
• Egzanp: Ogou Nago, Ogou Badagri.
• Travay yo: Bay fòs, direksyon, disiplin nan batay lavi.
• Lòd yo: Yo antre lè gen nesesite pou batay oubyen defans.
• Balans yo: Yo mete lòd, fòs ak estrikti.
5. Lwa Makaya
• Karaktè yo: Mistè fè nwa, maji, defans sekrè.
• Egzanp: Simbi Makaya, Bawon Kriminèl.
• Travay yo: Travay kache, majik, kraze lènmi.
• Lòd yo: Yo pa ka antre nan nenpòt sèvis, yo gen lwa ak regleman pa yo.
• Balans yo: Yo sèvi pou pwoteksyon nan moman difisil, men yo pa la pou chak jou.
6. Bitasyon ak tout lwa yo
• Lè yon moun gen bitasyon (lakou, tè, sosyete lwa), se vre li ka jwenn anpil fanmi lwa ki kanpe la. Men, yo pa janm sèvi tout ansanm: chak sou regleman pa yo.
• Sa ki pote balans lan, se fason ou mete chak fanmi nan plas yo:
• Ou ouvri ak Legba.
• Ou fè plas pou Rada.
• Lèw bezwen ranfò, ou rele Petro oswa Nago.
• Ginen kenbe rasin ak dlo.
• Makaya kenbe nan defans oswa travay sekrè.
▪Regleman pou evite latroublay!
1. Pa melanje lwa san respè pou lòd yo.
2. Pa rele tout ansanm. Chak gen jou, moman, sèvis pa yo.
3. Bitasyon se balans: ou ka genyen anpil lwa, men fòk ou konnen plas yo chak.
4. Badji ou se chenn ou: se li kap dirije kijan lwa yo plase nan ou.
NB: Ou ka jwenn tout fanmi lwa yo nan yon bitasyon, men se regleman, lòd ak balans ki fè yo mache ansanm.
Yon moun pa ka sèvi tout lwa lib konsa: se sa ki souvan pote ipokrizi ak latroublay. Men lè ou gen respè pou rasin fondamantal la, ou mete chak lwa nan plas li, lavi ou vin gen fòs ak direksyon.
Jean-Petro Ougan
+509 42 97 09 80
05/02/2026
+50942497664
revizyon sou sakreman mouchwa ak lòt materiel
just fè yon dlo beni nan yon gode emaye blan, mete sèl, vide Florida, lage bran bazilik ladann, pandan wap fèl limen yon balèn epi voye yon chante lwa wap bay mouchwa a oubyen materiel la, sèkèy madoulè, ponya, p*k, manchè, koulin, louch etc... prezante materiel la 4 fasad janm te montre nou an epi pran branch bazilik la rouzel materiel la ti cras pa ti kras sou pawòl paw. Lè yo di sou pawòl ou a sa vle di koze paw wap pale ak lwa a. egzanp: Ou kab di men mouchwa sa mwen prezante l ba ou tèl lwa, ou te mandem li, mwen se pitit ou, ou se pam mwen se paw mwen ba oul. Menmjan mwen tande w mwen reponn ak bezwen w mwen vle reponn ak bezwen pam pou nesesite pam isiba. Lèm nan pwoblèm mwen rale mouchwa sa ou supoze parèt pouw vin edem, nan maladi, nan bezwen, nan atak etc.. di tout rezon ou pansew pral itilize materiel la. epi that's it. pa okipe moun kap konplike laviw, diw fè ti kwa, ekri non lwa a etc.. granmoun lontan yo pat menm konn li menm ki kote yo te konn ekri non lwa nan mouchwa. Se si nan bitasyon paw la yo te konn abitye konplikel se ak sa lwa a abitye wap fèl konsa men depiw pale lwa a ap tandew. Sa se pou nouvo pitit platform nan, poum pa tande okenn moun ap plenyen di wi empereur a toujou ap pale de sal te fè dans le passé li pa panse ak nouvo venu yo. wi mwen panse avèw, wi mwen konnen gen moun ki pat la lèm tap fè kèk leson. se pou sa mwen toujou fè ti revision e ankouraje nou vizite platform nan1
05/01/2026
Gen de realité ki just twò bèl pou nou paske yo pa abitye pale nou de realité lavi lwa yo. Yo plus palew de realité lavi Jeovah, lap viv nan paradi, nan palè crystal etc.. Se prèske mwen sèlman ki pale de realité lavi lwa yo. Mwen pa bay manti, sa kap Viv nan raje tankou Marinette, Balyann etc.. mwen dil, sa kap Viv nan palè tankou Bossou, Clemersine, Freda, Dantor etc.. mwen dil. Sa kap Viv nan dife tankou, Damballah la flambeau etc.. mwen dil. sa ki viv nan ciel tankou Agawou mwen dil. C'est just que anpil moun pa atann de realité lwa yo. Wi genyen se nan gwòt nan twou roch yo rete , nan pye bwa etc... Gen rezon pou sa men se pa paske yo pa gen lajan. Lwa pa bezwen lajan poul posede, se just se pa konsa li sèvi. Se oumenm sou tè a ki bezwen lajan pouw fonksyone. Tankou Djab milyonè ki se limenm ke nou rele Senfransik la, nou poko rive sou gwo antite sayo. Se nan yon gwòt li rete men li ka fèw tèlman rich, se pou sa yo bal non djab milyonè paske pa gen limit pou li nan koze kòb tandiske li rete nan yon gwòt, nan yon twou ròch. Empereur e o k+509 42497664
04/27/2026
𝗞𝗶 𝗷𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗔𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻❜𝘄 𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝘃𝗲̀𝘄 𝗻𝗮𝗻 𝗱𝗼̀𝗺𝗶 🔥🌠☄️🪬 𝗺𝗶𝘀𝘁𝗶𝗸𝗺𝗮𝗻🤷 #𝘃𝗼𝗱𝗼𝘂𝗮𝘆𝗶𝘀𝘆𝗲𝗻
𝗞𝗶 𝗷𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝘄 𝗳𝗲̀ 𝗮𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻 𝗼𝘂 𝗽𝗮𝗹𝗲
𝗮𝘃𝗲̀ 𝘄 𝗻𝗮𝗻 𝗱𝗼̀𝗺𝗶
𝗡𝗮𝗻 𝘁𝗿𝗮𝗱𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘃𝗼𝗱𝗼𝘂 𝗮𝘆𝗶𝘀𝘆𝗲𝗻, 𝗰𝗵𝗮𝗸
𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗳𝗲̀𝘁 𝗮𝗸 𝘆𝗼𝗻 𝗮𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻. 𝗦𝗲 𝗹𝗶 𝗺𝗲𝗻𝗺
𝗸𝗶 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗯𝗮𝗿𝘆𝗲̀ 𝗹𝗮𝘃𝗶 𝘄, 𝗹𝗶 𝗸𝗮 𝘆𝗼𝗻 𝗹𝘄𝗮, 𝘆𝗼𝗻
𝘇𝗮𝗻𝗷, 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝘆𝗼𝗻 𝗲𝘀𝗽𝗿𝗶 𝗳𝗮𝗻𝗺𝗶 𝗸𝗶 𝗽𝗿𝗮𝗻
𝗺𝗶𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗴𝗶𝗱𝗲 𝗼𝘂. 𝗠𝗲𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗜 𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝘃𝗲̀
𝘄 𝗻𝗮𝗻 𝗿𝗲̀𝘃, 𝗳𝗼̀𝗸 𝗼𝘂 𝗽𝗿𝗲𝗽𝗮𝗿𝗲 𝘁𝗲̀𝘁 𝗼𝘂 𝗮𝗸
𝗹𝗲𝘀𝗽𝗿𝗶 𝗼𝘂, 𝗽𝗮𝘀𝗸𝗲 𝗿𝗲̀𝘃 𝘀𝗲 𝗽𝗼̀𝘁𝗮𝘆 𝗸𝗶 𝗹𝗼𝘂𝘃𝗿𝗶 𝗮𝗻𝘁
𝗺𝗼𝗻𝗱 𝘃𝗶𝘇𝗶𝗯 𝗮𝗸 𝗺𝗼𝗻𝗱 𝗲𝗻𝘃𝗶𝘇𝗶𝗯✓
𝗘𝘁𝗮𝗽 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗿𝗲𝗽𝗮𝗿𝗲 𝘁𝗲̀𝘁 𝗼𝘂
𝟭) 𝗣𝘂𝗿𝗶𝗳𝗶𝗸𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 🤔🌪️
𝗙𝗲̀ 𝘆𝗼𝗻 𝗯𝗲𝗻𝘆 𝘀𝗲𝗻𝗽 𝗮𝗸 𝗱𝗹𝗼 𝗽𝘄𝗼̀𝗽, 𝘀𝗲̀𝗹 𝗴𝘄𝗼
𝗴𝗿𝗲𝗻𝗻 𝗮𝗸 𝘁𝘄𝗮 𝗳𝗲̀𝘆 (𝗯𝗮𝘇𝗶𝗹𝗶𝗸, 𝗴𝘄𝗼 𝗱𝗷𝗼𝗻𝗱𝗷𝗼𝗻,
𝗼𝘀𝘄𝗮 𝗳𝗲̀𝘆 𝗸𝗮𝗰𝗵𝗶𝗺𝗮𝗻 𝘀𝗶 𝗼𝘂 𝗷𝘄𝗲𝗻𝗻).
𝗣𝗮𝗻𝗱𝗮𝗻 𝘄 𝗮𝗽 𝗯𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 𝗮𝗻, 𝗱𝗶:🤷👇
❞𝗠𝘄𝗲𝗻 𝗻𝗲𝘁𝘄𝗮𝘆𝗲 𝗸𝗼̀ 𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝗺𝘄𝗲𝗻
𝗻𝗲𝘁𝘄𝗮𝘆𝗲 𝗻𝗮𝗻𝗺 𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝗽𝗼𝘂 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗸𝗮𝗽𝗮𝗯
𝘁𝗮𝗻𝗱𝗲 𝗽𝗮𝘄𝗼̀𝗹 𝗼𝘂 𝗻𝗮𝗻 𝗱𝗼̀𝗺𝗶.❞
𝟮) 𝗢𝗳𝗿𝗮𝗻𝗻 𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀ 🫡🙋🤷
𝗠𝗲𝘁𝗲 𝘆𝗼𝗻 𝗯𝗼𝘂𝗷𝗶 𝗯𝗹𝗮𝗻 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝘆𝗼𝗻 𝗰𝗵𝗮𝗻𝗱𝗲𝗹
𝗯𝗼̀ 𝗸𝗮𝗯𝗮𝗻𝗻 𝗼𝘂 𝗮𝗻𝘃𝗮𝗻 𝗼𝘂 𝗱𝗼̀𝗺𝗶🔥🌠☄️✓
𝟯) 𝗣𝗿𝗲𝗽𝗮𝗿𝗮𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗹𝗲𝘀𝗽𝗿𝗶 🤷🙋🪬🌪️🤔
𝗖𝗵𝗶𝘁𝗮 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝗸𝗼𝘂𝗰𝗵𝗲 𝗮𝗸 𝗷𝗲 𝗳𝗲̀𝗺𝗲𝗻. 𝗥𝗲𝘀𝗽𝗶𝗿𝗲
𝗽𝘄𝗼𝗳𝗼𝗻𝗱𝗺𝗮𝗻 𝟳 𝗳𝘄𝗮.
𝗟𝗲̀ 𝗼𝘂 𝗳𝗶𝗻 𝗿𝗲𝘀𝗽𝗶𝗿𝗲, 𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝗸 𝗮𝗻𝗷𝗼𝘂:
❞𝗔𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻 𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝗜𝘄𝗮 𝗸𝗶 𝗺𝗮𝗰𝗵𝗲 𝗮𝘃𝗲̀
𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗼𝘂𝘃𝗲̀ 𝗽𝗼̀𝘁 𝗸𝗲̀ 𝗺𝘄𝗲𝗻. 𝗩𝗶𝗻
𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝘃𝗲̀ 𝗺 𝗻𝗮𝗻 𝗱𝗼̀𝗺𝗶, 𝗺𝗼𝗻𝘁𝗿𝗲 𝗺 𝗰𝗵𝗲𝗺𝗲𝗻
𝗺𝘄𝗲𝗻.❞
𝗣𝗿𝗶𝘆𝗲̀ 𝗽𝗼𝘂 𝗿𝗲𝘃𝗲𝗹𝗲 𝗮𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻 𝗼𝘂 𝗻𝗮𝗻 𝗿𝗲̀𝘃
❞𝗕𝗼𝗻𝗱𝘆𝗲 𝗣𝗮𝗽𝗮 𝗚𝗿𝗮𝗻𝗺𝗲̀𝘁, 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗿𝗲𝗹𝗲 𝗳𝗼̀𝘀
𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀ 𝗮.
𝗣𝗮𝗽𝗮 𝗟𝗲𝗴𝗯𝗮, 𝗼𝘂𝘃𝗿𝗶 𝗯𝗮𝗿𝘆𝗲̀ 𝗿𝗲̀𝘃 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗺
𝗸𝗮 𝘄𝗲̀.
𝗔𝗻𝗷 𝗴𝗮𝗱𝘆𝗲𝗻 𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝘇𝗮𝗻𝗷 𝗸𝗶 𝘃𝗲𝘆𝗲 𝘀𝗼𝘂 𝗻𝗮𝗻𝗺
𝗺𝘄𝗲𝗻, 𝘀𝗲 𝗻𝗮𝗻 𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀ 𝗼𝘂 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗰𝗵𝗮𝗰𝗵𝗲 𝗿𝗲𝗽𝗼𝘇𝗲,
𝘃𝗶𝗻 𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝘃𝗲̀ 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗻𝗮𝗻 𝘃𝗶𝘇𝘆𝗼𝗻, 𝗳𝗲̀ 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝘄𝗲̀ 𝗸𝗶𝘆𝗲̀𝘀 𝗼𝘂 𝘆𝗲, 𝗸𝗶 𝗺𝗲𝘀𝗮𝗷 𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗺𝘄𝗲𝗻
𝗘̀𝘇𝗶𝗹𝗶 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗹𝗮𝗻𝗺𝗼𝘂,
𝗢𝗴𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗳𝗼̀𝘀,
𝗗𝗮𝗺𝗯𝗮𝗹𝗹𝗮𝗵 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗹𝗮𝘀𝗮𝗷𝗲̀𝘀,
𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗿𝗲𝗹𝗲 𝘀𝗲̀𝗹𝗺𝗮𝗻 𝘀𝗮 𝗸𝗶 𝘀𝗼𝘁𝗶 𝗻𝗮𝗻 𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀.
𝗡𝗮𝗻 𝗻𝗼𝗻 𝗹𝗮𝘃𝗶, 𝗻𝗮𝗻 𝗻𝗼𝗻 𝗹𝗮𝗻𝗺𝗼𝘂, 𝗻𝗮𝗻 𝗻𝗼𝗻 𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀,
𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗲𝗻𝘃𝗶𝘁𝗲 𝗼𝘂 𝗮𝗻𝘁𝗿𝗲 𝗻𝗮𝗻 𝗿𝗲̀𝘃 𝗺𝘄𝗲𝗻,
𝗽𝗼𝘂 𝗴𝗶𝗱 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗸𝗮𝗽𝗮𝗯 𝗿𝗲𝘃𝗲𝗹𝗲 𝗱𝗲𝘃𝗮𝗻 𝗷𝗲 𝗺𝘄𝗲𝗻.
𝗔𝘀𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝘁𝗮𝗻𝗱𝗲, 𝗮𝘀𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗺𝘄𝗲𝗻 𝗸𝗼𝗻𝗽𝗿𝗮𝗻𝗻.❞🙋
𝗞𝗶𝘀𝗮 𝗽𝗼𝘂 𝗮𝘁𝗮𝗻𝗻 𝗻𝗮𝗻 𝗿𝗲̀𝘃 𝘆𝗼❓🤔🪬🤷
𝗢𝘂 𝗸𝗮 𝘄𝗲̀ 𝘆𝗼𝗻 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗼𝘂 𝗽𝗮 𝗸𝗼𝗻𝗻𝗲𝗻 𝗸𝗶 𝘃𝗶𝗻
𝗽𝗮𝗹𝗲 𝗮𝘃𝗲̀ 𝘄.
𝗢𝘂 𝗸𝗮 𝘄𝗲̀ 𝘀𝗲𝗻𝗯𝗼̀𝗹: 𝘆𝗼𝗻 𝗸𝗼𝘂𝗹𝗲̀, 𝘆𝗼𝗻 𝘇𝘄𝗮𝘇𝗼,
𝘆𝗼𝗻 𝗰𝗵𝘄𝗮𝗹, 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝘆𝗼𝗻 𝗯𝗮𝗴𝗮𝘆 𝗸𝗶 𝗿𝗲𝗽𝗲𝘁𝗲.
𝗢𝘂 𝗸𝗮 𝗿𝗲𝘃𝗲 𝗮𝗸 𝘆𝗼𝗻 𝗜𝘄𝗮 𝗲𝘀𝗽𝗲𝘀𝗶𝗳𝗶𝗸 (𝘁𝗮𝗻𝗸𝗼𝘂
𝗢𝗴𝗼𝘂, 𝗘̀𝘇𝗶𝗹𝗶, 𝗚𝗲𝗱𝗲, 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝗔𝘆𝗶𝘇𝗮𝗻).
𝗡𝗮𝗻 𝗸𝗲̀𝗸 𝗸𝗮, 𝗼𝘂 𝗸𝗮 𝗿𝗲𝘃𝗲 𝗮𝗸 𝘆𝗼𝗻 𝗳𝗮𝗻𝗺𝗶 𝗸𝗶
𝗺𝗼𝘂𝗿𝗶 𝗸𝗶 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗺𝗲𝘀𝗮𝗷🤔🤷
𝗥𝗲𝗺𝗮𝗸 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻𝗲̀𝗹
𝗣𝗮 𝗷𝗮𝗻𝗺 𝗳𝗲̀ 𝘀𝗮 𝗮𝗸 𝗺𝗼𝘃𝗲 𝗸𝗲̀ 𝗼𝘀𝘄𝗮 𝗮𝘃𝗲̀𝘁𝗶 (𝗽𝗮
𝗲𝘀𝗲𝘆𝗲 𝗳𝗼̀𝘀𝗲)🤷🤔🪬🌪️
𝗧𝗼𝘂𝗷𝗼𝘂 𝗲𝗻𝘃𝗼𝗸𝗲 𝘀𝗲̀𝗹𝗺𝗮𝗻 𝗹𝗶𝗺𝘆𝗲̀ 𝗮𝗸 𝗽𝘄𝗼𝘁𝗲𝗸𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗕𝗼𝗻𝗱𝘆𝗲 𝗽𝗼𝘂 𝗲𝘃𝗶𝘁𝗲 𝗿𝗲̀𝘃 𝗸𝗶 𝗽𝗼𝘁𝗲 𝗰𝗵𝗮𝘆 𝗺𝗼𝘃𝗲.
𝗘𝗽𝗶 𝘁𝗼𝘂𝗷𝗼𝘂 𝗲𝗸𝗿𝗶 𝗿𝗲̀𝘃 𝗼𝘂 𝗹𝗲̀ 𝗼𝘂 𝗹𝗲𝘃𝗲: 𝗻𝗼𝗻,
𝘀𝗲𝗻𝗯𝗼̀𝗹, 𝗽𝗮𝘄𝗼̀𝗹 𝗼𝘂 𝘁𝗮𝗻𝗱𝗲, 𝗸𝗼𝘂𝗹𝗲̀ 𝗼𝘂 𝘄𝗲̀.
𝗣𝗮𝘀𝗸𝗲 𝘀𝗲 𝗸𝗼𝗻𝘀𝗮 𝗼𝘂 𝗿𝗮𝘀𝗮𝗻𝗯𝗹𝗲 𝗺𝗲𝘀𝗮𝗷 𝘆𝗼.
𝗣𝗮 𝗯𝗹𝗶𝘆𝗲 𝗲𝗸𝗿𝗶 𝗻𝗼𝘂 𝗽𝗼𝘂 𝗟𝗶𝘃 𝗠𝗶𝘀𝘁𝗶𝗸 𝗹𝗮 𝗸𝗶 𝗱𝗶𝘀𝗽𝗼 𝘀𝗶𝘄 𝗿𝗲𝗻𝗺𝗲𝗻 𝗸𝗼𝗻𝘁𝗻𝗶 𝘀𝗮 𝘆𝗼🙋🪬☄️✅
𝗣𝗮 𝗯𝗹𝗶𝘆𝗲 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼𝗸 𝗯𝗮𝘆 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗸𝗶 𝘁𝗼𝘂𝗷𝗼𝘂 𝗮𝗽𝗿𝗲𝘀𝘆𝗲 𝗸𝗼𝗻𝘁𝗻𝗶 𝘆𝗼 𝗮𝗸𝘀𝗲̀ 𝗽𝗼𝘂 𝘃𝗼𝘆𝗲 𝗲́𝘁𝗼𝗶𝗹𝗲𝘀 🌟 𝗮𝗻𝗯𝗮 𝗽𝗼𝘀𝘁 𝗻𝗼𝘂 𝘆𝗼 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗹𝗶𝘀 𝗮𝗻𝗸𝗼𝘂𝗿𝗮𝗷𝗺𝗮𝗻 𝗺𝗲̀𝘀𝗶 𝗮𝗸 𝗼𝘂 𝗺𝗲𝗻𝗺 𝗸𝗶 𝗸𝗼𝗺𝗮𝗻𝘁𝗲̀ 𝗰𝗵𝗮𝗸 𝗽𝗼𝘀𝘁 𝗻𝗼𝘂 𝗹𝗮𝗴𝗲 🙋🔥🌠
+509 42497664
04/27/2026
Freda se lwa la jeunesse
se yon jeune fille menmjan avèw ki konn bezwen jenn gason ak jenn fanm. Anpil moun pa konnen ak ki antite pou yo adrese yo nan chak sikonstans. Ou se yon jeune fille laj ap monter sou tèt ou, ou poko janm ka jwenn moun paw la. Moun vin koze avèw men se pa yomenm kèw vle. Konsa kèw gendwa vle moun nan men ou pa wè yon avni avèl. Se bay Freda pou nou pote pwoblèm sayo. Ou se yon jeune fille paranw pakab ou bezwen yon moun sou chemen w ki ka edew ak etud ou, ou paka abiye byen ou paka mete frechè sou ou antanke jeune fille jeune gason, se Freda ki konprann jan de pwoblèm sayo. Se Freda ki jenn fanm, nou renmen pote tout pwoblèm yo nèt bay Dantor tandiske se Freda ki ka reponn ak bezwen w antanke jeune fille. Dantor gen manman pitit kap plenyen ba li pitit li nan grangou, li plus focus sou pwoblèm sayo. Se Freda ki konnen yon jeune dwe byen abiye, yon jeune fille dwe santi bon, yon jeune fille dwe gen tout akseswa ke yon jeune fille bezwen. Fòk ou gen lajan pouw poudre, pouw makiye, pouw mete bijou, pouw santi bon, pouw pran swen po w. pwoblèm sayo se bay Freda pouw remèt yo+50942497664
04/27/2026
Mwen bezwen 7 moun privem siw pa wè anyen lavia dwol pou ou aprè prév wap peye lakoua +50942497664
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Website
Address
New York, NY
