LAVIL OKAN
Paj sa fe yon paj vodou ki la pou fòme sou kilti Nou
Bon MAKAYA tout moun!
Kisa MAKAYA vle di ?
MAKAYA vle di tout fey oubyen plizyè fey.
KAYA vle di yon sèl fèy.
Peryòd sa sòt nan 21 desanm pou rive 6 janvye .
Se soltis ivè
Se moman pou nou benyen ak fey epi bwè te ak fè boutèy tchetchemanga ak fey rasin ekòs nou tal pran nan granbwa sou regleman.
Sispans di jwaye nwèl ak bòn ane
Di Bon MAKAYA .
Si koulèv ki Nan Jenèz 3 se satan.
E baton Moyiz Nan egzòd 7 vèsè 12 la?
E koulèv an eren an ki Nan Jan 3 vèsè 14-15 lan?
Eske se de satan jezi ap pale Nan Matye 10:16 la lè lindi se Pou nou pridan tankou koulèv?
Poukisa pa gen moun ki Ka di kiyès kite fonde vodou,ki dat Li fonde epi ki kite?
Malgre tout sa moun ki kont Ayiti yo ,moun kap fè travay kolon yo ,mount kite debwaze peyi a Pou chèche DJAB di men yo pa Ka pwouve ke vodou pa kòmansman ak lafen.
Depi Nan jaden an se DAMBALLAH kite bay Aden ak Eve sekrè a epi Bondye konfinel an Nan jenèz 3:22" voici l'homme est devenu comme l'un de nous pour la connaissance su bien et du mal". Poutan legliz di Nou se manti koulèv la te bay moun sa yo.
Viv Vodou a!
08/07/2023
Aprann valè istwa w Pou konn sa w vo kom pèp ki fè kado libète Nan monde lan.
AYIBOBO NÒDWÈS,
AYIBOBO AYITI,
AYIBOBO SENLWI DINÒ DEGRANJ!
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Website
Address
1721 Sage Creek Court
Orlando, FL
32824
